70 Bible Verses About Hate
Bib Sen An (BSA)
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.
13 Pa etone, frè yo, si lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.
-
27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
-
10 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.
Li delivre yo nan men a mechan yo.
-
8 Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja. 9 Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan. 10 Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. 11 Men sila ki rayi frè l la, li nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap prale, paske tenèb la fin fè l avèg.
-
18 “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou. 19 Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.
20 “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi. 21 Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.
-
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.
-
13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.
-
17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
-
19 O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye.
Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
20 Paske yo pale kont Ou ak mechanste,
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
21 Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.
Yo devni lènmi m.
23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e
mennen mwen nan chemen etènèl la.
-
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
-
22 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
-
9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.
-
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
-
23 “Moun ki rayi M, rayi Papa M tou. 24 Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.
25 “Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’
-
24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;
men nan kè l, li fè depo desepsyon.
25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;
paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,
mechanste li va devwale devan asanble a.
-
4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.
Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.
Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.
SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,
ki twonpe moun.
-
104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.
Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.
-
2 “Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a.
Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?”
“Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen; 3 men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.”
-
3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
-
163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo.
Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
-
15 Rayi mal e renmen sa ki bon,
e etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ka fè gras a retay Joseph la.”
-
6 Pou sa, Jésus te di yo: “Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.
7 “Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.
8 “Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske lè Mwen poko fin acheve.”
-
6 Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.
-
3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè. 4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
-
3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman
E yo te goumen kont mwen san koz.
4 An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;
men mwen toujou ap priye.
5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.
-
18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
-
17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,
pase yon bèf gra ak rayisman.
-
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
-
22 “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
23 “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
24 “Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou.
-
17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
41 Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”
-
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
-
16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.
-
15 Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”
-
5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e
mwen pa chita avèk mechan yo.
-
21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,
ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
-
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
-
11 “Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo, 12 alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri. 13 Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.
-
19 Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen.
Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
-
7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.
Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,
te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.
-
16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
-
21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. 26 Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
-
28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
-
3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
-
8 Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.”
Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”
-
5 SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;
men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
-
6 Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,
men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.
-
21 Se mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
-
20 Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri,
-
9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.
-
7 Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: “Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?”
-
128 Pou sa, mwen konsidere byen tout
òdonans Ou yo selon tout bagay.
Mwen rayi tout sa ki fo.
-
5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo;
men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
-
10 Moun k ap vèse san rayi inosan an;
men moun dwat yo pwoteje lavi li.
-
13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;
lansan vin abominab devan M.
Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—
Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo.
Yo vin yon gwo fado pou mwen.
Mwen fatige sipòte yo.
-
9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen, 10 epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo?
-
34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”
-
29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
-
9 Ou renmen ladwati e
ou rayi linikite;
konsa, Bondye, Bondye pa w la
te onksyone ou avèk lwil lajwa a
pi plis ke parèy Ou yo.”
-
30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
31 Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.
-
22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo,
nou va renmen rete san konprann anyen?
Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e
moun san konprann yo rayi konesans?
-
1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,
men sila ki rayi korije a, se bèt.
-
22 Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;
tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
-
2 Nou menm ki rayi sa ki bon,
e ki renmen sa ki mal;
ki chire po yo sou kò yo,
ak chè yo soti sou zo yo;
-
25 Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.
-
12 Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul. 13 Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a. 14 Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul. 15 Alò, konsa, ou menm avèk konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”
-
31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.
Shows Read in context, Share and Copy.