60 Bible Verses About Justice

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Justice
  1. 6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

    e bese m ba devan Bondye anlè a?

    Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

    ak ti bèf ki gen yon lane?

    7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?

    Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

    Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay

    pou zak rebelyon mwen yo?

    Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

    8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

    9 Vwa SENYÈ a va rele vè vil la,

    e sajès, li menm, fè lakrent non Ou.

    “Koute baton an,

    ak Sila ki te deziye l.

  2. 19 Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo. 20 Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.

  3. 16 Lave nou pou nou vin pwòp;

    retire zak malonèt nou yo devan zye M.

    Sispann fè mechanste.

    17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

    18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:

    “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;

    malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.

  4. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

  5. 2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,

    e montre favè a mechan yo?

    3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo.

    Fè jistis a aflije ak malere yo.

    4  Sove fèb yo ak malere yo.

    Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”

  6. 8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;

    pou dwa yo a tout sila ki san sekou.

    9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,

    e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”

  7. 8 Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis;

    Mwen rayi vòl ak malfezans.

    Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,

    e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.

    9 Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo,

    e posterite yo nan mitan a tout pèp yo.

    Tout moun ki wè yo va rekonèt yo,

    akoz yo se desandan ke SENYÈ a te beni yo.

  8. 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’

  9. 6 Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.

    7 Rete lwen yon fo pwosè, e pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.

    8 Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.

    9 Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etranje nan peyi Égypte la.

  10. 13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. 14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. 15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. 16 Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.

  11. 3 Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a.

    Bay glwa a Bondye nou an!

    4 Wòch la! Zèv Li yo pafè,

    paske tout chemen li yo jis.

    Yon Bondye fidèl e san enjistis,

    dwat e jis ke Li ye.

  12. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.

  13. 3 A la beni sila ki kenbe jistis yo beni.

    Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!

    4 Sonje mwen, O SENYÈ, nan favè Ou anvè pèp Ou a.

    Vizite mwen avèk sali Ou,

  14. 1 Konsa pale SENYÈ a:

    “Konsève sa ki jis

    e fè sa ki dwat,

    paske sali Mwen an prèt pou rive

    e ladwati Mwen va vin revele.

  15. 4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

    Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

    5 Li renmen ladwati avèk jistis.

    Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.

  16. 3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis

    plis pase sakrifis.

  17. 13 “‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.

    14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

    15 “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.

  18. 27 Kite mal e fè sa ki bon,

    pou ou kab viv jis pou tout tan.

    28 Paske SENYÈ a renmen jistis,

    e li pa abandone fidèl li yo.

    Yo prezève pou tout tan,

    men mechan yo va vin koupe retire nèt.

    29 Moun ladwati yo va eritye peyi a,

    pou viv ladann pou tout tan.

  19. 15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;

    men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.

  20. 1 Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.

    2 Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.

  21. 16 Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.

    17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19 Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.

  22. 23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.

  23. 35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.

    37 “‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’”

  24. 6 SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.

  25. 13 Ou gen yon men byen fò.

    Men dwat Ou leve byen wo.

    14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an.

    Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.

  26. 16 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste. 17 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay.

  27. 3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.

    Li p ap jije selon sa ke zye l wè,

    ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;

    4 men ak ladwati, Li va jije malere yo,

    e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.

    Li va frape tè a ak baton bouch Li,

    e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.

    5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li

    e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.

  28. 1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;

    sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.

    Mwen te mete Lespri M sou Li.

    Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.

    2 Li p ap kriye menm,

    ni leve vwa l,

    ni fè vwa l tande nan lari.

    3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase,

    e yon fisèl bouji ki brile fèb,

    Li p ap etenn.

    Ak fidelite, Li va mennen lajistis

    e fè l vin parèt.

    4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze

    jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,

    epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”

  29. 26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.

    28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?

    30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.

  30. 12 Leve O SENYÈ!

    O Bondye, leve men Ou wo!

    Pa bliye aflije yo!

    13 Poukisa mechan an te meprize Bondye?

    Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.

    14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont

    mechanste ak agase moun pou pran sa an men.

    Malere a ap depann de Ou menm;

    Se Ou ki konn ede òfelen an.

    15 Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!

    Dekouvri mechanste li yo jiskaske

    Ou pa twouve l ankò.

    16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan!

    Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.

    17 O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo;

    Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,

    18 pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a,

    pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.

  31. 5 Panche vè yon moun mechan an pa bon,

    ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.

  32. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.

    6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.

    9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.

  33. 1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;

    men yon pwa ki jis se plezi Li.

  34. 23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:

    Fè patipri nan jijman pa bon.

    24 Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,

    pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;

    25 men pou sila ki repwoche mechan yo,

    l ap wale byen ak yo.

    Bon benediksyon va tonbe sou yo.

  35. 14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal,

    pou nou ka viv;

    epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,

    jis jan nou te pale a!

    15 Rayi mal e renmen sa ki bon,

    e etabli jistis nan pòtay la!

    Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo

    ka fè gras a retay Joseph la.”

  36. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.

  37. 23 Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? 24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?

    25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”

    26 Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”

  38. 11 Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni,

    e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,

    12 akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou,

    avèk òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.

    13 Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen

    e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.

    14 Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m;

    jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.

    15 Mwen te sèvi kon zye pou avèg yo,

    e pye pou sila bwate yo.

    16 Mwen te yon papa pou malere a,

    e ka ke m pa konnen an,

    mwen te chache twouve bout li.

    17 Mwen te kase machwè a mechan an

    e mwen te retire viktim nan anba dan l.

  39. 7 Paske Bondye dwat.

    Li renmen ladwati.

    Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

  40. 5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,

    sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

    6 Ki te fè syèl la avèk tè a,

    lanmè ak tout sa ki ladann.

    Ki fidèl jis pou tout tan.

    7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.

    Ki bay manje a moun grangou yo.

    SENYÈ a mete prizonye yo an libète.

    8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.

    SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.

    SENYÈ a renmen moun ladwati yo.

    9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.

    Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,

    men Li jennen wout mechan an.

  41. 26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;

    men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.

    27 Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat,

    yon nonm ladwati abominab a mechan yo.

  42. 3 Konsa pale SENYÈ a: “Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a.

  43. 1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo.

  44. 1 Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.

  45. 17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

    18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

  46. 5 Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “Jis se Ou menm ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo. 6 Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”

    7 Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, vrè e jis se jijman Ou yo.”

  47. 11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.

  48. Yon Sòm David

    1 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.

    Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.

    Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!

    2 Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,

    paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.

  49. 5 Moun mechan yo pa konprann lajistis;

    men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.

  50. 14 Si yon wa jije pòv yo ak verite,

    twòn li va etabli jis pou tout tan.

  51. 14 Lajistis vin detounen

    e ladwati vin kanpe byen lwen.

    Paske verite a fin glise tonbe nan lari

    e ladwati p ap ka antre.

    15 Wi, verite a manke;

    epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,

    fin fè pwòp tèt li yon viktim.

    Alò, SENYÈ a te wè

    e sa pa t fè plezi devan zye L,

    ke pa t gen jistis.

  52. 5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.

  53. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

  54. 8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.

  55. 27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.

  56. 7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan;

    Li te etabli twòn Li pou jijman.

    8 Li va jije mond lan avèk ladwati;

    Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.

  57. 13 “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.

    14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen, 15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.

  58. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye.

  59. 2 Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?

    Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo.

  60. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.