90 Bible Verses About God's Strength
Bib Sen An (BSA)
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. 11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.
-
8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,
Jacob ke M te chwazi a,
desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo,
e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:
‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou
e Mwen pa t rejte ou.’
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri.
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
-
17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou, 18 Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li. 19 Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi a zèv li; 20 ki te opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a. 21 Ou te mennen pèp Ou a, Israël sòti nan peyi Égypte ak sign ak mèvèy, avèk yon men pwisan, yon bra lonje e avèk gwo laperèz. 22 Epi Ou te bay yo peyi sa a, ke Ou te sèmante a papa zansèt yo pou bay yo, yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl.
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
-
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:
1 Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;
Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
3 Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj;
epi mwen sove de lènmi mwen yo.
-
1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:
“Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan.
Cheval la avèk moun ki monte l la,
Li te voye yo nan lanmè.
2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen
epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.
Sa se Bondye pa m,
e mwen va louwe Li;
Bondye a papa m nan,
e mwen va leve Li wo.
3 SENYÈ a se yon gèrye;
Se SENYÈ yo rele L.
4 Cha Farawon yo avèk lame l lan,
Li te voye yo nan lanmè.
Pi bon pami chèf li yo te plonje
mouri nan Lanmè Wouj.
-
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,
-
34 Rekonèt fòs Bondye a!
Majeste Li sou tout Israël,
pwisans Li nan syèl yo.
35 O Bondye, Ou etonan nan sanktyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!
-
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
-
15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
-
10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
-
Yon sòm David
1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2 Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te chape tonbe.
3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.
Malgre lagè leve kont mwen,
malgre sa, m ap gen konfyans.
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
-
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8 SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
-
1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
-
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,
-
11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
-
11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li.
Chache figi Li san rete.
-
14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.
Li te vin sali mwen.
-
2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” 3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo. 4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè!
-
20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
-
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.
-
3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.
-
24 ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?
-
16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.
Paske Bondye se sitadèl mwen,
Bondye ki montre mwen lanmou dous la.
-
10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
-
8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
-
34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. 36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; 38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.
39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
-
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.
-
7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan nou.
-
5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
-
1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
-
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
-
28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè.
Ban m fòs selon pawòl Ou a.
-
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
-
4 Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo, 5 “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen.
-
26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
-
24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?
-
18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.
-
8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
-
15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
-
20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
-
10 Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt.
Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo.
SENYÈ a ki va jije,
jis rive nan tout ekstremite latè yo.
Konsa, Li va bay kouraj a wa Li;
Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”
-
6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou,
Akoz Ou pran zam pwisans Ou.
-
1 SENYÈ a renye!
Li abiye an majeste!
SENYÈ a te abiye Li ak fòs.
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li pa ebranle menm.
2 Twòn Ou etabli depi tan ansyen an.
Ou la depi nan etènite.
3 Flèv yo te leve, O SENYÈ,
Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.
4 Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde,
SENYÈ anwo a pwisan.
-
1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite. 2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati. 3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj . 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.
-
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
-
33 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Anverite, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e avèk chalè a kòlè Mwen vide deyò, Mwen va vin wa sou nou. 34 Mwen va mennen nou soti nan tout pèp yo, rasanble nou soti nan peyi kote nou gaye yo, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e ak chalè kòlè Mwen vide nèt. 35 Epi Mwen va mennen nou antre nan dezè a pèp yo, e la Mwen va antre nan jijman avèk nou fasafas.
-
8 Men kanta mwen menm,
mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,
ak jistis ak kouraj Li,
pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an;
menm a Israël, peche pa l la.
-
29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
-
4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.
-
1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! 2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.
-
15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
-
29 Men se pèp Ou yo ye, eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.”
-
2 Li te di:
“SENYÈ a se wòch mwen,
fòterès mwen ak liberatè mwen;
3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila
mwen twouve pwotèj la;
boukliye e kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen ak refij mwen.
Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.
-
1 Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay,
e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
3 Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’”
“Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;
bagay twò etonan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;
Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,
men koulye a, zye m wè Ou.
6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,
e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
-
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.
Ou abiye avèk bèlte ak majeste.
2 Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.
Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
3 Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.
Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li.
Li mache sou zèl van an.
-
6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,
nan syèl la oswa sou tè a,
nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.
Ki fè rive loray avèk lapli yo,
ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
-
12 Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L?
Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;
ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,
ki te peze mòn yo nan gwo balans,
e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
-
6 Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ.
Ou gran!
Gran se non Ou an pwisans!
-
16 Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa;
paske Kreyatè a tout bagay se Li menm;
e Israël se tribi eritaj Li.
SENYÈ dèzame yo se non Li.
-
27 Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a. 28 Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:
-
4 Konsa Li va leve pou mennen
bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,
nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.
Epi yo va viv, paske nan tan sa a,
Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.
-
27 Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
-
37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”
-
51 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li.
Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.
-
17 Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.
-
28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. 30 Mwen avèk Papa a se youn.”
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
-
16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou.
-
54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
-
8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.
-
16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
13 Si nou pa fidèl
Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
-
12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.
-
25 Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
-
8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.
Shows Read in context, Share and Copy.