76 Bible Verses About God's Mercy

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Mercy
  1. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.

  2. 14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la. 17 Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” 18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.

    19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.

  3. 19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an;

    dlo absent ak amètim ki nan kè m nan.

    20 Anverite, nanm mwen sonje yo.

    Li vin koube anndan mwen.

    21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

  4. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  5. 12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

    17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  6. 7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;

    yo va resevwa mizerikòd.

  7. 35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

    36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

    37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.

  8. 4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

    enstwi m nan chemen Ou yo.

    5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

    Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;

    se Ou m ap tann tout lajounen.

    6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,

    Paske se yo ki la depi tan ale nèt.

    7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.

    Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,

    Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.

  9. 18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,

    ki padone inikite,

    e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?

    Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,

    akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.

    19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.

    Li va foule inikite nou yo anba pye L.

    Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.

    20 Ou va bay verite a Jacob

    ak mizerikòd a Abraham,

    tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo

    depi nan jou ansyen yo.

  10. 67 Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:

    68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

    paske li vizite nou,

    Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

    69 Li te leve yon kòn sali pou nou

    lakay David la, sèvitè Li a.

    70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

    71 Delivrans sou lènmi nou yo,

    ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;

    72 pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo,

    e pou sonje akò sen Li an,

    73 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,

    74 pou pèmèt ke nou menm,

    ki te delivre nan men lènmi nou yo,

    ta kapab sèvi Li san krent,

    75 nan sentete ak ladwati devan Li,

    pandan tout jou nou yo.

    76 Epi ou menm pitit, ou va rele

    pwofèt a Pi Wo a;

    paske ou va ale devan Senyè a,

    pou prepare chemen Li an;

    77 pou bay pèp Li a konesans a sali a,

    pou padon peche pa yo.

    78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an,

    k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.

    79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo

    ak nan lonbraj lanmò a,

    pou gide pye nou nan chemen lapè a.

  11. 6 Paske SENYÈ a te rele ou

    kon yon madanm abandone e atriste nan lespri,

    menm kon yon madanm nan jenès li

    lè l abandone,” di Bondye ou.

    7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou;

    men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.

    8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

    men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

    Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

  12. 12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a. 13 Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.

  13. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

    3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

    4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

    8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.

    9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

    10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.

  14. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.

  15. 17 “Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè. 18 Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a. 19 Fè yon cheriben nan yon pwent, e yon lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li. 20 Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.

    21 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a. 22 La Mwen va rankontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.

  16. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

    1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

    Selon grandè a mizerikòd ou,

    efase transgresyon mwen yo.

    2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

    netwaye m de peche mwen an.

    3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

    Peche mwen yo devan m tout tan.

    4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

    e te fè mal devan zye Ou.

    Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

  17. 5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.

    6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

  18. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  19. 8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

    9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

    lonje rive sou tout zèv Li yo.

  20. 17 “Men koulye a, mwen priye, pou pwisans a SENYÈ a vin gwo, jis jan ke Ou te deklare a, 18  ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’

    19  “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”

  21. 10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,

    ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.

    11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,

    menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.

    12 Menm jan lès lwen lwès la,

    Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.

    13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

    se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

    14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.

    Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.

  22. 6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

    rele Li pandan Li toupre a.

    7 Kite mechan an abandone chemen li an,

    ak pechè a, panse li yo.

    Kite li retounen kote SENYÈ a

    e Li va gen mizerikòd sou li;

    anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

    8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

    10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  23. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  24. 15 Men Ou menm, O SENYÈ,

    Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

    16 Vire vè mwen e fè m gras.

    O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,

    e fè sekou a fis a sèvant Ou a.

  25. 12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,

    “retounen kote Mwen ak tout kè nou;

    avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”

    13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

    14 Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a,

    pou L kite dèyè Li yon benediksyon,

    menm yon ofrann sereyal

    ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.

  26. 50 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon

    apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.

  27. 5 Paske Ou menm, Senyè a,

    Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,

    ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila

    ki rele sou non Ou yo.

  28. 12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.

  29. 1 Louwe SENYÈ a!

    O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,

    paske lanmou dous Li an se pou tout tan.

  30. 9 A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li.

  31. 8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

    lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

  32. 13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;

    men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

    14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!

    Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.

  33. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”

  34. 21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”

    22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.

    23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.

    26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.

    28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.

    29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.

    31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.

    32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.

    35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”

  35. 29 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.

    30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”

    31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.

    32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”

    33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.

    34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

  36. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

    27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a.

  37. 31 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm.

  38. 14 Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L: 15 “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo. 16 Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”

    17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!” 18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.

  39. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.

  40. 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!

    Rejwi, O latè!

    Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

    Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

    Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

  41. 21 Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon. 22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”

    23 Men Li pa t reponn li yon mo.

    Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.

    24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”

    25 Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”

    26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”

    27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”

    28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.

  42. 19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

  43. 14 Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”

  44. 27 Pou sa, Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo.

  45. 17 Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot a Senyè nou yo, Jésus Kri 18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.

    20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, 23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.

  46. 15 Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.” 16 Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.

    17 Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”

    18 Men Lot de di yo: “Alò, li pa konsa, mèt mwen yo! 19 Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri. 20 Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.”

    21 Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a. 22 Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.

  47. 30 Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo. 31 Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.

  48. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.

    22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.

  49. 8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

    10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  50. 18 Konsa, SENYÈ a ap tann. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!

  51. 14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.

  52. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  53. 28 Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou benefis a zansèt yo. 29 Paske kado ak apèl Bondye pa revokab. 30 Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo, 31 konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou. 32 Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.

  54. 25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. 26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. 27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. 28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. 29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li, 30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.

  55. 2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen

    chagren anpil.

    Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,

  56. 31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.

    32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;

    alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.

    33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,

    oswa pou atriste fis a lòm yo.

  57. 23 Mwen va simen li kote M nan tè a,

    Mwen va genyen mizerikòd pou li,

    fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la.

    Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an:

    ‘Ou se pèp Mwen an!’

    Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”

  58. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.

  59. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.

  60. 10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.

    Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.

    Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk

    verite Ou devan gran asanble a.

    11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.

    Lanmou dous Ou avèk verite Ou va

    prezève mwen tout tan.

    12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.

    Inikite mwen yo te fin pran m nèt

    jiskaske mwen pa t kab wè.

    Yo plis pase cheve sou tèt mwen.

    Kè m fin fè fayit.

  61. 27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”

    Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.

    29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.” 30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31 Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.

  62. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  63. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.

  64. 10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.

    Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.

  65. 4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.

    O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!

    5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.

    Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.

    6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.

    Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.

  66. 7 Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a,

    ak lwanj SENYÈ a.

    Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,

    ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,

    selon labondans konpasyon li,

    epi selon gran mizerikòd Li.

    8 Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen,

    fis ki p ap aji nan manti.”

    Pou sa, Li te devni Sovè yo.

  67. 6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,

    epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.

  68. 2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm

    e mwen kanpe etone nèt.

    O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo.

    Fè yo vin koni nan mitan ane yo.

    Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.

  69. 17 “Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.”

  70. 25 Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

    26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”

    27 Li te reponn:

    “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a

    avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,

    e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

    28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”

    29 Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”

    30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

    31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.

    32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.

    33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

    36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”

    37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.

  71. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  72. 8 Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; 9 epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a:

    “Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo,

    e mwen va chante Non Ou.”

    10 Li di ankò:

    “Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”

    11 Epi ankò:

    “Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo!

    Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”

    12 Esaïe di ankò:

    “Li va gen rasin Jessé a;

    Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo.

    Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”

    13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  73. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  74. 9 Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”

  75. 5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,

    e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.

    Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,

    epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

  76. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

    2 SENYÈ, koute vwa mwen!

    Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.

    3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,

    O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?

    4 Men avèk Ou menm, gen padon,

    pou moun ta gen reverans Ou.