48 Bible Verses About Pregnancy

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Pregnancy
  1. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

    17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen!

    A la gran, yo gran anpil!

    18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.

    Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

  2. 4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:

    5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

    e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

    Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

    6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”

    7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8 Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.

  3. 14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

    16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

    17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.

  4. 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.

    22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.

    23 SENYÈ a te di li:

    “Gen de nasyon nan vant ou.

    De pèp va vin separe sòti nan vant ou.

    Yon pèp va pi pwisan ke lòt la.

    Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”

    24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. 25 Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. 26 Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.

  5. 24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.

    26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

  6. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

    10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon.

  7. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  8. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  9. 1 Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” 2 Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.

  10. 22 Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo. 23 Men si gen plis mal ki fèt, alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi, 24 zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye, 25 brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.

  11. 7 Li p ap krent move nouvèl.

    Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.

  12. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  13. 24 Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: 25 “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”.

    26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth, 27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. 28 Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”

  14. 1 Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la. 2 Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a. 3 Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac. 4 Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a. 5 Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.

  15. 22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

    Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

  16. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  17. 1 Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. 2 Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.

    3 Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li. 4 Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.

    5 Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”

    6 Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.”

    Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.

  18. 22 Alò, Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te louvri vant li. 23 Konsa, li te vin ansent, e li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Bondye retire repwòch mwen.”

  19. 29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  20. 44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”

  21. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.

  22. 11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit. 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”

    13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’

    14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”

    15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”

  23. 17 Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit. 18 Paske SENYÈ a te fèmen vant a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.

  24. 27 Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen jimo nan vant li. 28 Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”. 29 Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Pérets. 30 Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li Zerah.

  25. 25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou. 26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.

  26. 19 Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li.

  27. 9 Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an,

    pou mwen pa livre pitit la?” pale SENYÈ a.

    “Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a,

    ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.

    10 “Fè kè kontan ak Jérusalem,

    e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo.

    Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,

    11 pou nou kapab souse e jwenn satisfaksyon nan tete li,

    pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”

    12 Paske konsa pale SENYÈ a:

    “Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè

    e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde.

    Nou va vin pran tete,

    nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.

    13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,

    se konsa Mwen va rekonfòte nou;

    epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”

  28. 13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.

    15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. 16 Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a. 17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”

  29. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  30. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

  31. 1 Yon gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal. 2 Li te gwo ansent e te kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.

    3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. 4 Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè.

    Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a. 5 Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.

  32. 13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou. 14 Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.

  33. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  34. 5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,

    ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,

    se konsa ou pa konnen zèv Bondye

    ki fè tout bagay la.

  35. 14 Kite jou ke mwen te fèt la modi;

    kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!

    15 Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan,

    ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,”

    e ki te fè l byen kontan an, vin modi.

    16 Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke

    SENYÈ a te kraze nèt san pitye.

    Kite li tande gwo kri nan granmmaten

    ak kri “Anmwey” a midi,

    17 akoz li pa t touye m avan mwen te fèt,

    pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a

    pou vant li rete ansent pou tout tan.

    18 Poukisa mwen te janm sòti nan vant,

    pou m ta gade twoub ak tristès,

    pou jou m yo ta pase nan wont?

  36. 16 Samarie va pote koupabilite li,

    paske li te fè rebèl kont Bondye li a.

    Yo va tonbe pa nepe.

    Timoun piti yo va vin kraze an mòso,

    epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.

  37. 41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an!

  38. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.

    6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.

  39. 13 Ou pa pou touye moun.

  40. 1 Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an. 2 Li te gen de madanm: youn te rele Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit. 3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. 4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. 5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li. 6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”

    9 Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt tanp SENYÈ a. 10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. 11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”

    12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. 13 Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: “Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”

    15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”

    17 Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab ba ou sa ou mande L la.”

    18 Anne te reponn: “Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.

    19 Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.

    20 Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”

  41. 15 Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?

    Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?

  42. 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

    2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

    3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

    ak ravaj gwo maladi yo.

    4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.

    Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

    Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

  43. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

  44. 18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an. 19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

    “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”

    22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;

    23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent

    e l ap fè yon gason.

    Y ap nonmen li Emmanuel”,

    ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.

  45. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

  46. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.

  47. 3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;

  48. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.