50 Bible Verses About Marriage Problems
Bib Sen An (BSA)
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li. 31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.”
-
13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.
-
27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
-
18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
-
6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
10 Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò. 11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”
-
4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
-
20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
-
1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
-
33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
-
10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.
12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.
16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.
-
4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
-
29 Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen; 30 epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen; 31 epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.
32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. 35 Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.
36 Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye. 37 Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen. 38 Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.
-
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.
-
15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,
kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
20 Paske poukisa fis mwen an,
ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,
e anbrase lestonmak a yon etranje?
-
9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.
-
1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.
-
14 Ou pa pou fè adiltè.
-
7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
-
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
-
30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
-
3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. 4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. 5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li. 6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”
-
5 Paske mari ou se Kreyatè ou a;
yo rele L SENYÈ dèzame yo.
Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.
Yo rele Li Bondye a tout latè a.
-
8 “‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
-
1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”
-
9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
-
22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
23 “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, 24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
-
18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
-
16 Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li. 17 Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk frè fiyanse a pou vyèj yo.
-
19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè.
-
2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
-
16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
-
17 Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li.
-
5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
-
17 ki kite konpanyen jenès li a,
e ki bliye akò a Bondye li;
-
6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;
men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
A la beni fis ki vini apre li yo beni!
-
10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11 Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
-
10 A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,
fi a maryaj mwen an!
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
-
5 Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,
konsa fis ou yo va marye avèk ou;
epi menm jan jennonm maryaj la
ap rejwi ak jenn fi maryaj la,
konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.
-
14 “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”
-
9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.
Nanpwen lasante ladann.
Se kilès ki ka konprann li?
-
19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.
Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,
nan lanmou dous ak konpasyon.
-
24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.
-
2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a.
-
1 Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.
2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.
-
16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”.
-
7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. 8 Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm.
-
31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.
Shows Read in context, Share and Copy.