70 Bible Verses About Love and Marriage
Bib Sen An (BSA)
-
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
-
21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
-
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.
-
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
-
18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
-
4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”
8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
-
31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
-
7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.
-
9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
-
16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.
-
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
-
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
-
7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.
-
6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,
tankou yon so sou bra ou.
Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.
Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;
lè l pete se tankou dife k ap pete.
Vrèman se flanm SENYÈ a.
7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,
ni rivyè p ap ka inonde l.
Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,
sa ta konplètman meprize.
-
2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.
-
1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.
-
13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
-
14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
-
4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
-
5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a. 6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
-
9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
-
27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
-
12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.
16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.
-
6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” 8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.
9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”
-
3 Pa kite dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
-
8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
-
1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
6 Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd.
-
1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
-
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?
-
22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a.
-
10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11 Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
-
5 Paske mari ou se Kreyatè ou a;
yo rele L SENYÈ dèzame yo.
Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.
Yo rele Li Bondye a tout latè a.
-
28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li.
-
11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.
-
34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”
-
10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.
-
1 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.
2 Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an. 3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.
-
32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,
kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
-
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
-
14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.
-
24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.
-
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
-
1 “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li. 2 Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye. 3 Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri, 4 premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a.
“Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.
-
Jenn Fi a
16 Cheri mwen an se pa m,
e mwen se pa l.
Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,
-
36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
-
18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
-
2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.
-
16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
-
8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,
paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.
Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,
paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
-
17 Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
-
14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
-
18 “Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen,
kat ke m pa konprann:
19 Vòl a yon èg nan syèl la,
pa sèpan an sou wòch,
chemen gwo bato a nan mitan lanmè,
ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
-
9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,
ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.
-
29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. 8 Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm. 9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.
-
39 Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a.
-
17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
-
28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
Shows Read in context, Share and Copy.