83 Bible Verses About Pride

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Pride
  1. 16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!

    Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.

    17 Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal;

    sila ki veye chemen li an prezève lavi li.

    18 Ògèy ale devan destriksyon

    e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.

    19 Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo,

    pase divize piyaj ak moun ògeye yo.

    20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;

    beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

  2. 11 Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”

    12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! 13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! 14 Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” 15 Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a.

  3. 5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

    6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  4. 1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4 Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.

    5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

    6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  5. 2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.

    Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.

    3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;

    li beni moun voras la,

    e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.

    4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,

    Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”

  6. 12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.

    Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.

    13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,

    ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.

  7. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  8. 2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;

    men avèk moun enb lan, se sajès.

  9. 10 Antre nan wòch,

    e kache nan pousyè,

    kont laperèz SENYÈ a,

    kont mayifisans ak majeste li.

    11 Ògèy a lòm va vin bese

    e wotè a lòm va vin imilye.

    E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.

    12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman

    kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan;

    nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.

    13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,

    e ki leve tèt yo wo,

    kont tout chenn Basan yo.

    14 Kont tout mòn wo yo,

    kont tout kolin ki leve wo yo,

    15 Kont tout fò wo yo,

    kont tout miray fòtifye yo,

    16 Kont tout bato Tarsis yo,

    kont tout sa ki bèl pou wè yo.

    17 Ògèy a lòm va vin imilye

    e wotè a lòm va vin desann.

    Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.

  10. 10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;

    men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.

  11. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  12. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.

  13. 1 Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”— 2 Gade byen, Mwen va fè ou vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil. 3 Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?” 4 “Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.

  14. 23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;

    men yon lespri enb va jwenn respè.

  15. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

    3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  16. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  17. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  18. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  19. 1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann. 2 Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an. 3 Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.

  20. 6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. 7 Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.

    8 Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou.

  21. 5 Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a;

    anverite, li p ap chape anba pinisyon.

  22. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.

  23. 10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;

    moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.

    11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò;

    kon yon miray byen wo nan panse li.

    12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;

    men imilite ale devan onè.

  24. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.

  25. 3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.

  26. 26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

  27. 4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;

    lanp a mechan yo se peche.

  28. 51 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li.

    Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.

    52 Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo,

    e Li egzalte sila ki enb yo.

  29. 16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

  30. 1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo! 2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li. 3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye.

  31. 1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

    Evite moun konsa yo.

  32. 33 Nanpwen anyen sou latè ki tankou li;

    yon bèt ki fèt san pè anyen.

    34 Li gade sou tout bagay ki wo;

    Li se wa sou tout fis ògèy yo.

  33. 34 Li moke moun k ap moke,

    men Li bay gras a sila ki aflije yo.

  34. 24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;

    men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.

  35. 12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?

    Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.

  36. 5 Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen. 6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  37. 2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

    6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.

  38. 16 Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an. 17 Konsa, Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj. 18 Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.”

    19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an. 20 Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li. 21 Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.

  39. 16 Men pou laperèz a ou menm,

    awogans a kè ou te twonpe ou;

    ou menm ki rete nan twou wòch yo,

    ki okipe wotè a kolin nan.

    Malgre ou fè nich ou wo tankou èg,

    M ap rale ou desann soti la,”

    deklare SENYÈ a.

  40. 14 “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen an, Kòmansman kreyasyon Bondye a, di konsa: 15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.

    16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.

    18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.

    19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

  41. 5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,

    li menm, mwen va detwi.

    Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.

  42. 11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.

  43. 6 Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.

  44. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  45. 11 Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. 12 Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, 13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, 14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.

  46. 9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo.

  47. 5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

    12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

  48. 3 “Pa pale kè anfle ankò,

    pa kite awogans sòti nan bouch ou.

    Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,

    e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.

  49. 4 Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li. 5 Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.

  50. 6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye.

    Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.

  51. 25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;

    men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.

  52. 9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.

    Nanpwen lasante ladann.

    Se kilès ki ka konprann li?

  53. 28 Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a. 29 Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone. 30 Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”

    31 Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou. 32 Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”

    33 Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.

    34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an;

    Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan

    epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.

  54. 11 Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.

  55. 12 Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.

  56. 4 Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo,

    avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.

  57. 6 Paske malgre SENYÈ a egzalte,

    Li toujou okipe sila ki ba yo.

    Men moun ki ògeye yo,

    Li rekonèt yo de lwen.

  58. 49 “‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo. 50 Konsa, yo te plen ògèy e te komèt abominasyon devan M. Pou sa, Mwen te retire yo lè M te wè sa.

  59. 17 Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.

  60. 7 Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.” 8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.

  61. 12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,

    Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.

    Paske se malediksyon avèk manti yo bay.

  62. 23 Konsa pale SENYÈ a:

    “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.

    Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,

    ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.

    24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

    ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

    ke Mwen se SENYÈ a,

    ki aji nan lanmou dous, jistis,

    ak ladwati sou latè a;

    paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

  63. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.

  64. 9  Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li; 10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt. 11 Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.

  65. 2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.

    3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a. 4 Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo.

  66. 13 Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.

  67. 23 O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!

    SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo,

    e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.

  68. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans.

    Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,

    ni nan sa ki twò wo pou mwen.

  69. 9 Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’,

    nan prezans a sila ki te touye ou a?

    Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye,

    nan men a sila ki blese ou yo.

    10 Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo,

    paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”

  70. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

  71. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan.

  72. 27 Paske Ou sove yon pèp aflije,

    men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.

  73. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  74. 1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.

  75. 3 “Beni se sila yo ki malere an espri;

    paske wayòm syèl la se pou yo.

  76. 5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen.

  77. 11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou.

    Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.

    12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba.

    Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.

  78. 25 Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè pirifikasyon. 26 Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”

    27 Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’

    29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”

  79. 18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

    19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.” 21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm, 22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm. 23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.

  80. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  81. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.

  82. 3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.

  83. 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

    16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.