39 Bible Verses About Obedience
Bib Sen An (BSA)
-
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.
22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa. 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
-
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
-
17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
18 Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive jistifikasyon anvè lavi pou tout moun. 19 Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis.
-
16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
-
22 Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
-
18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:
“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;
malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
19 Si nou vin dakò e obeyi,
nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
20 men si nou refize, e fè rebèl,
nou va devore pa nepe.”
Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
-
21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
-
22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
-
21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
-
10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.
-
5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.
-
13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
-
2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
-
27 Pandan Jésus t ap di bagay sa yo, youn nan fanm yo nan foul la te leve vwa li. Li te di Li: “Beni se vant ki te pote Ou a, e tete kote Ou te souse a.”
28 Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”
-
14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil? 21 Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22 Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè. 23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. 24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.
-
15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”
-
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
-
1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
-
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay ki fè plezi devan zye Li yo.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.
24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
-
1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo.
-
46 “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di? 47 Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble: 48 Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.
-
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
-
ALÈPH.
1 A la beni se sila ak chemen ki san fot yo,
ki mache nan lalwa SENYÈ a.
2 A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo,
Ki chache Li ak tout kè yo.
3 Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
4 Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
5 O ke chemen mwen yo kapab vin etabli
pou kenbe règleman Ou yo!
6 Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade
kòmandman Ou yo.
7 Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat,
lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
8 Mwen va kenbe règleman Ou yo.
Pa abandone m nèt!
BETH
9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
-
18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
59 Mwen te konsidere chemen mwen yo,
e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
60 Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta
pou obeyi kòmandman Ou yo.
61 Kòd a mechan yo te antoure m,
men mwen pa t bliye lalwa Ou.
62 A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman,
akoz òdonans dwat Ou yo.
-
13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
-
1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv
-
16 “Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
17 “Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.
18 “Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo.
-
50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”
-
3 Li te antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.
4 Lè Li te fin pale, Li te di Simon: “Mete nou deyò nan dlo fon elage filè yo pou kenbe pwason.”
5 Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”
-
6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
-
22 Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
-
16 Konsa, yon moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”
17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
-
2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
13 Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
-
29 O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.
-
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
Shows Read in context, Share and Copy.