24 Bible Verses About Loving Your Enemies

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Loving Your Enemies
  1. 38 “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’; 39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

    43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  2. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

    29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.

    30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.

    31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

    32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

    35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

    36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

  3. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  4. 21 Si lènmi ou grangou, ba li manje;

    epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;

    22 paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li,

    e SENYÈ a va bay ou rekonpans.

  5. 33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.

    34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.

  6. 17 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.

    Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;

    18 Oswa, SENYÈ a va wè l,

    vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.

    19 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,

    ni fè lanvi pou mechan yo,

    20 paske pou yon nonm mechan, pa gen avni.

    Lanp a mechan an va etenn nèt.

  7. 58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.

    59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.

  8. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  9. 33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.

    34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  10. 17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.

    18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.

  11. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  12. 4 Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li. 5 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.

  13. 8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt;

    yo va wè Bondye.

    9 Beni se sila yo ki fè lapè;

    yo va rele yo fis Bondye.

    10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati;

    wayòm syèl la se pou yo.

    11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.

  14. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  15. 14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.

  16. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  17. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

    22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

    24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

    25 Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.

  18. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

  19. 29 Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?

    Oswa bat men m lè mal vin rive li?

    30 Non, mwen pa t kite bouch mwen peche,

    ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.

  20. 12 Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo. 13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa piyaje byen yo nan jou malè yo.

  21. 13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.

  22. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye.

  23. 12 Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. 13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.

  24. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.