41 Bible Verses About Discipline

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Discipline
  1. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

    “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

    ni vin febli lè nou korije pa Li;

    6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

    12 Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.

  2. 24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.

    25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.

    26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.

    27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

  3. 11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

    ni rayi repwòch Li,

    12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

    jis tankou yon papa konn korije

    fis nan sila li pran plezi a.

  4. 4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  5. 15 Baton ak repwòch bay sajès;

    men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

    16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

    men moun dwat yo va wè tonbe yo.

    17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

    anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

  6. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

    men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

  7. 15 Foli mare nan kè a yon timoun;

    baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.

  8. 13 Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

    malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

    14 Ou va frape li ak baton

    pou delivre nanm li de sejou mò yo.

    15 Fis mwen an, si kè ou saj,

    pwòp kè m va kontan tou.

    16 Wi, jis anndan m va rejwi

    lè lèv ou pale sa ki dwat.

  9. 6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.

    Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a. 8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

    9 Sa se yon vre Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.

  10. 1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,

    men sila ki rayi korije a, se bèt.

  11. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  12. 5 Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.

    6 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li.

  13. 20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

    21 Mare yo tout tan sou kè ou;

    mare yo nan kou ou.

    22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.

    Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.

    Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.

    23 Paske kòmandman an se yon lanp,

    e enstriksyon li se limyè.

    Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a

  14. 6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.

    7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  15. 17 “Gade byen kijan nonm

    ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.

    Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.

    18 Paske se Li menm ki blese,

    e se Li menm ki retire blesi a;

    Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.

  16. 12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,

    O SENYÈ,

    ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,

    13 pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo,

    jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.

    14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,

    ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.

  17. 18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

    pa chache lanmò li.

  18. 1 Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.

    2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.

    3 Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan. 4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,

    5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.

  19. 14 Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont. 15 Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men egzòte li kòm yon frè.

  20. 19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

  21. 18 Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a, 19 nan kenbe lafwa ak yon bon konsyans, ke kèk moun te rejte, e te fè nofraj nan sa ki gen rapò a lafwa yo. 20 Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.

  22. 19 Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.

    20 Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche. 21 Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.

    22 Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.

  23. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  24. 15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.

  25. 2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,

    Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,

    3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,

    ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;

    4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.

    5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li

    e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

    6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.

    7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;

    sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

    8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

  26. 1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,

    men yon mokè pa koute repwòch.

  27. 18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;

    men sila ki konsidere repwòch la va onore.

  28. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.

  29. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.

  30. 10 Li ouvri zòrèy yo pou yo ka enstwi,

    e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.

  31. 17 Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi;

    men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.

  32. 2 Byen konnen nan jou sa a, ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a, 3 epi sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a; 4 ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a; 5 epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a; 6 epi sa Li te fè aDathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo—— 7 konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.

  33. 75 Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat,

    ke se nan fidelite, Ou te aflije mwen.

  34. 23 Li va mouri akoz mank enstriksyon,

    e nan grandè foli li, li va vin egare.

  35. 32 Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li;

    men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.

  36. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  37. 17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm. 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.

  38. 9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;

    10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.

    11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.

    12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?

    13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.

  39. 1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn.

  40. 10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.

  41. 17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.