63 Bible Verses About Prayer
Bib Sen An (BSA)
-
7 “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo. 8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. 9 Pou tout sa, priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
10 Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
11 Bay nou pou jou sa a pen
ke nou bezwen an,
12 Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18 Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
-
9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou. 10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv? 12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? 13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
-
22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye. 23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
-
12 “Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.
13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
-
7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. 12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
-
6 Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
-
14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
16 Si nenpòt moun wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila. 17 Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
-
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
-
10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an. 11 Alò, mesye sila yo te reyini ansanm e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a.
-
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.
-
18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye. 42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”
43 Alò, yon zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs. 44 Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.
-
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
-
4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
-
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
-
1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
-
13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo. 15 Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.
-
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
1 O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.
Pwent mòn yo osi se pou Li.
5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.
Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.
Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.
Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.
Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
-
38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
-
19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
-
23 “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24 “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
-
5 Alò, Samuel te di: “Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.” 6 Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.
7 Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. 8 Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: “Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.” 9 Samuel te pran yon ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li. 10 Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël.
-
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
16 Pou mwen, mwen va rele Bondye.
SENYÈ a va sove mwen.
17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.
Li va tande vwa m.
18 Li te rachte nanm mwen anpè,
soti nan batay ki kont mwen an,
malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
19 Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan,
va tande e reponn yo. Tan
Nan sila pa gen chanjman an.
Yo pa gen krent Bondye a.
20 Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.
Li te vyole akò li a.
21 Pawòl li te pi dous pase bè,
men ak kè, li te fè lagè.
Pawòl li yo te pi dous pase lwil,
men se nepe rale yo te ye.
-
32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.
34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li. 37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
-
9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di. 10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
11 Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? 12 Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’”
“Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la. 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”
14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.
-
59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
-
8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.
-
5 Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an. 6 Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.
-
17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li ak verite yo.
19 Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men mechan yo, Li va detwi
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.
-
19 Li te di a fanm nan: “Ban mwen gason ou an.” Epi li te retire li sou lestonmak li e te pote li monte nan chanm anlè kote li te rete a e li te kouche li sou pwòp kabann pa li. 20 Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?”
21 Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.”
22 SENYÈ a te tande vwa Élie, lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè. 23 Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”
-
15 Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè,
Mwen va kache zye M de nou menm.
Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo.
Men nou kouvri ak san.
16 Lave nou pou nou vin pwòp;
retire zak malonèt nou yo devan zye M.
Sispann fè mechanste.
17 Aprann fè sa ki bon;
chache lajistis,
fè sekou oprime yo,
defann òfelen yo,
plede ka a vèv la.
-
13 Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la. 14 Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
-
4 Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la. 5 Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 6 ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche. 7 Nou te byen konwonpi nan zak nou te fè kont Ou yo, e nou pa t kenbe kòmandman yo, règleman yo, òdonans yo, ke ou te kòmande a sèvitè Ou a, Moïse.
-
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay ki fè plezi devan zye Li yo.
-
20 Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an— 21 pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a. 22 Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon konprann. 23 Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an.
-
14 Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a. 15 Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a. 16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an. 17 Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo, 18 epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo. 19 Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
20 Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”
-
5 Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”
Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
-
4 Pwisans a Wa a renmen lajistis.
Ou te etabli ekite.
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan machpye twòn Li an.
Se sen ke Li ye.
6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.
Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
7 Li te pale ak yo nan pilye nwaj la.
Yo te kenbe temwayaj Li yo,
avèk règleman ke Li te bay yo.
8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.
Ou te pou yo yon Bondye ki padone,
men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo.
-
9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.
Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.
“Si ou retire jouk la nan mitan nou,
sispann pwente dwat sou lòt
e sispann pale mechanste;
10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,
e satisfè dezi a aflije a;
nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,
e tristès ou va klere kon gran lajounen.
11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,
satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,
e bay fòs a zo ou yo.
Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze
e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
-
24 Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn;
epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
-
5 Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a. 7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. 8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
-
36 Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm. 37 Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”
38 Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.
-
1 Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kab bay glwa a Ou menm.
-
22 Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton.
23 Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande jandam prizon an pou veye yo de prè. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.
25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.
-
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
-
6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,
e te kriye a Bondye pou sekou.
Depi nan tanp li an, li te tande vwa m.
Kri mwen pou sekou devan L
te rive nan zòrèy Li.
-
34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
-
2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
-
18 Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay. 19 Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
25 “Konsa, mwen te vin tonbe devan SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit, ke m te tonbe a, akoz SENYÈ a te di Li t ap detwi nou. 26 Mwen te priye a SENYÈ a e mwen te di: ‘O SENYÈ a, pa detwi pèp Ou a, eritaj Ou menm nan, ke Ou te peye ranson selon grandè Ou, pou Ou te mennen sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
27 “Sonje sèvitè Ou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. Pa gade rebelyon a pèp sila a, ni sou mechanste yo oswa peche yo. 28 Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: ‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’ 29 Men se pèp Ou yo ye, eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.”
-
6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
-
21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.
23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”
-
31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun.
-
6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
-
42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
-
15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye.
Shows Read in context, Share and Copy.