72 Bible Verses About Seeking God
Bib Sen An (BSA)
-
4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
5 Paske nan jou twoub la,
Li va kache mwen nan tabènak Li.
Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,
se la Li va fè m kache.
Li va leve mwen sou yon wòch.
6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo
sou lènmi m ki antoure m yo.
Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.
Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
7 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.
Fè m gras e reponn mwen.
8 Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”,
kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,
se li mwen va chache.”
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”
-
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
1 Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:
2 Li fin tonbe, li p ap leve ankò—
Vyèj Israël la.
Li kouche byen neglije sou tèren li;
nanpwen moun ki pou leve l.
3 Paske, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Vil ki te gen mil sòlda soti,
va gen san ki rete,
e sila ki gen san ki ale yo,
va gen dis ki rete pou lakay Israël.”
4 Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël:
“Chache Mwen pou nou ka viv.
5 Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal,
ni travèse Beer-Schéba.
Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite
e gwo twoub va rive Béthel.
6 Chache SENYÈ a pou nou ka viv,
sinon Li va eklate kon dife
nan lakay Joseph,
e li va devore san pa gen okenn moun
ki pou etenn li Béthel.
-
3 Bay non Li glwa!
Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.
4 Chache SENYÈ a ak fòs Li.
Chache fas Li san rete.
-
6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
7 Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
-
10 Bay glwa a sen non Li.
Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a
vin ranpli ak jwa.
11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li.
Chache figi Li san rete.
-
1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.
3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.
4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.
11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”
13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.
-
27 SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo. 28 La, nou va sèvi dye yo, zèv men a lòm yo, bwa avèk wòch, ki pa wè ni tande, ni manje ni santi anyen. 29 Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou. 30 Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li. 31 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm.
-
7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. 12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
-
12 Simen a nou menm anvè ladwati,
rekòlte selon ladousè.
Fann tè ki poze ou a;
se lè pou chache SENYÈ a
jis lè Li vin vide ladwati sou nou.
-
17 Anplis, David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di: 18 “Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a. 19 Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”
-
2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki konprann, k ap chache Bondye.
3 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
-
1 Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo— 2 nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo. 3 Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.
4 Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di:
“O SENYÈ, Gran Bondye ki etonan an, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,
-
8 O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
p ap manke okenn bon bagay.
-
22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? 26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. 28 Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou. 30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. 31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
-
24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
-
4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo p ap janm wont.
-
2 A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo,
Ki chache Li ak tout kè yo.
3 Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
-
9 “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
-
10 Jan sa ekri a:
“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
11 Pa gen moun ki gen konprann.
Pa gen moun ki chache Bondye.
12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.
Pa gen moun ki fè sa ki bon;
pa menm yon sèl.
-
21 Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo. 22 Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.” 23 Konsa, nou te fè jèn nan, e te chache Bondye nou konsa, e Li te koute sa nou te mande a.
-
1 Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon ki pa gen wont, 2 avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou. 3 Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.
-
5 Si ou ta chache Bondye e mande
konpasyon a Toupwisan an,
6 si ou te san tach e dwat;
anverite, koulye a,
Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou
jan ou te ye nan ladwati ou.
-
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
-
21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;
pou sa, mwen gen espwa.
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
26 Se bon pou yon nonm gen espwa,
e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
-
4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
-
Yon sòm David
1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2 Li te fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6 Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo,
k ap chache figi Ou—menm Jacob. Tan
-
32 Enb yo te wè sa e yo kontan.
Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.
-
1 Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la. 2 Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou. 3 Pandan anpil jou, Israël te kon san vre Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa. 4 Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li.
-
12 Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo; 13 epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm. 14 Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a. 15 Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
-
14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
-
18 Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone 19 tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.”
20 Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la.
-
2 Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a, 3 paske li te retire lotèl etranje yo avèk wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk Asherim yo. 4 Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an. 5 Li te osi retire wo plas yo avèk lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li. 6 Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo. 7 Paske li te di a Juda: “Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.
-
10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
-
5 Moun mechan yo pa konprann lajistis;
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
-
9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou. 10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv? 12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? 13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
-
16 Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
-
3 SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo, 4 men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a. 5 Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè. 6 Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
-
44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
45 “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl. 46 Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
-
10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
-
4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou.
Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan:
“Kite Bondye egzalte”.
5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite.
Fè vit vin kote mwen, O Bondye!
Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen.
O SENYÈ, pa mize.
-
16 Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e
fè kè kontan nan Ou.
Kite tout sila ki renmen sali Ou yo
pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab
leve wo!”
-
5 Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
-
8 “Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
9 Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;
mèvèy ki pa kab menm konte yo.
-
1 Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo,
ki depann de cheval yo,
ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil,
ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò;
men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la,
ni chache SENYÈ a!
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo.
-
26 Aflije yo va manje e va satisfè.
Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.
Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
-
4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo, 5 sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom, 6 sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
-
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
-
45 Epi mwen va mache nan libète,
paske se òdonans Ou ke m chache.
-
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
4 Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. 5 Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.
-
1 “Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.
-
1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
-
1 Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. 2 Paske Li di:
“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
-
21 Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.
-
8 Anverite, selon jijman Ou yo,
O SENYÈ, nou t ap tann Ou.
Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
9 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.
Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;
paske lè jijman Ou yo rive sou latè,
sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
-
7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
-
6 “Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen), 7 nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan), 8 nou pa pou dakò avè l, ni koute li. “Ni zye noupa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li. 9 Men anverite, nou va touye li. Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la. 10 Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò, akoz li te chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
-
5 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè demann premyèman selon pawòl SENYÈ a.”
-
1 Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat. 2 Kèk moun te vin bay rapò a Josaphat e te di: “Yon gran foul ap pwoche kont ou soti lòtbò lanmè Syrie. Gade byen, yo rive Hatsatson-Thamar” (ki En-Guédi a). 3 Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda. 4 Konsa, Juda te rasanble ansanm pou chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a.
-
1 Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem. 2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch. 3 Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo. 4 Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kraze yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo. 5 Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem. 6 Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo, 7 li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.
-
19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo?
-
8 “Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.
-
94 Se pa W mwen ye. Fè m sekou!
Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
-
15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.
16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.
18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.
19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.
20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.
-
13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
-
155 Sali a lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
-
22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.
“Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
-
44 Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.
Shows Read in context, Share and Copy.