78 Bible Verses About Being Happy
Bib Sen An (BSA)
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.
Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
-
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
-
20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
-
12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14 Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
-
1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
-
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
-
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
-
10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an.
-
13 A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
-
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
-
10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
-
22 Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23 Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;
kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
-
12 Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a. 13 Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye.
-
7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a. 8 Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou. 9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.
-
6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
-
15 A la beni pèp ki ranje konsa beni!
A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.
-
13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,
e lajwa kon fini nan tristès.
-
13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;
men lè kè a tris, lespri a vin brize.
-
14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
-
14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble.
-
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
-
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
-
5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
-
17 “Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
-
17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.
-
11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
-
Liv I
1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
4 Mechan yo pa konsa.
Yo tankou pay ke van an pouse ale.
-
15 Tout jou aflije yo move;
men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
-
2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” 3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo. 4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè! 6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.
-
6 Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.”
-
5 Glwa li gran nan sali pa Ou.
Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan;
Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.
7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a.
Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a,
Li p ap ebranle menm.
-
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
-
15 Ou menm ki konnen, O SENYÈ,
sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo.
Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt;
rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
16 Pawòl Ou yo te vin twouve;
mwen te manje yo.
Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa
ki fè kè m rejwi;
paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
-
9 Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz nou menm? 10 Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konesans lafwa nou.
-
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.
Nou kontan.
-
1 Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite. 2 Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
-
26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
-
9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,
e kite kè ou rete kontan
pandan ane de laj jenès ou yo.
Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,
men konnen byen ke Bondye
va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
-
21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
-
14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.
-
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
-
9 Li fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.
Louwe SENYÈ a!
-
20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;
men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
-
10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;
nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,
paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.
Li te vlope m nan yon manto ladwati,
tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;
e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
-
5 Epi Jonas te sòti nan vil la e te chita sou kote lès la. La, li te fè yon tonèl pou li menm, e li te chita anba l nan lonbraj jis pou l ta wè sa ki ta rive nan vil la. 6 Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan. 7 Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin fennen. 8 Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
9 Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?”
Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
10 Konsa, SENYÈ a te di: “Ou te gen konpasyon pou plant sila ke ou pa t fè okenn travay pou li a, ke ou menm pa t fè grandi, ki te vin parèt nan yon nwit e te vin peri nan yon nwit. 11 Èske Mwen pa ta dwe gen konpasyon pou Ninive, gwo vil la, nan sila ki genyen plis ke san-ven-mil moun ki pa konn diferans antre men dwat ak men goch yo ak yon gwo kantite bèt, tou?”
-
11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
-
10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.
-
20 Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
22 “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
23 “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
-
21 Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochen jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël. 22 Yo te manje ak bwè nan jou sa a devan SENYÈ a avèk kè kontan. Konsa, yo te fè Salomon, fis a David la, wa pou yon dezyèm fwa, e yo te onksyone li devan SENYÈ a pou l ta prens, ak Tsadok kon prèt la.
23 Apre, Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm. 24 Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon. 25 SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
-
6 Beni se SENYÈ a,
akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8 SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
-
4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,
Bondye lajwa m ki depase limit lan.
Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,
O Bondye, Bondye mwen an.
-
5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.
6 Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan.
Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,
akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.
-
30 Zye klè fè kè kontan;
bòn nouvèl konn mete grès sou zo.
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. 26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. 27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. 28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. 29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li, 30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
-
8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.
Lalwa Ou nan kè m.”
-
11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske L ap vini.
Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
-
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men entansyon mechan an va peri.
-
15 Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.
-
15 Jwa nan kè nou vin sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
-
44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
45 “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl. 46 Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
-
25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.
-
52 Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
-
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
-
13 Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
12 Paske ou va sòti ak kè kontan
e mennen sòti ak lapè.
Mòn yo ak kolin yo va eklate
nan gwo kri lajwa devan ou,
e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
-
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
Shows Read in context, Share and Copy.