56 Bible Verses About Thankfulness
Bib Sen An (BSA)
-
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
-
15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
-
Yon Sòm Remèsiman an
1 Rele fò a SENYÈ tout latè a!
2 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!
Vini devan Li avèk chan lajwa.
3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.
Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.
Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,
e nan lakou Li yo avèk lwanj.
Ba Li remèsiman!
Beni non Li!
5 Paske Bondye bon.
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,
e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
-
1 O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
-
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
-
53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
-
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone,
-
34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,
paske lanmou dous Li a se pou tout tan.
35 Di: “Sove nou,
O Bondye a delivrans nou an!
Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo,
pou bay remèsiman a non sen pa W la,
pou nou triyonfe nan lwanj Ou.”
-
Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a
1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,
pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten
avèk fidelite Ou nan lannwit,
3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,
avèk mizik ki retanti sou lir.
-
6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.
-
1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
-
30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,
epi leve Li wo avèk remèsiman.
31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,
ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
-
1 Louwe SENYÈ a!
O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,
paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
2 Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,
Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?
-
Yon Sòm David
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm bliye benefis Li yo,
3 ki padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
-
10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an.
-
2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.
-
18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.
Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
-
8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e
nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
-
3 Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. 4 Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; 5 Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la, 6 ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a; 7 menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou, 8 ki te osi enfòme nou de lanmou nou nan Lespri a.
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
-
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
-
Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David
1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.
Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,
e Ou te geri mwen.
3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.
Bay remèsiman a sen non Li.
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
-
21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,
ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo
e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
-
8 Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.
-
15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.
17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”
-
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
-
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.
-
11 Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
-
15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.
-
3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.
-
12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.
-
10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
-
11 Ou te chanje doulè mwen, e
sa te fè m vin danse ak lajwa;
Ou te demare rad twal sak mwen an,
e te mare senti m avèk kè kontan.
12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va
bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
-
1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
-
17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
-
62 A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman,
akoz òdonans dwat Ou yo.
-
19 Beni se Senyè a, ki pote fado nou chak jou,
Bondye ki se delivrans nou an. Tan
20 Bondye pou nou se yon Bondye delivrans.
Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
-
1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!
Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.
2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.
Pale sou tout mèvèy Li yo.
-
1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.
Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
-
25 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou.
-
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
-
20 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo:
“Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.
Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo.
-
26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
-
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
-
1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo.
-
11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo), 12 epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a lotèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo, 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:
“Paske Li bon,
lanmou dous Li a dire pou tout tan!”
Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,
-
20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore. 21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.” 22 Pandan tout sa, Job pa t fè peche, ni li pa t bay repwòch a Bondye.
-
8 Beni Bondye nou an, O pèp yo!
Fè lwanj Li sone,
9 ki kenbe nou pami vivan yo,
e ki pa kite pye nou glise.
-
13 Konsa nou menm, pèp Ou a,
ak mouton a patiraj Ou a,
Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.
A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.
-
4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè! 6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
-
17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
-
24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
-
13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.
-
8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
Shows Read in context, Share and Copy.