112 Bible Verses About Wealth
Bib Sen An (BSA)
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
-
1 Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. 2 Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. 3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! 4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
5 Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. 6 Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
-
13 Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
14 Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
-
10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite. 11 Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?
12 Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.
13 Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li. 14 Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.
-
7 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo; 8 yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl; 9 yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladan l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.
10 “Lè nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an. 11 Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. 12 Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, 13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, 14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la. 16 Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. 17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.
-
9 “Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen arichès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo.
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo. 12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
-
4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès;
sispann reflechi sou sa.
5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale.
Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg
k ap vole vè syèl yo.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la. 14 Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an. 15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
-
5 Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo,
Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
6 Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo,
ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
7 nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li,
ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
8 Paske redanmsyon nanm li koute chè.
Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
9 pou l ta viv toujou jis pou letènite,
pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
10 Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.
Yo kite byen yo pou lòt yo.
11 Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan,
epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo.
Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
12 Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.
Li tankou bèt yo ki peri.
-
21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24 Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
-
24 Si se nan lò mwen te mete espwa m,
pou m te di lò fen an, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25 Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,
e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26 si mwen te gade solèy la lè l t ap brile,
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,
paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.
-
28 Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;
men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
-
11 Richès ki sòti nan manti koule ale;
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
-
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
-
17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”
18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
23 Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”
24 Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a! 25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26 Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”
27 Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
-
1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.
2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal, 3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?
5 Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? 6 Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. 7 Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
-
32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
-
10 Pa mete konfyans nan peze kou moun desann.
Ni pa mete fo espwa nan vòlè.
Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.
-
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
-
23 Konnen byen kondisyon a bann mouton ou yo,
e okipe twoupo ou yo;
24 paske richès pa la pou tout tan,
ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
-
6 Moun dwat yo va wè, va gen lakrent;
yo va ri sou li epi di:
7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a,
men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo.
Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
-
19 Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. 20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.
-
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
1 Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li. 2 Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
-
7 SENYÈ a fè pòv ak rich.
Li abese e anplis, Li leve.
-
4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;
men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
-
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
-
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di: 2 “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Akoz kè ou vin leve,
e ou te di: ‘Mwen se yon dye,
Mwen chita sou chèz Bondye,
nan kè lanmè yo’;
malgre, ou se yon nonm
e ou pa yon dye;
sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—
3 gade byen, ou pi saj ke Daniel.
Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.
4 Ak sajès ou ak bon konprann ou,
ou te vin genyen richès pou tèt ou,
e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.
5 Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou
e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”
6 “‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,
7 akoz sa, gade byen,
Mwen va mennen etranje yo sou ou,
sila ki pi sovaj pami nasyon yo.
Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou,
e yo va souye gwo bèlte ou a.
8 Yo va mennen ou desann nan twou fòs la,
e ou va mouri lanmò a sila ki touye
nan kè lanmè yo.
9 Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’,
nan prezans a sila ki te touye ou a?
Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye,
nan men a sila ki blese ou yo.
10 Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo,
paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”
-
22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi.
-
57 Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus. 58 Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus.
Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.
59 Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp. 60 Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.
18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.
-
8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
-
18 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
21 Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 25 Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
26 Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
27 Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
28 Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, 30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”
-
12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li. 13 Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès. 14 Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.
-
22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;
konsa li pa mele ak chagren.
-
22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
23 Gen anpil manje nan tè malere a;
men li fin bale nèt akoz enjistis.
-
6 Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo;
men gwo twoub se salè a mechan an.
-
17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
-
4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
-
6 “Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?” 7 Èske moun ki dwe w yo p ap leve sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo. 8 Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
9 “Malè a sila ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè! 10 Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou. 11 Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.
-
41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
-
13 “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.
-
9 Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li; 10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt. 11 Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.
-
23 Konsa pale SENYÈ a:
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
-
8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri
okenn inikite, ki ta peche.”
-
19 “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak len fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
20 “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
27 “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’
31 “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.
-
9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.
-
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18 Richès ak lonè avè m;
richès k ap dire ak ladwati.
19 Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20 Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab ranpli kès yo.
-
10 Èske toujou gen trezò mechanste
lakay mechan an, ak yon mezi ki manke?
Ki se madichonnen?
11 Èske Mwen kapab tolere yon fo balans
ak yon sachè fo pèz?
12 Paske moun rich li yo plen vyolans.
Rezidan li yo fè manti,
e lang yo twonpe soti nan bouch yo.
13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav.
Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
-
14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
-
1 Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo; 2 pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vre konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm. 3 Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.
-
1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.
-
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
-
1 Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal. 2 Sèt fis ak twa fi te fèt a li menm. 3 Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.
-
16 Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,
pase yon bèf gra ak rayisman.
-
27 Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;
men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
-
1 Yon bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
-
11 Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li,
se konsa sila ki ranmase richès san dwa.
Nan mitan jou li yo, yo va kite li,
e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
-
4 Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule,
O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo?
E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’
-
23 Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
-
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
-
11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
-
26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
-
8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.
-
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.
-
1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo. 3 Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. 4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo.
-
7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm
-
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
-
27 Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè, 28 anplis, depo pou konsève sereyal, diven avèk lwil, pak pou tout kalite bèt, avèk pak pou bann mouton yo. 29 Li te fè vil pou li menm, e te vin genyen bann mouton avèk twoupo an gran kantite, paske Bondye te ba li anpil richès. 30 Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.
31 Men nan afè mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l.
32 Alò, tout lòt zèv Ézéchias yo avèk zèv fidèl li yo, vwala, yo ekri nan vizyon Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, nan Liv A Wa Juda Avèk Israël Yo.
-
16 Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè
e prepare vètman anpil tankou ajil,
17 li kab prepare l, men se moun ladwati yo k ap mete li,
se inosan yo k ap divize ajan an.
-
1 Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
2 Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
-
2 Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,
men ladwati delivre soti nan lanmò.
-
5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
-
44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
45 “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl. 46 Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
-
24 “Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou.
-
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
7 Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. 13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.
-
23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
-
1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li?
-
25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.
-
13 “‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
-
11 Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a, 12 sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”
-
3 SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,
men l ap rejte lanvi mechan an.
4 Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
-
8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
-
26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
-
8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
-
15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
-
16 Konsa, Josué te leve bonè nan maten e te fè Israël pwoche pa tribi. Tribi Juda a te pran. 17 Li te fè fanmi Juda pwoche; li te pran fanmi Zérarit yo. Li te fè fanmi Zérarit la pwoche moun pa moun e Zabdi te pran. 18 Li te fè fanmi lakay li pwoche, moun pa moun, epi Acan, fis a Carmi, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a te pran.
19 Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.”
20 Konsa, Acan te reponn Josué e te di: “Anverite, mwen te peche kont SENYÈ a, Bondye a tout Israël la; men sa mwen te fè a: 21 Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”
22 Konsa, Josué te voye mesaje yo. Yo te kouri vè tant lan, epi veye byen, li te kache nan tant li an avèk ajan an anba li. 23 Yo te pran yo soti anndan tant lan, epi yo te pote yo vè Josué avèk tout fis Israël yo pou yo te vide yo devan SENYÈ a.
24 Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan vale Acor a.
25 Josué te di: “Poukisa ou te twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.”
Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch.
-
7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;
yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.
8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;
men malere a pa tande menas.
-
23 Malere a pale: “Souple, fè m gras”;
men moun rich la reponn byen di.
-
8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
-
36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li?
-
1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
-
22 Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès.
-
22 Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an. 23 Ou te fè fis pa yo vin anpil kon zetwal syèl yo, epi Ou te mennen yo antre nan peyi ke Ou te mande zansèt pa yo antre pou posede a. 24 Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito. 25 Yo te kaptire vil fòtifye yo, avèk tèren byen fètil yo. Yo te vin posede kay plen avèk tout bon bagay, sitèn ki fin fouye, chan rezen, chan doliv avèk pye fwi an kantite. Konsa, yo te manje, te vin plen, epi te vin gra, e te pran plezi nan gran bonte Ou. 26 Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm. 27 Pou sa, Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo. 28 Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou, 29 epi te fè temwen kont yo pou fè yo retounen kote lalwa Ou. Sepandan, yo te aji avèk awogans e pa t Koute kòmandman Ou yo, men te peche kont òdonans Ou yo, selon sila yo, si yon nonm ta swiv yo, li ta viv. Men yo te vire yon do byen di, yo te fè tèt di, epi te refize koute. 30 Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo. 31 Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.
-
20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21 Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès
e li pa konnen kisa k ap rive li.
-
8 ‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo.
-
12 Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?
Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
-
25 “Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tout lemonn, e vinpèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?
-
11 Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13 Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.
14 “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’
15 “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.
16 “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”
17 “Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’
18 “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’ 19 Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’
20 “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21 paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
22 “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23 ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
24 “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’
25 “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
26 “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
27 “Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”
-
6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. 7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.
-
10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.
-
6 Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.
-
23 Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.
24 Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; 25 men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. 26 Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
27 Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. 28 Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo.
Shows Read in context, Share and Copy.