77 Bible Verses About Giving Thanks

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Giving Thanks
  1. 15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

    16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  2. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  3. 10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  4. 2  Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

    Vini devan Li avèk chan lajwa.

    3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

    Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.

    Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

    4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

    5 Paske Bondye bon.

    Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

    e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

  5. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  6. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  7. 1 Paul, yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an 2 A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.

    3 Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. 4 Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; 5 Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la, 6 ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a; 7 menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou, 8 ki te osi enfòme nou de lanmou nou nan Lespri a.

    9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

  8. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

    3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

    yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

    4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.

    Pwent mòn yo osi se pou Li.

    5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.

    Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

  9. 14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.

    15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  10. 30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

    epi leve Li wo avèk remèsiman.

    31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

    ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

  11. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  12. 14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman

    e peye ve ou yo a Pi Wo a.

    15 Rele Mwen nan jou twoub la.

    Mwen va delivre ou e ou va onore M.”

  13. 13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.

  14. 2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.

  15. 4 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 8 ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.

  16. 1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.

    3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.

  17. 6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.

  18. 10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.

  19. 15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  20. 34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

  21. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  22. 14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16 Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?

  23. LIV 5

    1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

    2 Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”

    Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,

    3 e te ranmase soti nan peyi yo,

    soti nan lès e soti nan lwès,

    soti nan nò e soti nan sid.

  24. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,

    paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;

  25. 10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an.

  26. 8 Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.

  27. 57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.

  28. 12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

    17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  29. 9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm

    ak vwa aksyon de gras la.

    Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.

    Sali a sòti nan SENYÈ a.”

  30. 16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.

  31. 7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

    Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

    8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

    ki founi lapli pou tè a,

    ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.

    9 Li bay bèt la manje li,

    ak jenn kòbo k ap kriye yo.

  32. 23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,

    mwen remèsye Ou.

    Mwen bay Ou lwanj,

    paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

    Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

    ke nou te mande Ou a,

    Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

  33. 3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.

  34. 9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

    11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

    13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”

    14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”

    Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.

  35. 1 Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.

    2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. 4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa Li menm de nou an. 5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.

  36. 8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

    pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

    nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

  37. 17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.

    Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

  38. Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

    1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

    pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

    2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten

    avèk fidelite Ou nan lannwit,

    3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

    avèk mizik ki retanti sou lir.

  39. 11 Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.

  40. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a. 7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. 8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.

    9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.

  41. 3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.

  42. 7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

    Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

    jwenn sekou.

    Pou sa, kè m leve wo nèt.

    Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

  43. 18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.

    Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.

  44. 1 Louwe SENYÈ a!

    O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,

    paske lanmou dous Li an se pou tout tan.

  45. 17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,

    e va rele sou non SENYÈ a.

  46. 11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

    12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”

    14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

    15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

    17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”

  47. 7 Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.

    8 O bay remèsiman a SENYÈ a.

    Rele non Li.

    Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.

    9 Chante a Li menm.

    Chante lwanj a Li menm.

    Pale tout mèvèy Li yo.

  48. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.

  49. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

    3 Bay non Li glwa!

    Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

  50. 26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

    27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.

  51. 1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

    5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li. 6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman. 7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li.

  52. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  53. 1 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”

    2 La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan. 3 Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. 4 Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo. 5 Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo. 6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

    9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  54. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

    2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  55. 11 Ou te chanje doulè mwen, e

    sa te fè m vin danse ak lajwa;

    Ou te demare rad twal sak mwen an,

    e te mare senti m avèk kè kontan.

    12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.

    O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va

    bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

  56. 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

  57. 21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.

  58. 13 Konsa, kite sila ki pale an lang lan priye pou li kapab osi entèprete li.

    14 Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.

    15 Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.

    16 Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?

    17 Paske nou ap bay remèsiman ase byen, men lòt moun nan pa edifye.

    18 Mwen remèsye Bondye m nan, mwen pale an lang plis ke nou tout.

    19 Sepandan, nan legliz la mwen pito pale senk mo avèk entèlijans mwen, pou m kapab enstwi lòt yo osi, olye di-mil mo an lang.

  59. 1 Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, 2 ak Apphia, sè ou, a Archippe sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: 3 Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.

    4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. 6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. 7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.

  60. 4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.

    Bay remèsiman a sen non Li.

    5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,

    men Bonte Li se pou tout tan.

    Kriye a kapab dire pou nwit lan,

    men kri lajwa a vin parèt nan maten.

  61. Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi”

    Yon Sòm Asaph, yon Chanson

    1 Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,

    Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.

    Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.

  62. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

  63. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li, 12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li. 13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, 14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.

  64. 3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion;

    Li te rekonfòte tout kote dezole li yo.

    Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden,

    e dezè yo tankou jaden Senyè a.

    Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo;

    remèsiman ak son melodi chanson.

  65. 21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

  66. 13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.

  67. Yon Sòm David

    1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.

    Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

    2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,

    e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;

    Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

    3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.

    Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.

    4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,

    lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.

    5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,

    paske gran se glwa SENYÈ a.

  68. 19 Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.

  69. 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

    31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.

  70. 23 Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,

    epi a sila ki fè chemen li dwat la,

    Mwen va montre li sali Bondye a.”

  71. 21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,

    ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo

    e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.

  72. 49 Pou sa, mwen va bay remèsiman

    a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ,

    epi mwen va chante lwanj a non Ou.

  73. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.

    Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  74. 28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;

    Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.

    29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!

    Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  75. 4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè!

  76. 12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e

    bay remèsiman a non sen Li an.

  77. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”