66 Bible Verses About Profanity
Bib Sen An (BSA)
-
3 Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.
Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 12 Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
-
33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
-
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26 “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
-
12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
-
4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.
-
7 “Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
-
3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa vin yon pati ak yo.
-
8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo,
men kè yo byen lwen Mwen.
9 An ven yo adore M;
lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.
10 Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann; 11 Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
-
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
-
12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
-
1 Yon repons ki dous kalme kòlè;
men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
2 Lang a saj la gen pou mèt, konesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
-
45 “Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.
-
13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.
Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.
Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
15 pye yo kouri rapid pou fè san koule.
16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.
18 Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
-
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
-
5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
-
21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
-
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
-
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
-
27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
-
11 ‘Nou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki pran non li an ven an san pinisyon.
-
21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a.
-
14 Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
-
16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète:
-
24 Mete lwen de ou yon bouch manti
e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
-
14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.
-
23 Sila ki veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
-
16 “Malè a nou menm, gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’ 17 Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?
18 “Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’. 19 Moun avèg! Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?
20 “Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li. 21 Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki rete ladann nan. 22 Epi sila ki sèmante sou syèl la, sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan.
23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo. 24 Nou menm, gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!
-
17 Anplis, li te renmen bay madichon.
Konsa, madichon an te retounen sou li.
Li pa t renmen beni.
Konsa, sa te rete lwen l.
18 Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,
e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.
-
2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
-
5 Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,
“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”
Ankò deklare SENYÈ a:
“Konsi, pèp Mwen rachte pou ryen,
epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,
e non Mwen blasfeme tout lajounen,
6 pou sa, pèp Mwen an va konnen non Mwen.
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.
Gade byen, se Mwen!”
-
31 “Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a. 32 Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an, 33 ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la, pou vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a.”
-
Yon Sòm David
1 O SENYÈ, mwen rele non Ou.
Fè vit! Vin kote m!
Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;
lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.
Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
-
23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske de li, sous lavi yo koule.
-
3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
-
4 Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;
men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
-
17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
-
8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.
-
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
-
9 “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.
-
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David
1 Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,
pou m pa fè peche ak lang mwen.
Mwen va veye bouch mwen,
konsi li gen yon brid ladann
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
-
31 Bouch a moun dwat la koule ak sajès;
men lang pèvès la vin koupe.
32 Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon;
men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
-
6 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,
Mwen p ap retire pinisyon an;
akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan,
e malere yo pou achte de grenn sapat.
7 Sila yo k ap foule tèt a malere a,
jis pou l rive nan pousyè,
k ap refize bay jistis a oprime a.
Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan
pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
8 Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl,
sou vètman ki te pran kon garanti yo.
Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven an
ki te bay pou peye amann yo.
-
15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
-
21 “‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.
-
6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,
e bese m ba devan Bondye anlè a?
Èske mwen ta vini ak ofrann brile,
ak ti bèf ki gen yon lane?
7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?
Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?
Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay
pou zak rebelyon mwen yo?
Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
-
74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”
Imedyatman, kòk la te chante.
-
2 Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen. 3 Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,
-
17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
-
12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,
Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.
Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
-
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men sila ki frennen lèv li gen sajès.
-
1 “Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen note. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem. 2 E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”
-
26 Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo.
-
1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè.
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,
e vèse san fè san vèse plis.
3 Akoz sa, peyi a va fè dèy.
Tout moun ki rete ladann ap megri
menm ak tout sa ki viv.
Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo,
epi pwason lanmè yo va mouri.
-
4 Se sèlman pawòl ke yo pale,
ak fo sèman pou fè akò.
Donk jijman yo pete leve tankou zèb
k ap anpwazone nan tras chan yo.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou.
-
2 Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
-
2 Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.
-
39 “Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo.
-
7 “‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la.
-
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
Shows Read in context, Share and Copy.