101 Bible Verses About Evil

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Evil
  1. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.

  2. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  3. 12 Yon sanzave, yon moun mechan

    se sila ki mache ak yon bouch pèvès,

    13 ki bat zye li, ki fè siy ak pye li,

    ki pwente ak dwèt li;

    14 ki avèk pèvèsite nan kè l

    fè tout tan sa ki mal,

    ki gaye konfli.

    15 Pou sa, malè li va parèt sibitman;

    nan yon enstan li va kase nèt;

    e li p ap gen gerizon ditou.

    16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

  4. 7 Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè. 8 Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. 9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.

    10 Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. 11 Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.

    12 “Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”

  5. 20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  6. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.

  7. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.

  8. 26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  9. 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

  10. 38 “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’; 39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

    43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  11. 13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,

    ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.

  12. 14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal,

    pou nou ka viv;

    epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,

    jis jan nou te pale a!

    15 Rayi mal e renmen sa ki bon,

    e etabli jistis nan pòtay la!

    Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo

    ka fè gras a retay Joseph la.”

  13. 13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

    Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

    se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

  14. 21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.

  15. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.

    Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.

    7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.

    9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.

  16. 5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.

    7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”

  17. 20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  18. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  19. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  20. 10  Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!

    Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.

    Li delivre yo nan men a mechan yo.

  21. 1 Malè a sila k ap fè plan inikite yo,

    k ap manevre mechanste sou kabann yo!

    Lè maten rive, yo pratike li,

    paske sa nan pouvwa a men yo.

  22. 1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

    2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

  23. 10 Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l. 11 Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.

  24. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.

    21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

  25. 1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.

  26. 14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

    16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

    17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”

  27. 14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.

    Chache lapè e fè efò pou twouve li.

  28. 16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo,

    pou efase memwa yo sou tè a.

  29. 11 “Men nou menm ki abandone SENYÈ a,

    ki bliye mòn sen Mwen an,

    ki ranje yon tab pou Gran Chans,

    ki plen tas ak diven mele pou Desten an;

    12 Mwen va ranje desten nou ak nepe,

    e nou tout va bese devan masak la.

    Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn;

    Mwen te pale, men nou pa t tande.

    Epi nou te fè mal devan zye M,

    e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”

  30. 15 Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”

    16 Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan? 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  31. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

    10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.

  32. 1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo.

  33. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  34. 21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

  35. Yon Sòm David

    1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.

    2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,

    e disparèt tankou zèb ki vèt.

    3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

    4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

    5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

    Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

    6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

    Ak jijman ou klere kon midi.

    7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

    Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

    Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

  36. 15 Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an.

  37. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.

  38. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  39. 9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

  40. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

  41. 18 Nou konnen ke okenn moun ki ne a Bondye pa fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.

    19 Nou konnen ke nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.

  42. 14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. 15 Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. 16 Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”

  43. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  44. 13 Pou sila ki remèt mal pou byen an,

    mal la p ap janm kite lakay li.

  45. 20 Akoz mank bwa, dife a etenn;

    lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.

    21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,

    se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.

    22 Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,

    vin tankou bèl ti mòso delika.

    Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.

    23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,

    se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.

  46. 3 Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.

  47. 1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.

  48. 43 “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44 Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45 Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”

  49. 10 Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye. 11 Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a. 12 Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’

    13 “Men li te reponn a youn nan yo: ‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye? 14 Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou. 15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’

    16 “Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”

  50. 45 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46 Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an. 47 Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.

    48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”

  51. 31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.

    34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

    37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

    40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

    41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

    44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

    45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

  52. 23 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24 Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 25 Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26 Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!

    27 “Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.

    28 “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29 men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”

    30 Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.

  53. 6 Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?

    7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.

  54. 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 Konsa,

    “‘Soti nan mitan yo,

    e separe de yo’, di Senyè a.

    ‘Pa touche sa ki enpi.

    Mwen va akeyi nou.

    18 Mwen va yon Papa pou nou,

    e nou va fis ak fi pou Mwen,’

    di Senyè Tou Pwisan an.”

  55. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.

  56. 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

    25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26  “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite.

  57. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  58. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

  59. 9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.

  60. 1 Alò, fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri. 2 Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm.

  61. 23 Epi Bondye te voye yon move lespri antre nan Abimélec avèk mesye Sichem yo. Konsa mesye a Sichem yo te aji an movèz fwa avèk Abimélec,

  62. 6 Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo. 7 SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?”

    Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”

    8 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”

    9 Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi? 10 Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a. 11 Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”

  63. 7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  64. 27 Pa vire ni adwat ni agoch;

    fè pye ou vire kite mal.

  65. 2 Men anplis, Li saj;

    Li va mennen dezas;

    Li p ap retire pawòl Li menm;

    men Li va leve kont kay malfektè yo,

    ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.

  66. 7 Pye pa yo kouri vè mal,

    e yo fè vit pou vèse san inosan an.

    Panse pa yo se panse inikite,

    e destriksyon ak dega sou chemen yo.

    8 Yo pa konnen chemen lapè,

    e nanpwen jistis nan yo.

    Yo te fè wout kwochi;

    nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.

  67. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.

  68. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.

    “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!

  69. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

  70. 15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

  71. 1 Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane.

  72. 7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;

    men kay a moun dwat yo va kanpe.

  73. 6 Pa manje pen a yon mesye ki chich,

    ni anvi bèl bagay li;

    7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

    Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.

    8 Ou va vomi mòso ke ou te manje a

    e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.

  74. 20 Malè a sila ki rele mal la bon,

    ak bon an mal la;

    sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,

    ak limyè a kon tenèb la;

    sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,

    e sa ki dous kon anmè.

  75. 9 Epi pou pwofèt yo:

    kè m fin kase anndan m.

    Tout zo m yo tranble;

    Mwen vin kon yon moun sou,

    menm yon moun ki soumèt anba gwòg,

    akoz SENYÈ a,

    e akoz pawòl sen Li yo.

    10 “Paske peyi a plen ak adiltè;

    paske akoz madichon, peyi a ap kriye.

    Patiraj nan savann yo fin seche.

    Y ap kouri nan move chemen

    e pwisans yo pa pou sa ki dwat.

    11 Ni pwofèt ni prèt yo vin pouri nèt.

    Menm anndan lakay Mwen an,

    Mwen jwenn mechanste yo”,

    deklare SENYÈ a.

    12 Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la;

    yo va vin chase jis rive nan fènwa

    e vin glise tonbe ladann;

    paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo

    nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.

    13 “Anplis, pami pwofèt Samarie yo,

    Mwen te wè yon betiz.

    Yo te pwofetize pa Baal

    e yo te egare pèp Mwen an, Israël.

    14 Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay:

    Zak adiltè, e yo mache nan sa ki fo.

    Yo ranfòse men a malfektè yo,

    pou okenn moun pa vire kite mechanste li.

    Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome

    e abitan li yo kon Gomorrhe.

  76. 11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.

  77. 3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

  78. 8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. 9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.

  79. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

  80. 7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.

    8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  81. 13 Ou pa pou touye moun. 14 Ou pa pou fè adiltè.

    15 Ou pa pou vòlè.

    16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.

    17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.

  82. 12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

    jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?

    13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

    e lèv ou pou pa bay manti.

  83. 9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,

    men sila k ap tann SENYÈ yo,

    va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

  84. 16 Lave nou pou nou vin pwòp;

    retire zak malonèt nou yo devan zye M.

    Sispann fè mechanste.

    17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

  85. 9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.

    Nanpwen lasante ladann.

    Se kilès ki ka konprann li?

    10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;

    Mwen pase panse a leprèv,

    pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,

    selon fwi a zèv li yo.”

  86. 1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan.

  87. 39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.

  88. 23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò 24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”

    25 Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”

    26 Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.

    27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”

  89. 13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.

  90. 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.

    21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.

  91. 33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”

  92. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  93. 11 Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo. 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.

  94. 18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  95. 21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

  96. 7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

  97. 8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.

  98. 11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.

  99. 14 Pa antre nan chemen mechan yo,

    e pa avanse nan vwa malfektè yo.

    15 Evite li, pa pase kote li;

    vire kite li e ale byen lwen.

  100. 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’

  101. 11 Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an. 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. 14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?