28 Bible Verses About Dreams
Bib Sen An (BSA)
-
11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami. 12 Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.
13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”
14 Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte.
-
1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.
4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li. 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.
-
1 Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi. 2 Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a. 3 Wa a te di yo: “Mwen te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.”
4 Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
-
3 Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
4 Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? 5 Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
6 Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li. 7 Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”
-
12 Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.
13 Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”
14 Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm de Israël. Bondye te mete Madian avèk tout kan an nan men li.”
15 Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”
-
19 Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv: 20 “Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”
21 Konsa Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L, e te ale nan peyi Israël. 22 Men lè li tande ke Archélaüs te gwo chèf nan Judée nan plas papa li, Hérode, li te pè ale la. Lè li te fin avèti pa Bondye nan yon rèv, li te sòti la, e te ale nan anviwon Galilée yo.
-
1 Alò, Jacob te viv nan peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an.
2 Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li.
3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè. 4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
5 Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis. 6 Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a. 7 Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”
8 Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.
9 Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”
10 Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?” 11 Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
-
6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.
-
19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:
“Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”
22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;
23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent
e l ap fè yon gason.
Y ap nonmen li Emmanuel”,
ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.
24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li.
-
12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. 13 Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo. 14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
16 Alò, Jacob te leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” 17 Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonan plas sa a etonan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”
-
14 Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,
men pèsòn pa okipe sa.
15 Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit lan,
lè dòmi pwofon konn tonbe sou lòm,
pandan yo nan somèy sou kabann yo,
16 konsa, Li ouvri zòrèy a lòm
e mete so sou enstriksyon yo,
17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li
e anpeche li fè ògèy.
18 Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la
e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.
-
26 Wa a te di a Daniel, ki te rele Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?”
27 Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a. 28 Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:
-
28 Li va vin rive apre sa,
ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo,
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
30 Mwen va montre mèvèy yo
nan syèl la ak sou tè a:
san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
31 Solèy la va vin tou nwa,
e lalin nan tankou san
devan gwo jou tèrib SENYÈ a.
-
8 Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”
-
24 Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
-
25 “Mwen te tande sa pwofèt ki fè fo pwofesi nan non Mwen yo te di. Y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’ 26 Pou konbyen de tan? Èske gen yon bagay nan kè pwofèt ki fè fo pwofesi yo, menm pwofèt sila ki twonpe pwòp kè yo? 27 Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal? 28 Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal?
-
19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lannwit lan. 20 Daniel te di:
“Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,
paske sajès ak pouvwa se pou Li.
21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.
Li retire wa e Li etabli wa.
Li bay sajès a moun saj yo,
e konesans a moun ki gen bon konprann.
22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.
Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,
e se limyè a ki rete avè L.
23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,
mwen remèsye Ou.
Mwen bay Ou lwanj,
paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.
Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa
ke nou te mande Ou a,
Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”
-
10 “Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.
11 “Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’
12 “Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo. 13 Mwen menm se Bondye a Béthel la, kote ou te vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”
-
5 Ke viktwa a mechan yo kout,
e jwa a enkwayan an se pou yon moman?
6 Malgre wotè li ta rive nan syèl la,
pou tèt li ta touche nwaj yo,
7 l ap peri nèt tankou fatra.
Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
8 Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li.
Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale.
-
5 Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
-
9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
-
17 Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
-
16 Lè bòs boulanje a te wè ke li te fè yon entèpretasyon favorab, li te di Joseph: “Mwen te wè nan rèv mwen an, e gade byen, te gen twa panyen pen blan sou tèt mwen. 17 Epi nan panyen pi wo a, te gen kèk nan tout kalite manje kwit pou Farawon, e zwazo yo te manje yo nan panyen sou tèt mwen an.”
18 Alò, Joseph te reponn e te di: “Sa se entèpretasyon an. Twa panyen yo se twa jou. 19 Pandan twa jou ankò, Farawon va leve tèt ou sou ou. Li va pann ou sou yon bwa, e zwazo va retire chè sou ou e manje ou.”
-
25 Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt. 26 Sèt bon bèf yo se sèt ane; epi sèt bon tèt yo se sèt ane; rèv sa yo se yon sèl yo ye. 27 Sèt bèf lèd ak mèg yo ki te sòti apre yo a se sèt ane, e sèt tèt mèg ki brile pa van lès la va sèt ane ak gwo grangou.
28 “Se tankou mwen te pale a Farawon: “Bondye te montre Farawon kisa ki prèt pou rive. 29 Gade byen, sèt ane ak gran abondans yo ap vini nan peyi Égypte la. 30 Epi apre yo, sèt ane ak gwo grangou yo va vini, tout abondans sa a va gen tan bliye nan peyi Égypte la, e gwo grangou sa a va ravaje peyi a. 31 Alò, abondans lan p ap sonje nan peyi a akoz konsekans gwo grangou a, paske li va vrèman rèd.
-
9 Epi chèf responsab goute diven an te pataje rèv li avèk Joseph, e li te di a li menm: “Nan rèv mwen an, gade byen, te gen yon pye rezen devan m, 10 epi sou pye rezen an, te gen twa branch. Konsa, pandan li t ap boujonnen, flè li yo te parèt, e touf flè yo te pwodwi pakèt rezen mi. 11 Alò, tas Farawon an te nan men m; epi mwen te pran rezen yo, mwen te peze yo nan tas Farawon an, e mwen te mete tas la nan men Farawon.”
12 Joseph te di l: “Men, sa se entèpretasyon sa a: twa branch sa yo se twa jou. 13 Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven an.
-
8 Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon.
9 Alò, chèf responsab pote manje a te pale a Farawon. Li te di li: “Jodi a, mwen ta dwe admèt yon tò ke m genyen. 10 Farawon te byen fache avèk sèvitè li yo, e li te fè m anprizone lakay Kaptenn kò gad la, mwen menm avèk chèf boulanje a. 11 Nou te fè yon rèv nan menm nwit lan, mwen menm ak li menm tou. Nou chak te fè yon rèv ak pwòp entèpretasyon pa li. 12 Alò, te gen yon jennonm ki te la avèk nou, yon sèvitè kaptenn kò gad la, yon Ebre. Nou te pale rèv yo a li menm, e li te entèprete rèv nou yo pou nou. A chak moun li te entèprete selon pwòp rèv pa li.
-
15 Farawon te di a Joseph: “Mwen te fè yon rèv, men pa gen pèsòn ki kapab entèprete li. Men mwen tande pale de ou menm ke lè ou tande yon rèv, ou kapab bay entèpretasyon li.”
16 Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men Bondye va bay Farawon yon repons favorab.”
-
10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!”
Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
11 Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. 12 Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
Shows Read in context, Share and Copy.