70 Bible Verses About Life After Death
Bib Sen An (BSA)
-
9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”
Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an. 15 Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.
“Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16 “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; 17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
-
1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. 5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
-
16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.
-
22 Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.
-
11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
-
11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12 men fis a wayòm yo ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”
-
17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
22 Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li. 23 Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an. 24 Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
25 Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo p ap janm fèmen.
26 Konsa, yo va pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.
27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.
-
1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
-
20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.
-
11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;
vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.
Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.
Yo va jwenn kè kontan ak lajwa,
e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.
-
2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la. 3 Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen (Bondye konnen), 4 jan li te rale anwo nan Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmisyon pou l pale.
-
6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a
va delivre moun onksyone pa Li a.
Li va reponn li soti nan syèl sen Li an,
avèk delivrans pwisan men dwat Li a.
-
23 Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”
24 Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”
25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
27 Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”
-
1 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”
2 La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan. 3 Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. 4 Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo. 5 Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo. 6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
-
6 Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’
7 “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.
-
5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
-
15 Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’
-
15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,
Sila ki viv jis pou tout tan an,
non a Li se Sila ki Sen an, pale:
“Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,
anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,
pou fè leve lespri a enb yo,
e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
-
2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
-
10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la.
-
34 Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj. 35 Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj. 36 Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an. 37 Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki 38 viv de Li yo.”
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
-
4 SENYÈ a nan sen tanp Li an.
SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.
Zye Li veye.
Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
-
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
-
20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”
-
48 “Poutan Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:
49 ‘Syèl la se twòn Mwen,
E tè a se ban pou pye Mwen.
Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’
‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
-
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo.
-
9 Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a.
-
27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
-
13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
-
7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.
-
21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
-
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini.
-
5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
-
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.
-
21 Sa se yon modèl parèy ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a. 22 Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.
-
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a.
-
1 Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.
2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. 3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.
-
9 Nanpwen lyon k ap la,
ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.
Yo p ap twouve la.
Men rachte yo va mache la.
10 Rachte a SENYÈ yo va retounen.
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.
Yo va twouve kè kontan ak lajwa;
tristès ak soupi va sove ale.
-
30 Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo.
-
14 “Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm. 15 A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la. 16 Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis. 17 “Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt. 18 Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.
19 “Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo. 20 Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’
21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
22 “Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’
23 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
24 “Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. 25 Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
26 “Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen. 27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
28 “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 29 Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 30 Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
-
31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.
-
5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”
6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”
-
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
-
24 Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.
-
12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
-
43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
-
9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
-
26 Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.
-
19 Moun mouri Ou yo va viv;
kadav pa yo va leve.
Nou menm ki kouche nan pousyè a,
leve e fè kri lajwa,
paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,
e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
-
35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,
men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la
e pami sila ki rete sou latè yo;
epi nanpwen moun ki ka evite men Li,
ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè.
-
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.
-
23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
-
5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
-
13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:
“Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”
-
9 Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.” 10 Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye. 11 Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal. 12 Li te gen yon gwo miray wo avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo.
-
21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
-
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
-
28 Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan touteprèv Mwen yo. 29 Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen yon wayòm, Mwen bannou li, 30 pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.
-
55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
-
14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.
-
5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
-
12 “Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.
-
2 Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.
3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:
“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,
O Senyè, Bondye Toupwisan an!
Jis e vrè, se chemen Ou yo,
Wa a nasyon yo.
-
6 Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
Shows Read in context, Share and Copy.