79 Bible Verses About Birthdays

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Birthdays
  1. 1 Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete. 2 Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie. 3 Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.

    4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David, 5 pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.

    6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.

    8 Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.

    9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

    13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

    14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,

    e sou latè a, lapè pami lèzòm

    ki fè L kontan yo.”

    15 Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”

    16 Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a. 17 Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a. 18 Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.

    19 Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.

    20 Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.

  2. 20 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo. 21 Li te reprann chèf responsab pote tas la nan pozisyon li, e li te ankò vin responsab mete tas la nan men Farawon. 22 Men li te pann chèf bòs boulanje a jis jan ke Joseph te entèprete pou yo.

    23 Men, chèf responsab pote manje a pa t sonje Joseph. Li te bliye li.

  3. 11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

    pou veye ou nan tout chemen ou yo.

    12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,

    pou ou pa frape pye ou kont wòch.

    13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.

    Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.

    14 Paske li te renmen M konsa,

    pou sa, Mwen va delivre li.

    Mwen va mete li byen solid an wo,

    akoz li te rekonèt non Mwen.

    15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.

    Mwen va avèk Li nan tan twoub la.

    Mwen va delivre li e bay li lonè.

    16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,

    e kite li wè sali mwen.

  4. 18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an. 19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

    “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”

    22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;

    23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent

    e l ap fè yon gason.

    Y ap nonmen li Emmanuel”,

    ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.

    24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li. 25 Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.

  5. 6 Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias la te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan. 7 Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li. 8 Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”

    9 Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo. 10 Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an. 11 Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l.

  6. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.

  7. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  8. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  9. 3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

    4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

    5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. 7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ 8 Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”

  10. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.

  11. 4 Fis li yo te konn ale fè yon fèt lakay a yo chak, selon jou fèt pa li a, e yo te konn envite twa sè yo pou manje e bwè avèk yo. 5 Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.

  12. 12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,

    pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.

  13. 21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

  14. 10 Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo,

    e lane lavi ou yo va vin byen long.

    11 Mwen te dirije ou nan chemen sajès la;

    mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.

    12 Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;

    epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.

    13 Pran enstriksyon; pa lage menm.

    Pwoteje li paske li se lavi ou.

  15. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7  P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

  16. 6 Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt.

    Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.

    Tout tan se Ou menm ke m louwe.

    7 Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun,

    men se Ou ki fò refij mwen.

    8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou

    ak glwa Ou tout lajounen.

  17. 11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,

    e ane yo ap ogmante sou lavi ou.

  18. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  19. 4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,

    e akonpli tout plan ou yo!

  20. 4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

    5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

    Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

    6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

    Ak jijman ou klere kon midi.

  21. 24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.

    Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.

    25 O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!

    O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!

  22. 5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

    e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

    Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

  23. 11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.

    Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

    Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

  24. 8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,

    kite li rejwi li nan yo tout;

    men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil.

    Tout sa ki gen pou vini se vanite.

    9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,

    e kite kè ou rete kontan

    pandan ane de laj jenès ou yo.

    Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,

    men konnen byen ke Bondye

    va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.

    10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

    pou l pa nan kè ou,

    e fè mal rete lwen chè ou;

    paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

  25. 11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou.

    Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.

  26. 1 Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2 “Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”

  27. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.

  28. 4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.

    Fè m konnen ke m fèb anpil.

    5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole

    tankou lajè a men m ki louvri.

    Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.

    Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.

  29. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  30. 1 Yon bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a.

  31. 12  Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.

  32. 4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;

    se li mwen va chache:

    pou m ta kab rete lakay SENYÈ a

    tout jou lavi m yo,

    pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e

    reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.

    5 Paske nan jou twoub la,

    Li va kache mwen nan tabènak Li.

    Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,

    se la Li va fè m kache.

    Li va leve mwen sou yon wòch.

    6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo

    sou lènmi m ki antoure m yo.

    Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.

    Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.

    7 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.

    Fè m gras e reponn mwen.

  33. 31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  34. 12 Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?

  35. 5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li. 6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman.

  36. 15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”

    17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.

    18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”

    19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”

    20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò.

  37. 9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te

    fè m sòti nan vant manman m nan.

    Ou te fè m gen konfyans depi m

    t ap souse tete manman m.

    10 Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen.

    Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.

  38. 9 Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.

  39. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  40. 1 Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. 2 Job te di:

    3 “Kite jou ke m te dwe fèt la peri,

    ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’

    4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.

    Pa kite Bondye anwo a pran swen li,

    ni limyè vin klere sou li.

  41. 9 Ki avantaj ouvriye a genyen nan tout efò ke li fè yo? 10 Mwen te wè tach ke Bondye te bay a fis a lòm yo, avèk sila yo okipe tèt yo. 11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen. 12 Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a. 13 Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye. 14 Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta gen lakrent Li.

  42. 7 “Avan fi a gen doulè, li te anfante;

    avan gwo doulè a te rive li, li te fè yon gason.

    8 Se kilès ki te tande yon koze konsa a?

    Kilès ki te wè yon bagay konsa?

    Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou?

    Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan?

    La menm Sion te vin gen doulè,

    li te fè fis li yo vin parèt.

    9 Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an,

    pou mwen pa livre pitit la?” pale SENYÈ a.

    “Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a,

    ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.

    10 “Fè kè kontan ak Jérusalem,

    e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo.

    Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,

    11 pou nou kapab souse e jwenn satisfaksyon nan tete li,

    pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”

    12 Paske konsa pale SENYÈ a:

    “Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè

    e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde.

    Nou va vin pran tete,

    nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.

  43. 14 Kite jou ke mwen te fèt la modi;

    kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!

    15 Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan,

    ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,”

    e ki te fè l byen kontan an, vin modi.

    16 Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke

    SENYÈ a te kraze nèt san pitye.

    Kite li tande gwo kri nan granmmaten

    ak kri “Anmwey” a midi,

    17 akoz li pa t touye m avan mwen te fèt,

    pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a

    pou vant li rete ansent pou tout tan.

    18 Poukisa mwen te janm sòti nan vant,

    pou m ta gade twoub ak tristès,

    pou jou m yo ta pase nan wont?

  44. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

    3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  45. 31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.

  46. 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis.

  47. 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

  48. 15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. 16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, 18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”

  49. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  50. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  51. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

  52. 2 Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

    Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

    ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

    3 “Pa pale kè anfle ankò,

    pa kite awogans sòti nan bouch ou.

    Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,

    e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.

    4 “Banza a pwisan yo vin fann, kraze nèt,

    men fèb yo vin gen fòs.

    5 Sila ki te gen vant plen yo

    vin vann tèt yo pou achte pen,

    men sila ki te grangou vin satisfè.

    Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit,

    men Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.

    6 “Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv.

    SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.

    7 SENYÈ a fè pòv ak rich.

    Li abese e anplis, Li leve.

  53. 1 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.

  54. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

  55. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

  56. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

  57. 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 Konsa,

    “‘Soti nan mitan yo,

    e separe de yo’, di Senyè a.

    ‘Pa touche sa ki enpi.

    Mwen va akeyi nou.

    18 Mwen va yon Papa pou nou,

    e nou va fis ak fi pou Mwen,’

    di Senyè Tou Pwisan an.”

  58. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  59. 16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  60. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou

  61. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.

  62. 7 Alò, Saül te gen yon ti mennaj ki te rele Ritspa, fi a Ajja a. Konsa, Isch-Boscheth te di a Abner: “Poukisa ou te antre nan ti mennaj papa m nan?”

  63. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.

    2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.

    Ou konprann panse mwen yo de lwen.

    3 Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk

    kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.

    4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,

    Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.

    5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e

    Ou te poze men Ou sou mwen.

  64. 24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.

  65. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la.

  66. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.

  67. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye.

  68. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.

    3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.

  69. 8 “Se men Ou ki te fòme mwen nèt.

    Konsa, èske Ou ta detwi mwen?

    9 Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil.

    Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?

    10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen

    e fè m kaye tankou fwomaj?

    11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè

    e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.

    12 Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.

    Se swen Ou ki te konsève lespri m.

  70. 5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite,

    e se nan peche manman m te vin ansent mwen.

  71. 5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.

    Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.

  72. 15 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.

  73. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  74. 4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,

    e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.

    Mwen te fè, e Mwen va pote.

    Mwen va pote, e Mwen va delivre.

  75. 15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”

  76. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.

  77. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.

  78. 29 Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati ne de Li.

  79. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

    4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou.