56 Bible Verses About Pain

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Pain
  1. 16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  2. 3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

  3. 16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

    17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”

  4. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  5. 1 Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo: 2 Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.

    3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. 7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.

    8 Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou.

  6. 7 Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. 8 Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. 9 Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, 10 nonmen pa Bondye kòm wo prèt nan modèl a Melchisédek la.

  7. 1 Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.

    2 Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”

    3 Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. 4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. 5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”

  8. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.

  9. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

  10. Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon

    1 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,

    pou peche li ki kouvri a!

    2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,

    e nan lespri a sila ki pa gen manti a.

    3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen,

    kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

    4 Paske lajounen kon lannwit,

    men Ou te lou sou mwen.

    Fòs mwen te epwize vin bese

    tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

    5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,

    e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.

    Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,

    epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

  11. 18 Poukisa, doulè mwen an rete tout tan,

    eblese mwen an rete san gerizon?

    Èske Ou menm, anverite,

    va devni pou mwen kon yon sous twonpe,

    ak dlo sou sila yo pa ka depann?

    19 Konsa, pale SENYÈ a:

    “Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò

    pou ou kanpe devan M.

    Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè,

    ou va vin tankou bouch Mwen.

    Yo va retounen kote ou;

    men ou menm, ou p ap retounen kote yo menm.

  12. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

    “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

    ni vin febli lè nou korije pa Li;

    6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  13. 6 Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”

    7 Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li. 8 Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan li te chita nan mitan sann yo. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”

    10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”

    Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li. 11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.

  14. 22 Men kò l fè mal;

    epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.

  15. 17 Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m,

    e sa yo kap manje m pa pran repo.

    18 Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen.

    Li mare m nèt tankou kolye manto m.

  16. 7 Paske ren mwen plen ak brile.

    Nanpwen anyen ansante nan chè m.

  17. 2 Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun. 3 Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm. 4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.

    5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan. 6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.

    8 Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan. 9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm. 10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. 11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a.

  18. 15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.

    Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.

    16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.

    Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”

    17 Paske mwen prèt pou tonbe.

    Tristès mwen devan m tout tan.

    18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.

    Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.

  19. Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo

    Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”.

    Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la

    1 O SENYÈ, Bondye sali mwen an,

    Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.

    2 Kite priyè mwen vini devan Ou.

    Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!

    3 Paske nanm mwen gen kont twoub li.

    Lavi m vin toupre sejou lanmò a.

  20. 47 “Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye. 48 Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.

  21. 33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di: “Kibò nou mete Li?”

    Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”

    35 Jésus te kriye.

  22. 1 Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò. 2 Paske si m fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la. 3 Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout. 4 Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.

    5 Men si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout.

  23. 23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. 24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt. 25 Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. 26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo. 27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.

  24. 22 Li te di: “Pandan pitit la te vivan an, mwen te fè jèn e te kriye; paske mwen te di: ‘Kilès ki te kab konnen, SENYÈ a ta kab petèt fè m gras, pou pitit la te kab viv.’ 23 Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men li p ap retounen kote mwen.”

  25. Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;

    Yon sòm David.

    1 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou

    te abandone m?

    Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.

  26. 18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

  27. 5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?

    Epi poukisa ou twouble anndan m?

    Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen

    va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.

    6 O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen.

    Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi

    Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.

  28. 9 Mwen va di a Bondye, wòch mwen an:

    “Poukisa Ou te bliye mwen?

    Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”

    10 Se tankou tout zo mwen yo kraze,

    jan advèsè mwen yo anmède mwen,

    pandan y ap di m tout lajounen:

    “Kote Bondye Ou a”?

    11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?

    Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?

    Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,

    O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.

  29. 11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12 men fis a wayòm yo ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”

  30. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

    55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”

    56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

  31. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  32. 32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, 33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. 34 Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.

    35 Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. 36 Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm chenn ak prizon tou.

    37 Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— 38 moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.

    39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la. 40 Paske Bondye te ranje yon pi bon pwovizyon pou nou menm pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.

  33. 20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

    22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

    24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

  34. 19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòm yon Kreyatè Fidèl.

  35. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

  36. 8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.

  37. 11 Majisyen yo pa t kab kanpe devan Moïse akoz bouton yo, paske bouton yo te sou majisyen yo menm jan ak tout Ejipsyen yo.

  38. 10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;

    wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,

    pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.

  39. 6 Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m;

    si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?

  40. 19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li;

    avèk plent san rete jis rive nan zo li;

    20 jiskaske lavi li vin rayi pen,

    e nanm li, manje ke li te pi renmen an.

    21 Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l

    e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.

    22 Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a

    e lavi li pwoche sila kap detwi yo.

  41. 3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,

    akoz endiyasyon Ou.

    Nanpwen lasante nan zo m yo

    akoz peche mwen.

    4 Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.

    Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.

    5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.

  42. 3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

    4 Li konte fòs kantite zetwal yo.

    Li bay non a yo tout.

    5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

  43. 7 Alò, fis mwen yo, koute mwen,

    e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.

    8 Kenbe wout ou byen lwen li, e

    pa pwoche toupre pòt lakay li.

    9 Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo

    ak ane ou yo a mechan an.

    10 Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,

    e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,

    va rive lakay a yon etranje.

    11 Epi ou va plenyen nan gòj

    lè dènye moman lavi ou rive,

    lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.

    12 Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon!

    Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!

    13 Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,

    ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.

    14 Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”

  44. 28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.

  45. 38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.

  46. 16 Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”

  47. 28 Va gen kriye fò, ak manje dannan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò.

  48. 33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.

  49. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  50. 17 Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele ansyen a legliz yo pou rive kote l. 18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo. 20 Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.

    22 “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, 23 sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. 24 Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.

  51. 15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.

  52. 27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès.

  53. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.

  54. 12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14 Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.

  55. 8 (paske pa sa ke li te wè e tande nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.)

  56. 12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.

    15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”