21 Bible Verses About Communion

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Communion
  1. 23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.

    27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a. 28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a. 30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan. 33 Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt. 34 Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.

  2. 26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

    27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”

    30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.

  3. 14 Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L. 15 Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri; 16 paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.” 17 Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm. 18 Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”

    19 Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 20 Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.

  4. 16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? 17 Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen.

  5. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  6. 22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”

    23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”

  7. 53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.

    54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a. 55 Paske chè M se vre manje a, e san Mwen se vre bwason an.

    56 “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li. 57 Kon Papa vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.

    58 “Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”

  8. 1 Sa ki te ye depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; 2 epi lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.

    3 Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. 4 Epi bagay sa yo nou ekri, pou lajwa nou kapab vin konplèt.

    5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

    6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

  9. 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.

    21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.

  10. 6 Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?

    7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.

    8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.

  11. 6 Nou te pran bato a vwal soti Philippes, apre jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou. 7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.

  12. 47 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl. 48 Mwen se pen lavi a.

    49 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.

    50 “Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi pa mouri.

    51 “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou janmen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”

  13. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.

  14. 30 Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li. 31 Answit zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo.

  15. 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”

  16. 35 Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.

  17. 20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.

  18. 9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.

    10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a. 11 Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.

  19. 7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen; 8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”

  20. 33 Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”

  21. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.