36 Bible Verses About God's Faithfulness
Bib Sen An (BSA)
-
1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo; 2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè. 3 Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo. 4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit. 5 Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife. 6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.
7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.
9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.
11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.
-
21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;
pou sa, mwen gen espwa.
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
26 Se bon pou yon nonm gen espwa,
e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
-
12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
4 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 8 ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
-
11 “Sa se yon vre pawòl:
Paske si nou te mouri avèk Li,
nou va osi viv avèk Li.
12 Si nou andire,
nou va osi renye avèk Li.
Si nou rejte Li,
Li tou va rejte nou.
13 Si nou pa fidèl
Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
-
23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
-
7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
19 Bondye se pa yon nonm ke li ye
pou L ta bay manti,
ni fis a yon nonm pou L ta repanti.
Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?
-
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
-
1 Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, 2 epi pou nou kapab delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.
3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.
-
LAMEDH
89 Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin
etabli nan syèl la.
90 Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo.
Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
-
1 Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? 2 Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. 3 Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? 4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
-
5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
-
8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki
tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?
Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
-
16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.
17 Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
18 Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòm yon Kreyatè Fidèl.
-
10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.
Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.
Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk
verite Ou devan gran asanble a.
11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.
Lanmou dous Ou avèk verite Ou va
prezève mwen tout tan.
-
Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la
1 Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.
Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.
2 Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a
va kanpe dyanm jis pou tout tan.
Ou te etabli syèl yo.
Fidelite Ou rete nan yo.
-
1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.
-
3 Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a.
Bay glwa a Bondye nou an!
4 Wòch la! Zèv Li yo pafè,
paske tout chemen li yo jis.
Yon Bondye fidèl e san enjistis,
dwat e jis ke Li ye.
5 Yo te fè zak konwonpi anvè Li.
Yo pa pitit li akoz defo yo.
Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,
6 se konsa nou rekonpanse SENYÈ a,
O pèp ki san konprann e ki san sajès?
Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an,
ki te fè nou e ki te fòme nou?
-
4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
-
11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la.
-
6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
-
4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.
-
45 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46 Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an. 47 Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
-
6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
-
4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,
e nan lakou Li yo avèk lwanj.
Ba Li remèsiman!
Beni non Li!
5 Paske Bondye bon.
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,
e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
-
Yon Sòm David
1 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.
Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.
Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
2 Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,
paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
-
29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
-
13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li. 14 Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.
16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.
17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.
-
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
-
19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.
Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,
nan lanmou dous ak konpasyon.
20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.
Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.
-
18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.
Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
20 Ou va bay verite a Jacob
ak mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
14 “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen an, Kòmansman kreyasyon Bondye a, di konsa:
Shows Read in context, Share and Copy.