33 Bible Verses About Loving Your Neighbor

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Loving Your Neighbor
  1. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”

  2. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

  3. 34 Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.

    35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  4. 28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”

    29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm.

  5. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  6. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  7. 9 “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

    11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.

    12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

    13 “‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.

    14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

    15 “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.

    16 “‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an.

    Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.

    17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.

    18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.

  8. 25 Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

    26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”

    27 Li te reponn:

    “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a

    avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,

    e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

    28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”

    29 Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”

    30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

    31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.

    32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.

    33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

    36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”

    37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.

  9. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  10. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  11. 12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.

  12. 16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.

    17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.

  13. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  14. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  15. 18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?”

    Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19 Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”

  16. 8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

  17. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  18. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  19. 33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.

  20. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

  21. 1 “Pa jije pou nou menm pa vin jije. 2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. 3 E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? 4 O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? 5 Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.

  22. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

  23. 2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”

  24. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.

  25. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

    11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou avèk pwòp men mwen. 12 Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.

  26. 15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.

  27. 21 SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo. 22 Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”

  28. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.

    11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an.

  29. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

  30. 1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.

    2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.

  31. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

  32. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

  33. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.