32 Bible Verses About Winter

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Winter
  1. 5 Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a.

    L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.

    6 Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’,

    e a inondasyon lapli a, Li di:

    ‘Kontinye tonbe fò’.

    7 Li sele men a chak òm,

    pou tout moun kab konnen zèv Li yo.

    8 Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yo

    e rete lakay yo.

    9 Men sòti nan sid, tanpèt la parèt

    e nan nò, fredi a.

    10 Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt,

    e sifas dlo yo vin glasi.

    11 Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou;

    Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.

    12 Li chanje; Li gide l vire tounen

    pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.

    13 Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an,

    oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.

  2. 16 Lave nou pou nou vin pwòp;

    retire zak malonèt nou yo devan zye M.

    Sispann fè mechanste.

    17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

    18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:

    “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;

    malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.

  3. 12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!

    Louwe Bondye ou a, O Sion!

    13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;

    Li te beni fis ou yo anndan w.

    14 Li fè lapè anndan lizyè ou yo.

    Li satisfè ou ak meyè kalite ble.

    15 Li voye lòd Li sou latè.

    Pawòl Li kouri byen vit.

    16 Li bay lanèj kon lenn.

    Li gaye lawouze glase kon sann.

    17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.

    Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?

    18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.

    Li fè van Li soufle e dlo yo koule.

    19 Li deklare pawòl Li yo a Jacob,

    règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.

    20 Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.

    Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.

    Louwe SENYÈ a!

  4. 10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

    12 Paske ou va sòti ak kè kontan

    e mennen sòti ak lapè.

    Mòn yo ak kolin yo va eklate

    nan gwo kri lajwa devan ou,

    e tout bwa nan chan yo va bat men yo.

  5. 6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.

    Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.

    7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.

    Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.

  6. 20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.

    21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

    22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

  7. 20 Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe.

  8. 9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.

    Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.

    Abiman Li te tankou lanèj blan,

    e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.

    Twòn Li te briyan akoz flanm yo,

    e wou li yo te yon dife ki t ap brile.

  9. 11 Tankou pòm an lò ki monte sou ajan,

    se konsa yon mo byen plase nan moman li.

    12 Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen

    se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.

    13 Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt,

    se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo,

    paske li rafrechi nanm a mèt li yo.

  10. 20 Li lonje men l vè pòv yo

    avèk sila ki gen bezwen an.

    21 Lakay li pa fè krent pou lanèj,

    paske tout lakay abiye an wouj.

  11. 22 Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo,

    oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,

    23 ke M te rezève pou tan twoub la,

    pou jou lagè ak batay la?

    24 Kote chemen ki pou fè loray divize a

    oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?

    25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,

    oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,

    26 Pou mennen lapli nan yon tèren kote nanpwen moun,

    nan yon dezè san pèsòn ladann,

    27 Pou satisfè yon peyi savann dezole

    e fè grenn zèb yo vin jèmen.

  12. 16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.

    Ou te prepare limyè a avèk solèy la.

    17 Ou te etabli tout lizyè latè yo.

    Ou te fè sezon ete ak sezon livè.

  13. 11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,

    lapli fin pati nèt.

    12 Flè yo deja parèt nan peyi a;

    tan chante a fin rive!

    Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.

  14. 22 Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l.

  15. 16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.

    18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

    19 Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.

    20 Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.

    21 Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.

    22 Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.

  16. 1 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.

    2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li. 3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.

    4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.

    5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”

  17. 14 Èske lanèj Liban konn fè fayit

    pou l pa kite wòch chan an?

    Oswa èske dlo frèt ki koule soti depi lwen

    va vin sèch?

  18. 7 Louwe SENYÈ a soti sou latè,

    gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.

    8 Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,

    van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.

  19. 15 Kay sezon livè a, Mwen va frape

    ansanm avèk kay sezon lete a.

    Kay livwa yo va vin peri,

    e gran mezon yo p ap la ankò,”

    di Senyè a.

  20. 12 Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.

  21. 15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin,

    kon flèv ravin ki vin sèch;

    16 ki vin sal tankou glas k ap fonn

    kote lanèj kon kache.

  22. 20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba, 21 paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò.

  23. 2 Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm. 3 Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè. 4 Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.

  24. 22 Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe.

  25. 1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,

    se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.

  26. 8 Li va rive nan jou sa a, kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.

  27. 4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

    akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

  28. 6 Yo va lese atè ansanm pou zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè.

  29. 12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.

  30. 18 “Men priye ke sa pa rive nan sezon fwedi.

  31. 9 Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit, 10 paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie. 11 Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an. 12 Men Tychique, mwen te voye li Éphèse. 13 Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.

  32. 11 Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a.