82 Bible Verses About Light
Bib Sen An (BSA)
-
1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm. 5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8 Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
8 Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10 ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi. 11 Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo. 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. 13 Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. 14 Pou rezon sa a Li di:
“Leve, sila k ap dòmi an,
Leve sòti nan lanmò
E Kris va klere sou ou.”
-
5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
12 Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
-
1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. 5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
-
NUN
105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e
yon limyè nan pa pye mwen.
-
3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. 4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. 5 Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus. 6 Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.
-
14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
-
9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.
-
Yon sòm David
1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2 Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te chape tonbe.
-
35 Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale. 36 Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.
37 Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li.
-
19 Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò,
ni klate lalin nan pou ba ou limyè;
men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl
e Bondye ou kon glwa ou.
20 Solèy ou p ap bese ankò,
ni lalin nan p ap febli;
paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl
e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.
-
1 “Leve, briye; paske limyè ou fin parèt
e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.
2 Paske gade byen, tenèb va kouvri latè
e pwofon tenèb tout pèp yo.
Men SENYÈ a va vin leve sou ou,
e glwa li va parèt sou ou.
3 Nasyon yo va vin kote limyè ou a,
e wa yo nan klète lè ou leve a.
4 “Leve zye ou toupatou e gade;
yo tout rasanble ansanm;
yo vin kote ou.
Fis ou yo va vini soti lwen,
e fi ou yo va pote nan bra yo.
5 Epi ou va wè, ou va plen ak limyè;
kè ou va kontan e ou va rejwi.
Paske abondans lanmè a va vire vè ou;
gran richès a nasyon yo va rive kote ou.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
-
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.
-
44 Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an. 45 Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an. 46 Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.
-
126 Se lè pou Ou aji, SENYÈ,
paske yo te vyole lalwa Ou a.
127 Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo,
plis pase lò, wi plis pase lò fen.
128 Pou sa, mwen konsidere byen tout
òdonans Ou yo selon tout bagay.
Mwen rayi tout sa ki fo.
PE
129 Temwayaj Ou yo mèvèye.
Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
130 Lè pawòl Ou antre, li bay limyè.
Li bay bon konprann a sila ki senp yo.
-
15 “Peyi Zabulon ak peyi Nephtali,
toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an,
Galilée ki pou payen yo”
16 “Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè;
e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a,
sou yo menm yon limyè te vin parèt.”
-
2 Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.
-
23 Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an. 24 Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
25 Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo p ap janm fèmen.
-
28 Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:
29 “Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a
pati anpè selon pawòl Ou.
30 Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,
31 ke ou prepare devan tout nasyon yo;
32 “yon limyè revelasyon pou payen yo,
epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”
-
12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
-
7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
-
8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,
e gerizon ou va vòltije vit devan ou.
Ladwati ou va ale devan ou,
e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.
Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.
“Si ou retire jouk la nan mitan nou,
sispann pwente dwat sou lòt
e sispann pale mechanste;
10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,
e satisfè dezi a aflije a;
nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,
e tristès ou va klere kon gran lajounen.
-
35 “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
-
47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou:
‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo,
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
-
9 Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan. 10 Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li.
-
14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
-
11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,
ak kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.
-
13 Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
18 Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten
ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
19 Chemen mechan yo tankou tenèb;
yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
-
3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li. 4 Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”
5 Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?”
Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
-
3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
-
5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”
-
6 Mwen menm se SENYÈ a.
Mwen te rele Ou nan ladwati.
Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men.
Mwen va pran swen Ou.
Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la,
kon yon limyè pou nasyon yo,
7 pou ouvri zye avèg yo,
pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a,
e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
-
33 “Pèsòn, lè l fin limen yon lanp pa mete li nan yon kote an kachèt, ni anba yon panyen, men sou yon chandelye, pou sila ki antre yo kapab wè limyè a.
34 “Lanp a kò nou se zye nou. Lè zye nou klè, tout kò nou osi ranpli avèk limyè; men lè l pa bon, kò nou osi ranpli avèk tenèb.
35 “Alò, veye ke limyè nan nou an pa tenèb.
36 “Si donk, tout kò nou ranpli avèk limyè, san tenèb ladann, li va klere nèt, tankou lè lanp klere nou avèk reyon li.”
-
8 “Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pasefis a limyè yo.
-
23 Paske kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
-
22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.
“Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
-
4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
-
19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.
-
13 “Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a.
Yo pa vle konnen pa li,
ni rete nan chemen li yo.
14 Asasen an leve granmmaten.
Li touye malere a ak endijan an.
Nan lannwit, se yon vòlè li ye.
15 Zye adiltè a tann lannwit rive;
li di: ‘Zye p ap janm wè m.’
Li kouvri figi li.
16 Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo.
Yo fèmen yo menm pandan jounen an.
Yo pa konnen limyè.
17 Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès,
tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
-
16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; 17 k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, 18 pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
-
3 Bondye a Israël la te di,
Wòch Israël la te pale mwen,
Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,
ki renye avèk lakrent Bondye yo,
4 Se tankou limyè maten lè solèy la leve,
Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf
Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
-
2 Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.
Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
-
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan?
-
6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”
SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
-
6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen,
pou leve fè monte tout tribi Jacob yo,
e restore retay Israël la.
Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo,
pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”
-
23 Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.
-
14 Apre, Li te dirije yo avèk nwaj
nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.
-
30 Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li.
Li kouvri fon lanmè yo.
31 Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo.
Li bay yo manje an gran kantite.
32 Li kouvri men Li ak eklè la,
e pase lòd pou l frape sou mak la.
-
28 Paske SENYÈ a va limen lanp mwen.
Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.
-
7 Limyè a byen bèl,
e li bon pou zye wè solèy la.
-
1 Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans
e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,
jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè
e sali li tankou yon tòch k ap brile.
-
4 Ekla Li tankou reyon solèy la.
Gen tras klate limyè ki soti nan men L,
e nanpwen anyen ki kache de pouvwa Li.
-
2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
-
14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
-
20 Alò li te vin divize kan Égypte la ak kan Israël la. Te gen nwaj la ansanm avèk tenèb la, men li te bay limyè nan nwit lan. Konsa youn pa t pwoche lòt pandan tout nwit lan.
-
7 Lalwa SENYÈ a pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8 Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
9 Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman SENYÈ yo vrè;
Yo jis san manke.
10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
-
11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.
SENYÈ a va bay gras avèk glwa.
Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
-
9 Limyè a moun dwat la se rejwisans;
men lanp a mechan an va etenn.
-
13 Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb.
-
20 Malè a sila ki rele mal la bon,
ak bon an mal la;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
-
3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
-
15 Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.
-
21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit. 22 Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.
-
18 Lè li estène, li fè limyè vin parèt;
e zye li tankou pòpyè zye nan maten.
19 Tòch dife yo sòti nan bouch li;
sann volan yo vòltije vin parèt.
20 Sòti nan nen l, se lafimen;
konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi,
oswa fèy sèch k ap pran dife.
21 Souf li ka limen chabon,
e flanm yo sòti nan bouch li.
-
10 Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.
-
3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
-
4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.
-
9 Jésus te reponn yo: “Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen, li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. 10 Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”
-
7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”
Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
-
3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
-
16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.
-
29 Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a.
30 Pou sa, lè Aaron avèk tout fis Israël yo te wè Moïse, byen gade, po figi li t ap briye, e yo te pè pwoche li.
-
26 Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m;
lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
-
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo p ap janm wont.
-
17 Limyè Israël la va devni yon dife; Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou.
-
5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
Shows Read in context, Share and Copy.