36 Bible Verses About Giving
Bib Sen An (BSA)
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.
2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.
-
8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.
-
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich. 10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l. 11 Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou. 12 Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen. 13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite. 14 Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite. 15 Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”
-
24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.
Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
-
1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; 4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
-
41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
-
7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
-
15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
-
16 “Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid. 17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.
-
8 Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.
-
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
-
1 Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan. 2 Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv. 3 Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout; 4 paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”
-
4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
-
27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
-
18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.
-
10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’
-
4 Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
-
27 Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
-
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
-
23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.
-
3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
-
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
-
21 Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo.
22 Epi tout sa yo ki te mennen pa bòn volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.
-
10 Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
11 Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”
12 Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”
13 Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. 14 Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”
15 Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. 16 Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.
-
9 Sila ki bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
-
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
-
30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo.
-
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.
-
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
Shows Read in context, Share and Copy.