111 Bible Verses About The Mind

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About The Mind
  1. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

    3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  2. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  3. 1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. 2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.

    6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. 7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; 8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. 9 Men jan sa ekri a:

    “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

    ki pa janm antre nan kè a lòm;

    tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”

    10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.

  4. 1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

    9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.

  5. 16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.

    18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

    26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  6. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

  7. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

    5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

  8. 1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! 2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.

    7 Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li.

  9. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

    12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.

  10. 13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

  11. 7 Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”. 8 Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. 9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. 10 Konsa, kòmandman sa a ki te fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. 11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. 12 Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.

    13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.

  12. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

  13. 6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.

    7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

    8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11 Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.

    13 Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.

    14 Veye byen, selon lespri Sen ki demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.

  14. 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

    4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

    paske nan BONDYE SENYÈ a,

    nou gen yon Wòch etènèl.

  15. 1 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.

    2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

    5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

  16. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

    6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  17. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.

    26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.

  18. 20 Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo;

    panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.

    21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe yo nan fon kè ou.

    22 Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo,

    ak lasante a tout kò yo.

    23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;

    paske de li, sous lavi yo koule.

  19. 6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

    rele Li pandan Li toupre a.

    7 Kite mechan an abandone chemen li an,

    ak pechè a, panse li yo.

    Kite li retounen kote SENYÈ a

    e Li va gen mizerikòd sou li;

    anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

    8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

    10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  20. 6 Pa manje pen a yon mesye ki chich,

    ni anvi bèl bagay li;

    7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

    Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.

  21. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.

    12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.

    15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.

    16 “Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”

  22. 1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

    10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri. 12 Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. 13 Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. 14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. 15 Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.

  23. 14 Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.

    15 Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.

    16 Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?

  24. 9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.

    Nanpwen lasante ladann.

    Se kilès ki ka konprann li?

    10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;

    Mwen pase panse a leprèv,

    pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,

    selon fwi a zèv li yo.”

  25. 9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

  26. 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  27. 5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li.

  28. 16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

  29. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  30. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

  31. 33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!

    34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”

    Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”

    35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay

    pou Li kapab repeye li ankò?”

    36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  32. 21 Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, 22 men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch— 23 Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.

  33. 14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

  34. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

    3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

    4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.

  35. 14 Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann: 15 Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal. 16 Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”

    17 Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.

    18 Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l, 19 paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)

    20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  36. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.

  37. 12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. 13 Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. 14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. 15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. 16 Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. 17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète. 18 Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.

  38. 1 Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje. 2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye. 3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. 4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. 5 Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus. 6 Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.

  39. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  40. 5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.

    7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”

  41. 3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  42. 13 Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,

    oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?

    14 Ak kilès Li te konsilte,

    e se kilès ki te bay Li bon konprann?

    Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,

    ki te enstwi Li nan konesans,

    e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?

    15 Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;

    yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.

    Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.

    16 Menm Liban pa kont pou brile, ni bèt li yo

    pa kont pou fè ofrann brile.

    17 Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,

    Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.

  43. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  44. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  45. 16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.

    20 Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm 21 “Pa manyen, pa goute, pa touche!” 22 (Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo? 23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.

  46. 3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.

    6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

    8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

    9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

  47. 15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye. 16 Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.

  48. 10 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la

    apre jou sa yo, di Senyè a:

    Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,

    e Mwen va ekri yo nan kè yo.

    Mwen va Bondye yo,

    e yo va pèp Mwen.

  49. 1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.

    3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.

    4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.

    6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.

    7 Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.

    10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  50. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

    10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  51. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  52. 14 Kite pawòl bouch mwen a avèk

    refleksyon kè m

    vin akseptab devan zye Ou,

    O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.

  53. 10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,

    epi refè yon lespri ki dwat anndan m.

  54. 44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”

    45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.

  55. 16 “Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo

    apre jou sa yo, di Senyè a;

    Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo,

    e nan panse yo, Mwen va ekri yo.”

    Li di answit:

    17 “Epi peche ak inikite yo,

    Mwen p ap sonje yo ankò.”

  56. 19 Bondye se pa yon nonm ke li ye

    pou L ta bay manti,

    ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

    Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

  57. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  58. 31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:

    “Mwen va mete lalwa M anndan yo

    e sou kè yo Mwen va ekri l;

    epi Mwen va Bondye yo,

    e yo va pèp Mwen.

    34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,

    e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’

    paske yo tout va konnen Mwen,

    soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”

    deklare SENYÈ a,

    “paske Mwen va padone inikite yo,

    e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”

  59. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

    29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

  60. 25 Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

    26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”

    27 Li te reponn:

    “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a

    avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,

    e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

    28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”

  61. 25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;

  62. 10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman. 11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou. 12 Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”. 13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul? 14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus, 15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen. 16 Alò, mwen te batize tout fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun. 17 Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.

  63. 3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf; 4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.

    5 Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. 6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi, 7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.

  64. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  65. 4  Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? 5  Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay; 6 men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”

  66. 35 Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?

    36 Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm,

    oswa te bay bon konprann nan panse a?

    37 Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès,

    oswa vide gwo krich dlo syèl yo,

  67. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

  68. 22 Yon kè kontan se bon remèd;

    men yon lespri brize seche tout zo.

  69. 21 Plan nan kè lòm yo anpil;

    men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.

  70. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.

  71. 30 “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31 Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32 Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.

    33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”

  72. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  73. 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  74. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.

  75. 26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

  76. 6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

    7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  77. 12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

  78. 8 Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze a verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.

  79. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

    3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

    4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

    8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.

    9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

    10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.

  80. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

  81. 14 Li te fè mal, paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.

  82. 7 Lalwa SENYÈ a pafè

    Li rekonfòte nanm.

    Temwayaj SENYÈ a vrè,

    k ap fè saj yo senp.

    8 Prensip a SENYÈ yo dwat,

    ki fè kè rejwi.

    Kòmandman SENYÈ a san tach.

    Li fè zye yo limen.

    9 Lakrent SENYÈ a pi;

    Li dire jis pou tout tan.

    Jijman SENYÈ yo vrè;

    Yo jis san manke.

    10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.

    Yo pi dous pase myèl, pase siwo a

    ki tonbe nan gato myèl la.

  83. 15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,

    e okipe chemen Ou yo.

    16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo.

    Mwen p ap bliye pawòl Ou.

  84. 23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.

    Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

    24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e

    mennen mwen nan chemen etènèl la.

  85. 19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”

  86. 10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo. 11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”

    12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”

  87. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  88. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  89. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  90. 16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  91. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.

  92. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.

  93. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.

  94. 11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.

    13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

  95. 21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

  96. 24 “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a. 25 Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.

  97. 7 Zye yo anfle nan mitan grès yo.

    Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.

  98. 2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;

    men SENYÈ a peze sa k nan kè l.

    3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

    e plan ou yo va etabli.

    4 SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;

    menm mechan yo pou jou jijman an.

  99. 4 Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite,

    e lang lan a sila ki bege a va pale klè.

  100. 6 Paske moun fou a pale foli,

    e kè li apiye vè mechanste:

    pou fè sa ki kont Bondye

    e pale mal kont SENYÈ a,

    pou kenbe moun grangou a san satisfè,

    e pou anpeche moun swaf la bwè.

  101. 16 Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite sèt epòk vin pase sou li.

  102. 31 Jésus te reponn e te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.” 32 Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.

  103. 34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. 35 Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a. 36 Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”

  104. 9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?

    “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.

  105. 37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”

  106. 2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”

  107. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.

  108. 11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.

  109. 1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

  110. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

    16 Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.

  111. 7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.