70 Bible Verses About Non Believers

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Non Believers
  1. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.

  2. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

    26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  3. 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 Konsa,

    “‘Soti nan mitan yo,

    e separe de yo’, di Senyè a.

    ‘Pa touche sa ki enpi.

    Mwen va akeyi nou.

    18 Mwen va yon Papa pou nou,

    e nou va fis ak fi pou Mwen,’

    di Senyè Tou Pwisan an.”

  4. 9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo. 10 Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.

    12 Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò. 13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis.

    14 Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.

  5. Pou direktè koral la; yon sòm David

    1 Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”

    Yo konwonpi.

    Yo te fè zak abominab.

    Nanpwen ki fè sa ki bon.

    2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la

    sou fis a lòm yo pou wè si genyen

    ki konprann, k ap chache Bondye.

  6. 37 Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li. 38 Pou pawòl a pwofèt la, Ésaïe, ta kapab akonpli lè l te di:

    “Senyè, kilès ki kwè nan rapò nou?

    E a kilès bra Letènèl la devwale?”

    39 Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò:

    40  “Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di,

    sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo,

    epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”

    41 Bagay sa yo, Ésaïe te di paske li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.

    42 Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la. 43 Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.

  7. 12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.

    14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;

  8. 31 Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.

    32 Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”

    33 Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”

    34 Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?

    35 “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje), 36 èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?

    37 “Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M. 38 Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”

  9. 37 E Papa a ki te voye M nan, Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.

    38 “E nou pa gen pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39 Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.

    40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.

  10. 3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. 4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.

  11. 8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  12. 32 Malgre tout sa, yo te peche toujou,

    e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.

    33 Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal,

    e ane yo nan laperèz sibit.

  13. 2 Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.

  14. 24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”

    26 Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”

    27 Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”

    28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”

    29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”

    30 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. 31 Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.

  15. 36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.

  16. 18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?

    19 Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz enkwayans yo.

  17. 24 Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”

  18. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.

  19. 19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”

    20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.

  20. 42 Senyè a te reponn: “Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt? 43 Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an. 44 Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.

    45 “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; 46 mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.

  21. 44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

    45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M. 46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?

  22. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

    11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.

  23. 21 Pou sa, SENYÈ a te tande e te ranpli ak kòlè.

    Konsa, yon dife te limen kont Jacob,

    e chalè te monte tou kont Israël.

    22 Paske yo pa t kwè nan Bondye,

    e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.

  24. 24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”

  25. 1 Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li. 2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?” 3 Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.

    4 Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.” 5 Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo. 6 Li te etone pa enkredilite yo.

    Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.

  26. 9 Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la.

  27. 13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.

    16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.

    20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.

  28. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.

  29. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

    12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

    16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

  30. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras.

  31. 9 Si nou resevwa temwayaj a lòm, temwayaj Bondye a pi gran. Paske temwayaj Bondye a se sa; ke Li te pote temwayaj konsènan Fis Li a. 10 Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwayaj nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye a te fè L vin yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwayaj ke Bondye pote konsènan Fis Li a.

    11 Temwayaj la se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl la, epi lavi sila se nan Fis Li a. 12 Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.

  32. 6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

  33. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  34. 48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.

  35. 17 Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la, 18 pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen an. 19 Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”. 20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent. 21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis.

  36. 9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;

    10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.

    11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.

    12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?

    13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.

  37. 15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.

  38. 1 Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, 2 pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.

    3 Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, 4 epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”

    5 Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo. 6 Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. 7 Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.

  39. 12 Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo; 13 epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm.

  40. Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath

    Yon refleksyon pa David

    1 Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.

    Yo konwonpi!

    Yo fè zak enjis ki abominab.

    Nanpwen ki fè sa ki bon.

  41. 17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”

  42. 11 Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.

    12 Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”

  43. 12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.

  44. 25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;

  45. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

    10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.

  46. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  47. 5 Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.

  48. 11 SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo?

  49. 14 Sepandan, yo pa t koute, men yo te fè tèt di tankou zansèt pa yo, ki pa t kwè nan SENYÈ a, Bondye pa yo a. 15 Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.

  50. 16 Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo. 17 Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen nan esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.

  51. 54 Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo? 55 Se pa pitit a chapant lan? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas? 56 Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?” 57 Konsa, yo te pran ofans de Li.

    Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.” 58 Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.

  52. 14 Answit, Li t ap chase yon dyab nan yon bèbè. Lè dyab la te fin sòti, gason bèbè a te pale. Konsa, foul la te etone.

    15 Men kèk nan yo te di: “Li chase dyab yo pa Béelzébul, mèt dyab yo.” 16 Gen Lòt yo, pou teste L, t ap mande L yon sign ki sòti nan syèl la.

  53. 39 Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”

    40 Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: “Èske se nou menm ki avèg tou a?”

    41 Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”

  54. 22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans. 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.

    24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

    26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

  55. 27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.” 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt?

  56. 21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

    24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.

  57. 8 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”

    9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?

    “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.

  58. 10 Jan sa ekri a:

    “Pa gen moun ki jis, pa menm youn.

    11 Pa gen moun ki gen konprann.

    Pa gen moun ki chache Bondye.

    12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.

    Pa gen moun ki fè sa ki bon;

    pa menm yon sèl.

  59. 3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;

    li beni moun voras la,

    e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.

    4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,

    Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”

    5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;

    Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.

    Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.

    6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;

    Pandan tout jenerasyon yo,

    mwen p ap gen pwoblèm ditou.”

    7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk

    twonpe moun avèk oprime moun.

    Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.

  60. 38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.

    39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.

  61. 9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li.

  62. 48 Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”

  63. 30 Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen. 31 Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li. 32 Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg. 33 Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”

  64. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  65. 7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;

    ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.

    8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.

    Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.

    9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen

    ke se men SENYÈ a ki fè sa?

    10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,

    ansanm ak souf tout limanite a.

  66. 11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl. 12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”

  67. 8 Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.

  68. 19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.

  69. 22 Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. 23 Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.

  70. 20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.