80 Bible Verses About Government
Bib Sen An (BSA)
-
1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. 5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou. 6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. 7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
18 Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo. 19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,
22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.
24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
25 Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.
-
15 Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo. 16 Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn. 17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
18 Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye! 19 Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.”
Yo te pote bay Li yon denye.
20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
21 Yo reponn Li: “Se pou César”.
Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
22 Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
-
27 Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. 28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.
29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”
-
10 Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”
11 Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”
12 Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”
13 Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha. 14 Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la.
Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”
15 Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!”
Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?”
Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”
16 Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
-
4 Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan Rama. 5 Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.” 6 Men bagay la te degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.”
Samuel te priye a SENYÈ a. 7 SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo. 8 Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou. 9 Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen prensip a wa ki va renye sou yo a.”
10 Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a pèp la ki te mande li pou yon wa a. 11 Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, yo va kouri devan cha li. 12 Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo. 13 Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje. 14 Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo. 15 Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo. 16 Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li. 17 Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li. 18 Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”
19 Sepandan, pèp la te refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou, 20 pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”
21 Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a. 22 SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”
-
1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
-
17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.
-
6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
-
1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.
-
13 Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li. 14 Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?
15 “Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?”
Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”
16 Epi yo te pote l.
Li te di yo: “Se imaj ak non a ki moun ki la a?”
Yo te di Li: “Se pou César”.
17 Konsa, Jésus te di yo: “Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.
-
20 Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a. 21 Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite. 22 Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”
23 Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo: 24 “Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
25 Li te di yo: “Pou sa, bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
-
28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a,
e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
-
20 Daniel te di:
“Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,
paske sajès ak pouvwa se pou Li.
21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.
Li retire wa e Li etabli wa.
Li bay sajès a moun saj yo,
e konesans a moun ki gen bon konprann.
22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.
Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,
e se limyè a ki rete avè L.
23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,
mwen remèsye Ou.
Mwen bay Ou lwanj,
paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.
Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa
ke nou te mande Ou a,
Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”
-
18 “O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou. 19 Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l. 20 Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l. 21 Anplis, li te chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito.
22 “Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa, 23 men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa. 24 Konsa, men an te voye devan l, e sa se enskripsyon ki te byen ekri a.
25 “Alò, sa se enskripsyon ki te byen ekri a: ‘MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.’
26 “Sa se entèpretasyon a mesaj la: ‘MENE’—Bondye te konte wayòm ou an e te mete fen a li.
27 ‘TEKEL’—ou te peze sou balans e ou te manke.
28 ‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a moun Mèd ak Pès yo.”
29 Konsa, Belschatsar te pase lòd pou yo te abiye Daniel an mov, e mete yon kolye an lò nan kou li. Li te pibliye yon dekrè selon li ke Daniel te gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.
30 Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye. 31 Konsa Darius, Mèd la, te resevwa wayòm nan ak anviwon laj swasann-de lane.
-
13 Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala youn ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la. 14 Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li. 15 Sepandan kite chouk la rete anrasine nan tè a, menm avèk yon bann an fè ak bwonz k ap ansèkle l nan zèb nèf chan an. Kite moun sa a tranpe ak lawouze syèl la. Kite li pataje zèb la avèk bèt chan latè yo. 16 Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite sèt epòk vin pase sou li.
17 Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.
18 Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”
-
8 Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a,
e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.
9 Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l,
e lènmi li yo va niche pousyè a.
10 Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado.
Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.
11 Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.
-
31 “Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te etonan. 32 Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz, 33 janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil. 34 Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso. 35 Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.
36 “Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay lentèpretasyon li devan wa a. 37 Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a. 38 Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.
39 “Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè. 40 Epi va gen yon katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso. 41 Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la. 42 Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil. 43 Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari.
44 “Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan. 45 Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vre e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”
-
28 Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a. 29 Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone. 30 Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”
31 Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou. 32 Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”
33 Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.
34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an;
Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan
epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.
35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,
men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la
e pami sila ki rete sou latè yo;
epi nanpwen moun ki ka evite men Li,
ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
36 Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen. 37 Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.
-
14 “Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: ‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’. 15 Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou.
“Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou. 16 Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’ 17 Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li.
18 “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo. 19 Li va rete avèk li, e li va li li pandan tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo; 20 e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
-
18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
-
15 Akoz mwen, wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
-
4 Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo, 5 “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen. 6 Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li. 7 Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”
8 “Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.
-
3 Moïse te monte vè Bondye. SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo: 4 ‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm. 5 Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen. 6 Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”
7 Se konsa Moïse te vini, e te rele ansyen pami pèp yo. Konsa, li te plase devan yo tout pawòl sa yo ke SENYÈ a te kòmande li. 8 Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
-
2 Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz sèman ki te fèt devan Bondye a. 3 Pa prese abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.” 4 Akoz pawòl a wa a pote otorite, se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?” 5 Sila ki swiv yon kòmand wayal pa jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji. 6 Paske gen yon tan ak mwayen ki bon pou chak plezi, malgre pwoblèm moun an peze lou sou li. 7 Si pa gen pèsòn ki konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive. 8 Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.
9 Tout sa mwen konn wè yo, e konn aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi otorite l sou lòt pou fè mal la.
-
24 Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”
25 Li te reponn: “Wi”.
Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”
26 Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. 27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”
-
22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans. 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.
24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
32 Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.
33 Konsa Paul te sòti nan mitan yo.
34 Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.
-
13 Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”
17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.
-
18 “Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat. 19 Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo. 20 Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.
-
1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li vire l kote Li vle.
-
4 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
-
33 Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo.”
34 Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”
35 Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”
36 Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”
37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?”
“Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a. 39 Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”
40 Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.
-
14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
-
21 Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a;
pa asosye ak sila ki pa stab yo,
22 paske, malè yo va leve vit.
Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
-
11 Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”
-
22 Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”
23 Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.”
-
26 Nenpòt moun ki refize obsève lalwa Bondye ou a, avèk lalwa a wa a, kite jijman vin tonbe sou li avèk severite, swa pou lanmò, swa mete l deyò nan peyi a, swa sezi byen li, oswa ba li prizon.”
-
7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan;
Li te etabli twòn Li pou jijman.
8 Li va jije mond lan avèk ladwati;
Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
-
15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
-
1 Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan), 2 ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di: 3 Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
4 SENYÈ a te voye bannou tout sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute, 5 Li te di: “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan. 6 Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”
7 “Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
8 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo, 9 gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan. 10 Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan. 11 Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.”
12 “Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan. 13 Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo. 14 (Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”
-
7 Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe jete nan fòs lyon an. 8 Alò, O wa, fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.” 9 Konsa Darius, wa a, te siyen dokiman an, ak dekrè a.
10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an. 11 Alò, mesye sila yo te reyini ansanm e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a. 12 Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?”
Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.”
13 Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.” 14 Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li.
15 Alò, mesye sila yo te rasanble ansanm devan wa a. Yo te di wa a: “Byen konprann, O wa, ke sa se yon lwa a Mèd ak Pès yo, ke okenn pwosè legal, ni dekrè ke wa a ta etabli, pa kapab chanje.”
16 Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: “Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.”
17 Yon wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel. 18 Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.
19 Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an. 20 Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?”
21 Konsa, Daniel te reponn a wa a: “O wa, viv jis pou tout tan! 22 Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
23 Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te mete konfyans nan Bondye li a.
24 Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.
25 Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a:
“Ke lapè ou kapab vin miltipliye!
26 Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la;
Paske Li se Bondye vivan an,
ki dire jis pou tout tan an,
epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi.
Règn li an va jis pou tout tan.
27 Li delivre e Li sove,
Li fè sign ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a.
Li menm ki te delivre Daniel soti nan pouvwa a lyon yo.”
28 Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.
-
7 Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.
8 Konsa sa ekri:
“Lè Li te monte anlè,
Li te mennen kon kaptif,
kaptivite a menm,
e Li te bay don a lèzòm.”
9 Alò, fraz sila a, “Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a? 10 Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab akonpli tout bagay.
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
-
23 Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.
-
11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12 Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
-
25 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.
-
15 Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di: 16 “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
17 Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
-
19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la
e souverènte li regne sou tout bagay.
-
25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
-
1 Alò, lè tout wa ki te lòtbò Jourdain nan peyi kolin yo, nan peyi ba plèn ak nan tout kot Gran Lamè a bò kote Liban, Etyen an, avèk Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an Evyen an ak Jebizyen an te tande koze sa, 2 yo te reyini ansanm avèk yon sèl bi pou goumen avèk Josué e avèk Israël.
3 Lè pèp la nan Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï, 4 yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud, 5 avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni. 6 Yo te ale kote Josué nan kan an nan Guilgal, e yo te di a li menm avèk mesye Israël yo: “Nou sòti nan yon peyi byen lwen. Konsa, fè yon akò avèk nou.”
7 Mesye Israël yo te di a Evyen yo: “Petèt ou rete touprè nou: donk, kijan nou kap fè akò avèk ou?”
8 Men yo te di Josué: “Nou se sèvitè ou.” Alò, Josué te di yo: “Ki moun nou ye e kibò nou sòti?”
9 Yo te di li: “Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo, 10 ak tout sa Li te fè a wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, a Sihon, wa Hesbon an ak Og, wa Basan an, ki te Ashtaroth. 11 Pou sa, tout ansyen nou yo avèk tout abitan a peyi nou yo te pale nou e te di: ‘Mete pwovizyon nan men nou pou vwayaj la. Ale rankontre yo e di yo: “Nou se sèvitè ou; alò, fè yon akò avèk nou.”’ 12 Sa se pen nou e li te cho lè nou te pran li pou pwovizyon nou e sòti lakay nou nan jou ke nou te pati pou vin kote ou a, men koulye a, gade, li rasi. 13 Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”
14 Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo pa t mande SENYÈ a konsèy. 15 Josué te fè lapè avèk yo. Li te fè yon akò avèk yo pou lese yo viv, epi dirijan kongregasyon an te sèmante yon ve ak yo.
16 Li te vin rive nan fen twa jou yo, lè yo te fin fè akò avèk yo, ke yo te tande ke yo te vwazen ki te rete nan peyi yo. 17 Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim. 18 Fis Israël yo pa t frape yo akoz dirijan kongregasyon an te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye a tout Israël la.
Epi tout kongregasyon an te plenyen kont dirijan yo. 19 Men tout dirijan yo te di a tout kongregasyon an: “Nou te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye Israël la. Koulye a, nou pa kapab touche yo. 20 Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.” 21 Dirijan yo te di a yo menm: “Kite yo viv.” Konsa, yo te vin moun ki pou koupe bwa ak rale dlo pou tout kongregasyon an, jis jan ke dirijan yo te pale yo a. 22 Epi Josué te rele yo pou te pale avèk yo. Li te di: “Poukisa nou te twonpe nou, e di: ‘Nou lwen nou,’ lè vrèman nou ap viv nan mitan peyi nou an? 23 Koulye a, pou sa, nou modi e nou p ap janm sispann jwe wòl kòm esklav, ni pou koupe bwa ni pou rale dlo pou kay Bondye mwen an.”
24 Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a. 25 Alò, gade, nou nan men ou. Fè avèk nou sa ki sanble bon e jis nan zye ou pou fè nou.”
26 Se konsa, li te fè yo, e te livre yo nan men a fis Israël yo pou yo pa t touye yo. 27 Men Josué te bay yo ransèyman soti nan menm jou sa a, kòm moun ki koupe bwa ak rale dlo pou kongregasyon an ak lotèl SENYÈ a, jis rive nan jou sila, nan plas ke Li ta chwazi a.
-
1 Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”
-
25 SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
-
21 Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
-
2 Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
-
12 Genyen sèten Jwif ke ou te chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.”
13 Epi Nebucadnetsar byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a. 14 Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a? 15 Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”
16 Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. 17 Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. 18 Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”
-
22 Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; li pa merite viv!”
23 Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè, 24 kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.
25 Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”
26 Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.
27 Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?”
E li te di: “Wi.”
28 Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.”
Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
29 Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.
-
6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
-
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo? 2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? 4 Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo? 5 Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo? 6 Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo. 7 Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod? 8 Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
-
10 Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo, 11 timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo, 12 pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a, 13 pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la. 14 Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap fè akò sila a avèk sèman sila a, 15 men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a
-
1 Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou. 2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’” 3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.
-
9 Alò, SENYÈ a te byen fache avèk Salomon akoz kè li te vire lwen SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te vin parèt a li de fwa. 10 Li te kòmande li sou bagay sa a, ke li pa ta dwe ale apre lòt dye yo, men li pa t swiv sa ke SENYÈ a te kòmande a. 11 Pou sa, SENYÈ a te di a Salomon: “Akoz ou te fè sa e ou pa t kenbe akò Mwen, avèk règleman Mwen yo, ke M te kòmande ou pou fè yo, Mwen va, anverite, chire wayòm nan soti nan men ou e Mwen va bay li a sèvitè ou. 12 Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo. 13 Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.”
-
7 Paske Bondye se Wa a tout tè a.
Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.
8 Bondye regne sou nasyon yo.
Bondye chita sou twòn wayal Li a.
-
3 Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”!
Akoz grandè a pwisans Ou, menm,
lènmi Ou yo va soumèt a Ou.
4 Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.
Li va chante lwanj Ou.
Tout va chante lwanj a non Ou; Tan
5 Vini pou wè zèv Bondye yo.
Zèv etonan anvè fis a lòm yo.
6 Li te chanje lanmè a an tè sèch.
Yo te pase travèse rivyè apye.
La menm, nou te rejwi nan Li!
7 Li renye ak pwisans pou tout tan.
Zye Li veye sou nasyon yo.
Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
-
1 Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
2 Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil;
men lòd etabli pa yon nonm bon konprann ak konesans.
-
14 Si yon wa jije pòv yo ak verite,
twòn li va etabli jis pou tout tan.
-
17 Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an. 18 Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la, 19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. 20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.
-
8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
-
15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
-
2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent.
Li se Gran Wa a sou tout latè a.
-
4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan
-
24 Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;
konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
-
1 Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan. 2 Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufri okenn pèt. 3 Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou tout wayòm nan.
-
22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
-
5 Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.
Shows Read in context, Share and Copy.