39 Bible Verses About Seasons
Bib Sen An (BSA)
-
1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
5 Yon tan pou voye wòch
e yon tan pou ranmase wòch;
yon tan pou anbrase
e yon tan pou evite anbrase.
6 Yon tan pou chache
e yon tan pou pèdi.
Yon tan pou konsève,
e yon tan pou jete.
7 Yon tan pou chire
e yon tan pou koude;
yon tan pou rete an silans
e yon tan pou pale.
8 Yon tan pou fè lanmou
e yon tan pou rayisman;
yon tan pou fè lagè
e yon tan pou fè lapè.
-
20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”
-
20 Daniel te di:
“Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,
paske sajès ak pouvwa se pou Li.
21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.
Li retire wa e Li etabli wa.
Li bay sajès a moun saj yo,
e konesans a moun ki gen bon konprann.
-
11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
-
6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.
-
14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon.
-
14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.
Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15 Moman mwen yo nan men Ou.
Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,
avèk sila ki pèsekite mwen yo.
16 Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.
Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
-
19 Li te fè lalin nan pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
-
32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.
-
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
-
Liv I
1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
-
16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.
Ou te prepare limyè a avèk solèy la.
17 Ou te etabli tout lizyè latè yo.
Ou te fè sezon ete ak sezon livè.
-
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
-
11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,
lapli fin pati nèt.
12 Flè yo deja parèt nan peyi a;
tan chante a fin rive!
Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
13 Fwi pye fig etranje a fin mi,
e chan rezen yo bay odè pafen.
Leve vini, annou pati!”
-
4 “‘Sa yo se lè fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo. 5 Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a. 6 Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven. 7 Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di. 8 Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
-
10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
-
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;
-
2 Paske Li di:
“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
-
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
-
1 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen.
Anplis, li sove ale kon lonbraj.
Li pa dire.
3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li
pou mennen li an jijman avèk Ou?
4 Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp?
Pèsòn!
5 Konsi fòs jou li yo avèk Ou,
fòs mwa li yo avèk Ou.
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
6 Retire zye Ou sou li pou l kab pran repo,
jiskaske li kab konplete jou li yo,
kon yon ouvriye jounalye.
-
24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
25 “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou.
-
26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon.
-
25 Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.
-
21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.
-
5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.
-
13 “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14 ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil.
-
4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
-
6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
-
40 “Akoz sa, lè mèt tèren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”
41 Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
-
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
1 Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, 2 men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a.
-
8 Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.
-
7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
Shows Read in context, Share and Copy.