87 Bible Verses About Giving to Others

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Giving to Others
  1. 6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:

    “Li te gaye toupatou.

    Li te bay a malere yo.

    Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”

    10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

  2. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

  3. 1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo. 3 Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. 4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo. 5 Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye. 6 Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a. 7 Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.

    8 Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou. 9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich. 10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l. 11 Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou. 12 Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen. 13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite. 14 Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite. 15 Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”

  4. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

    29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.

    30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.

    31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

    32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

    35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

    36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

  5. 7 Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’

    8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.

  6. 32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.

    33 “Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. 34 Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”

  7. 24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.

    Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.

    25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;

    sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.

  8. 7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.

    9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. 10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.

    11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’

  9. 7 Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’ 8 Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.

  10. 15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.

  11. 41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.

    43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”

  12. 17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

  13. 9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

    ak premye pati nan tout prodwi ou,

    10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,

    e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

    11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

    ni rayi repwòch Li,

    12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

    jis tankou yon papa konn korije

    fis nan sila li pran plezi a.

  14. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

  15. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

  16. 1 Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan. 2 Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv. 3 Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout; 4 paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”

  17. 34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

    37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

    40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

  18. 9 Sila ki bay ak men louvri va beni;

    paske li bay manje a malere.

  19. 21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”

    22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.

  20. 27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;

    men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

  21. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

  22. 1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; 4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.

  23. 16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  24. 2 Alò, avèk tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite. 3 Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan, 4 kon swivan: twa mil talan lò nan lò Ophir ak sèt mil talan ajan rafine, pou kouvri mi kay yo; 5 lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”

    6 Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte; 7 epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè. 8 Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a Jehiel, Gèshonit lan.

  25. 9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.

  26. 32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

    36 Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

  27. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  28. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

  29. 33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.

  30. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

  31. 6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

  32. 17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.

  33. 17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,

    e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.

  34. 22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”

    23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.

    24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 25 Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”

  35. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm.

  36. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.

  37. 17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”

    18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”

    20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”

    21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”

    22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.

  38. 17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. 18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”

  39. 10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  40. 35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi.

  41. 33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

  42. 44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  43. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  44. 14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

  45. 15 Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.

  46. 9 Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo. 10 Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”

  47. 68 Kèk nan chèf lakay zansèt yo, lè yo te rive lakay SENYÈ a, ki Jérusalem nan, yo te fè ofrann bòn volonte a pou l ta rekonstwi fondasyon li yo. 69 Selon kapasite pa yo, yo te bay nan kès la sòm a swasan-te-yen-mil drakma an lò, senk-mil min an ajan, avèk san vètman pou prèt yo.

  48. 41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

    44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

    45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

  49. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an.

  50. 3 Defans mwen a sila ki jije m yo se sa:

    4 Èske nou pa gen dwa pou nou manje ak bwè?

    5 Èske nou pa gen dwa pou pran avèk nou yon madanm fidèl nan lafwa, menm jan ak rès apòt yo, frè a Senyè yo ak Céphas?

    6 Oubyen èske se sèlman Barnabas ak mwen menm ki pa gen dwa sispann travay?

    7 Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?

  51. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

  52. 14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.

    15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

  53. 6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

    8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

    9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

  54. 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

  55. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  56. 27 Osi, nou p ap neglije Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou.

    28 “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an. 29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.

  57. 3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.

    Ladwati li dire pou tout tan.

    4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;

    Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.

    5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;

    Li va prezève koz li a nan jijman an.

  58. 14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.

  59. 13 Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li. 14 Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?

    15 “Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?”

    Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”

    16 Epi yo te pote l.

    Li te di yo: “Se imaj ak non a ki moun ki la a?”

    Yo te di Li: “Se pou César”.

    17 Konsa, Jésus te di yo: “Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.

  60. 10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”

    11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”

  61. 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.

  62. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

  63. 2 “Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.

  64. 5 ‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bòn volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,

  65. 17 Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.

  66. 25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,

    men mwen poko wè moun dwat ki abandone,

    ni desandan li yo k ap mande pen.

    26 Tout lajounen, moun dwat la

    plen ak gras pou prete moun.

    Desandan li yo se yon benediksyon.

  67. 42 Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwè; anverite, Mwen di nou li p ap pèdi rekonpans li.

  68. 23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.

  69. 15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”

  70. 5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.

  71. 7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;

  72. 10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.

  73. 27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.

  74. 53 Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.

  75. 8 Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè.

  76. 4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a. 5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan tout bagay. 6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.

  77. 21 Mechan an prete, men li pa remèt,

    men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.

    22 Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a,

    men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.

  78. 5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.

    Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.

  79. 16 Don a yon nonm fè kont espas pou li,

    e mennen li devan moun enpòtan.

  80. 26 Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay,

    pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.

  81. 6 “Se pa jèn sila a ke M pito;

    pou lache lyann mechanste yo,

    pou demare kòd jouk la,

    pou lese oprime yo pran libète

    e kase tout jouk yo?

    7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,

    e mennen endijan yo antre nan kay?

    Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l;

    epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?

  82. 6 “Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’ 7 N ap ofri pen ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’ 8 Lè nou ofri bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo.

    9 Men koulye a, chèche mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? mande SENYÈ Dèzame yo.

    10 O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.

  83. 6 Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre a, 7 yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.

    8 Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa? 9 Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”

    10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay. 11 Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan. 12 Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman. 13 Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”

  84. 42 “Men malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou peye ladim, mant, ak lari de tout epis jaden an. Malgre sa, nou neglije lajistis avèk lanmou Bondye. Men bagay sa yo nou te dwe fè, san neglije lòt yo.

  85. 34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.

  86. 27 Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.

    28 Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.

    29 Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée. 30 Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.

  87. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.