41 Bible Verses About Astrology

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Astrology
  1. 11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen

    maji pou detounen.

    Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.

    Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk

    va rive sou ou sibitman.

    12 Kanpe fèm nan tout maji ak wanga

    ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.

    Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.

    13 Ou vin fatige ak tout konseye yo.

    Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,

    k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,

    vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.

    14 Gade byen, yo tankou pay.

    Dife ap brile yo.

    Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.

    P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,

    ni flanm dife pou yo chita devan l!

    15 Men kijan tout travay lavi w ap tèmine:

    Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo

    va mache egare nan chemen pa yo;

    nanpwen moun ki pou ta sove ou.

  2. 9 “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo. 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11 ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.

    13  “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.

    14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa.

  3. 27 Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a. 28 Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:

  4. 1 Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël. 2 Konsa pale SENYÈ a:

    “Pa aprann abitid a nasyon yo,

    ni pa vin krent sign nan syèl yo,

    malgre nasyon yo krent yo anpil.

    3 Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun;

    konsi se bwa ki koupe nan forè,

    zèv men atizan ki koupe ak zouti.

  5. 15 “Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a, 16 pou nou pa aji yon jan konwonpi, e fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl, 17 sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt zwazo a zèl ki vole anlè, 18 ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a. 19 Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.

  6. 31 “Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo,

    oswa lage kòd zetwal Orion yo?

    32 Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo,

    oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?

    33 Èske ou konnen tout règleman syèl la,

    oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?

  7. 14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.

  8. 10 Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen. 11 Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”

  9. 1 Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2 “Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”

    3 Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.

  10. 7 Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen entèpretasyon li.

  11. 19 Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te antre nan sèvis pèsonèl a wa a. 20 Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.

  12. 2 “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a, 3 epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande, 4 epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vre, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël, 5 alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.

    6 “Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen. 7 Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.

  13. 26 “‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.

    27 “‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou, ni taye sou kote bab nou.

    28 “‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.

  14. 3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,

    lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,

    4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?

    Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?

  15. Pou direktè koral la; yon sòm David

    1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.

    Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.

    2 Jou apre jou, l ap pale san rete;

    Nwit apre nwit, li revele konesans.

    3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl

    kote nou pa tande vwa yo.

    4  Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,

    ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.

    Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,

    5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye

    k ap sòti nan chanm li.

    Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.

    6 Li leve soti nan yon pwent syèl,

    pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.

    Anyen pa chape devan chalè li.

  16. 6 “‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.

  17. 19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.

  18. 2 Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a.

  19. 30 “‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.

    31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  20. 27 “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”

  21. 8 Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo,

    ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,

    ki etenn lajounen pou fè lannwit,

    ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;

    SENYÈ a, se non L.

  22. 22 e evite tout kalite mal.

  23. 23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”

  24. 4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo, 5 sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom,

  25. 7 Li kòmande solèy la pou l pa klere

    e ki mete yon so sou zetwal yo.

    8 Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo

    e bese vag lanmè yo.

    9 Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an,

    avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.

    10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo,

    avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.

  26. 3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

    4 Li konte fòs kantite zetwal yo.

    Li bay non a yo tout.

  27. 16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal. 17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li. 18 Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.

  28. 7 Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.”

    8 Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di. 9 Epi wa Belschatsar te plen ak gwo laperèz, figi li te vin pi pal e prens li yo te vin twouble.

  29. 25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.

  30. 18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan. 20 Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.

  31. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

  32. 6 Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.

  33. 13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.

  34. 26 si mwen te gade solèy la lè l t ap brile,

    oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,

    27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,

    e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,

    28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,

    paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.

  35. 9 Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.

  36. 2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.

  37. 19 Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.”

    Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo!

  38. 2 Paske zidòl lakay yo pale inikite;

    divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,

    ke yo repete kon fo rèv.

    Yo bay rekonfò an ven.

    Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;

    yo aflije akoz yo pa gen bèje.

  39. 9 Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.

  40. 29 “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.

    30 “Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,

  41. 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.