18 Bible Verses About End Times
Bib Sen An (BSA)
-
4 Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!” 5 Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.
6 “Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an. 7 Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.
-
9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.
14 “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.
-
28 Li va vin rive apre sa,
ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo,
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
30 Mwen va montre mèvèy yo
nan syèl la ak sou tè a:
san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
31 Solèy la va vin tou nwa,
e lalin nan tankou san
devan gwo jou tèrib SENYÈ a.
32 Epi li va vin rive ke nenpòt moun
ki rele non SENYÈ a, li va delivre;
paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,
va gen sila ki chape yo,
jan SENYÈ a te di a,
menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.
-
24 “Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.
25 “Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble. 26 Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens lan ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafen. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine. 27 Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”
-
20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba, 21 paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò. 22 Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.
-
31 Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre. 32 Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive. 33 Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.
34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. 35 Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a. 36 Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
-
1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo.
-
18 Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te touche mwen, e te fè m kanpe dwat.
19 Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an.
-
42 “Pou sa, 43 men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase. 44 Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
-
25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. 26 Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.
5 Èske nou pa sonje lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
6 Konsa, nou konnen kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7 Paske mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.
-
3 Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.
-
9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
-
11 “Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou.
-
32 “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a. 33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a. 34 Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.
35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 36 sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. 37 E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo,
Shows Read in context, Share and Copy.