62 Bible Verses About Dads

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Dads
  1. 4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  2. 8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

  3. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

  4. 19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

  5. 11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

    ni rayi repwòch Li,

    12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

    jis tankou yon papa konn korije

    fis nan sila li pran plezi a.

  6. 22 Koute papa ou ki te fè ou a,

    e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

    23 Achte verite e pa vann li!

    Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

    24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

    e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

    25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;

    kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

  7. 13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

    se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

  8. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  9. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  10. 7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  11. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  12. 4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  13. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.

  14. 9 Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la.

  15. 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.

    22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.

  16. 13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.

  17. 29 “Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo. 30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou, 31 epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”

  18. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  19. 26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;

    e pitit li yo va jwenn sekou.

  20. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  21. 18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.

  22. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”

  23. 1 Pwovèb a Salomon yo.

    Yon fis ki saj fè papa li kontan,

    men yon fis ki plen ak foli

    se yon gwo doulè pou manman l.

  24. 7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;

    A la beni fis ki vini apre li yo beni!

  25. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

  26. 17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  27. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

  28. 1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,

    e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

    2 Paske mwen bay ou bon konsèy;

    pa abandone enstriksyon mwen.

    3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,

    byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,

    4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:

    “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;

    kenbe lòd mwen yo pou ou viv.

  29. 6 Li va tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin frape peyi a avèk yon malediksyon.”

  30. 19 Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”

  31. 15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  32. 16 ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.

  33. 5 Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.

  34. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  35. 3 “‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  36. 14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an.

  37. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

    men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

  38. 30 epi di: ‘Si nou te viv nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap ede yo vèse san a pwofèt yo’.

  39. 10 Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre.

  40. 3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen

    ki bay anpil rezen lakay ou.

    Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.

    4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.

  41. 6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,

    e glwa a fis yo se papa yo.

  42. 8 Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

    nou se ajil la e se Ou ki mèt kanari a;

    nou tout se zèv men Ou yo.

  43. 8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. 9 Pou tout sa, priye konsa:

    “‘Papa nou ki nan syèl la,

    ke non Ou kapab Sen.

    10 Ke Wayòm Ou kapab vini,

    ke volonte Ou kapab fèt sou latè

    menm jan ke li fèt nan syèl la.

    11 Bay nou pou jou sa a pen

    ke nou bezwen an,

    12 Epi padone nou ofans nou yo

    menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.

    13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.

    Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a

    se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’

  44. 4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”

    5 Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, 6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.

  45. 44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

  46. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

  47. 18 Mwen va yon Papa pou nou,

    e nou va fis ak fi pou Mwen,’

    di Senyè Tou Pwisan an.”

  48. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,

  49. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)

  50. 12 M ap ekri nou, timoun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li. 13 M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jennonm yo, paske nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou timoun yo, paske nou konnen Papa a. 14 Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan an.

  51. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

  52. 24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”

  53. 28 Èske lapli gen papa?

    Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?

  54. 5 Yon papa pou òfelen yo

    e yon jij pou vèv yo,

    se Bondye nan lye sen Li an.

    6 Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.

    Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,

    men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.

  55. 25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,

    ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.

  56. 18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

    pa chache lanmò li.

  57. 2 Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo.

  58. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

  59. 19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”

  60. 41 Nou ap fè pwòp zèv papa nou.”

    Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Nou gen yon sèl papa, Bondye.”

  61. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  62. 1 Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, 2 ki te temwaye pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.

    3 Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.

    4 Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; 5 e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.

    A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li— 6 epi Li te fè nou vin yon Wayòm, prèt a Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.

    7 Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.

    8 “Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”