73 Bible Verses About Praise

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Praise
  1. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  2. 11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  3. 15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  4. Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.

    1 Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan.

    Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

    2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.

    Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

    3 O leve SENYÈ a byen wo avè m.

    Annou leve non L wo ansanm.

    4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

    epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

  5. 22 Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton.

    23 Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande jandam prizon an pou veye yo de prè. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.

    25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

  6. Yon chan lwanj pa David

    1 Mwen va leve Ou wo,

    O Bondye mwen, O Wa a.

    Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.

    2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen

    va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.

    3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.

    Grandè Li pa kab fin sonde menm.

    4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.

    Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.

  7. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

  8. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,

  9. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  10. 4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

    5 Paske Bondye bon.

    Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

    e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

  11. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

    9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  12. 5 Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

  13. 3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

    lèv mwen va louwe Ou.

    4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.

    Mwen va leve men m nan non Ou.

    5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès,

    e bouch mwen ap ofri lwanj

    avèk lèv ranpli de jwa.

    6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen,

    mwen medite sou Ou nan vèy de nwi an.

    7 Paske Ou te konn sekou mwen.

    Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.

    8 Nanm mwen kole ak Ou.

    Men dwat Ou fè m kenbe.

  14. 1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.

  15. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

    3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

    yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

    4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.

    Pwent mòn yo osi se pou Li.

    5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.

    Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

    6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

    Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.

    7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.

    Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.

    Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

  16. 4 Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”

    5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”

    6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.

  17. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.

  18. 6 Beni se SENYÈ a,

    akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

    7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

    Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

    jwenn sekou.

    Pou sa, kè m leve wo nèt.

    Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

  19. 21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

    23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

    25 Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”

    26 Jésus te di li: “Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”

    27 Nan moman sa a, disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”

    28 Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun:

  20. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

    13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

    14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,

    e sou latè a, lapè pami lèzòm

    ki fè L kontan yo.”

  21. 28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou

    avèk lwanj Ou tout lajounen.

  22. 30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

    epi leve Li wo avèk remèsiman.

    31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

    ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

    32 Enb yo te wè sa e yo kontan.

    Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.

  23. 4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!

    Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!

    5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,

    avèk ap ak vwa melodi a.

    6 Avèk twonpèt ak son a kòn.

    Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.

  24. 33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.

    Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.

    34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.

    Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.

  25. 6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a!

  26. 33 Konsa, tout bwa forè yo

    va chante avèk jwa devan SENYÈ a.

    Paske L ap vini pou jije latè.

    34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

    35 Di: “Sove nou,

    O Bondye a delivrans nou an!

    Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo,

    pou bay remèsiman a non sen pa W la,

    pou nou triyonfe nan lwanj Ou.”

    36 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

    Pou letènite, jis rive nan letènite a.

    Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.

  27. 68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

    paske li vizite nou,

    Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

    69 Li te leve yon kòn sali pou nou

    lakay David la, sèvitè Li a.

    70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

  28. 19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lannwit lan. 20 Daniel te di:

    “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,

    paske sajès ak pouvwa se pou Li.

    21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.

    Li retire wa e Li etabli wa.

    Li bay sajès a moun saj yo,

    e konesans a moun ki gen bon konprann.

    22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.

    Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,

    e se limyè a ki rete avè L.

    23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,

    mwen remèsye Ou.

    Mwen bay Ou lwanj,

    paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

    Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

    ke nou te mande Ou a,

    Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

  29. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

  30. 13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ,

    ak tout fòs Ou!

    Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.

  31. 1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

    Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

    2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

    Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

    3 Chante a Li menm yon chan tounèf.

    Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.

  32. 7 Kè m kanpe fèm, O Bondye,

    kè m fèm.

    Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

    8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!

    Mwen va fè maten vin leve.

    9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

    10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

    epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

  33. 1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.

    Ou abiye avèk bèlte ak majeste.

  34. 1 Beni SENYÈ a!

    Beni non SENYÈ a!

    Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,

    2 nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,

    nan lakou lakay SENYÈ nou an!

    3 Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon.

    Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.

    4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,

    Israël pou pwòp posesyon pa Li.

  35. 1 Beni SENYÈ a!

    Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    2 Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv.

    Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an

    pandan mwen sou latè a.

  36. 1 Louwe SENYÈ a!

    Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.

    Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.

  37. 10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

    lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè!

    Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,

    nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.

    11 Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo;

    anplasman kote Kédar rete a.

    Kite sila ki rete nan Sela a chante anlè;

    kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.

    12 Kite yo bay glwa a SENYÈ a

    e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.

  38. 13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.

  39. 11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?

    Kilès ki tankou Ou?

    Kilès ki tankou ou

    nan majeste ak sentete,

    etonan nan lwanj,

    k ap fè mèvèy yo?

  40. 3 Louwe Li ak son twonpèt la!

    Louwe Li ak ap avèk gita!

    4 Louwe Li ak tanbouren ak dans!

    Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!

    5 Louwe Li ak senbal byen fò!

    Louwe Li ak senbal k ap retanti!

  41. 3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

  42. 4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj.

    Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.

  43. Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David

    1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.

    Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

    2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

    e Ou te geri mwen.

    3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

    Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

    4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.

    Bay remèsiman a sen non Li.

  44. Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan

    1 Ke Bondye ka fè nou gras,

    beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——

    2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,

    ak sali Ou pami tout nasyon yo.

    3 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.

    Kite tout pèp yo louwe Ou.

    4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,

    paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan

  45. 14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.

    Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.

    15 Bouch mwen va pale ladwati Ou,

    ak sali Ou tout lajounen,

    menmsi mwen pa kab fin konnen

    fòs valè tout jou sa yo.

  46. 1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!

    Chante a SENYÈ a tout latè a.

    2 Chante a SENYÈ a!

    Beni non Li!

    Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

    3 Pale glwa Li pami nasyon yo,

    zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

    4 Paske gran se SENYÈ a!

    Li merite gran lwanj.

    Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.

  47. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

    3 Bay non Li glwa!

    Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

    4 Chache SENYÈ a ak fòs Li.

    Chache fas Li san rete.

    5 Sonje mèvèy ke Li te fè yo,

    mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.

  48. Yon chan. Yon Sòm David

    1 Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.

    Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.

    2 Fè leve ap avèk lir!

    Mwen va fè leve solèy la!

    3 Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.

  49. 10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;

    nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,

    paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.

    Li te vlope m nan yon manto ladwati,

    tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;

    e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.

    11 Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la,

    jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi,

    konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.

  50. 11 vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.

  51. 37 Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo. 38 Yo t ap rele: “Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!”

  52. 9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

    11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

  53. 47 Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an.

    Ranmase nou pami nasyon yo,

    pou bay remèsiman a non sen Ou an,

    avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.

    48 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

    pou tout tan jis pou tout tan.

    Kite tout pèp la di: “Amen.”

    Louwe SENYÈ a!

  54. 164 Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou,

    akoz òdonans dwat Ou yo.

  55. 13 Kite yo louwe non SENYÈ a,

    paske se sèl non Li ki leve wo.

    Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.

    14 Li te leve yon kòn pou pèp Li a,

    Lwanj pou tout fidèl Li yo,

    menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li.

    Louwe SENYÈ a.

  56. 2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo!

    Louwe Li selon bèlte a grandè Li!

  57. 10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.

  58. 6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo!

    Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!

    7 Paske Bondye se Wa a tout tè a.

    Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.

  59. 8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

    pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

    nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

  60. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  61. 15 Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.

    16 Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?

    17 Paske nou ap bay remèsiman ase byen, men lòt moun nan pa edifye.

  62. 1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:

    “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan.

    Cheval la avèk moun ki monte l la,

    Li te voye yo nan lanmè.

    2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen

    epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.

    Sa se Bondye pa m,

    e mwen va louwe Li;

    Bondye a papa m nan,

    e mwen va leve Li wo.

  63. 10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.

  64. 32 Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo,

    Chante lwanj a Senyè a, Tan

    33 A Sila ki vwayaje monte sou pi wo syèl la,

    ki la depi nan tan ansyen yo.

    Gade byen, Li pale ak gwo vwa,

    yon vwa plen pwisans.

    34 Rekonèt fòs Bondye a!

    Majeste Li sou tout Israël,

    pwisans Li nan syèl yo.

  65. 34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li,

    lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.

  66. 21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,

    e tout chè va beni sen non Li an jis pou

    tout tan e pou tout tan.

  67. 7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

    Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

    8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

    ki founi lapli pou tè a,

    ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.

  68. 13 Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a!

    Paske Li te delivre nanm a malere a

    soti nan men a malfektè yo.

  69. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.

  70. 2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. 3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.

  71. 46 SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an.

    Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.

    47 Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,

    e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.

    48 Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo.

    Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki

    fè rebèl kont mwen yo.

    Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.

  72. 4 Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!

    Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:

    non l se SENYÈ a!

    Rejwi devan Li an!

    5 Yon papa pou òfelen yo

    e yon jij pou vèv yo,

    se Bondye nan lye sen Li an.

  73. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo,

    Louwe non SENYÈ a.

    2 Beni se non SENYÈ a,

    soti nan tan sa a e jis pou tout tan.