80 Bible Verses About Working Hard
Bib Sen An (BSA)
-
22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.
-
6 Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
-
6 Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.
-
5 Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt. 6 Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.
7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a. 8 Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou. 9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
11 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout. 12 Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.
-
23 Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
24 Kouwòn saj yo se richès yo;
men betiz moun ensanse se foli yo.
-
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
-
4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;
men nanm a moun dilijan an vin gra.
-
5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm 8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo.
-
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
-
10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
-
24 Men a dilijan yo va kòmande;
men parese a va fè kòve.
-
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
-
11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;
men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
-
6 Kiltivatè ki travay di a ta dwe premye pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.
7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.
8 Sonje Jésus Kri leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. 9 Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. 10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
11 “Sa se yon vre pawòl:
Paske si nou te mouri avèk Li,
nou va osi viv avèk Li.
12 Si nou andire,
nou va osi renye avèk Li.
Si nou rejte Li,
Li tou va rejte nou.
13 Si nou pa fidèl
Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
-
4 Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,
se yon fis ki aji ak sajès;
men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,
fè gwo wont.
-
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,
e plan ou yo va etabli.
-
30 Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb,
Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi ak zam.
-
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven. 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,
pou manje pen a travay di yo,
paske se domi Li bay a moun li renmen.
-
17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.
Wi, konfime zèv men nou yo.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo. 25 Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a, 26 ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo. 27 A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a. 28 Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus. 29 Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.
-
7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
-
8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.
9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
11 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.
-
33 “Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. 34 Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
-
17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
-
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda. 3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo:
-
2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
-
58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.
2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
-
9 Anplis, sila ki parese nan travay li a
se frè a sila ki detwi a.
10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
-
13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
-
12 Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. 13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
-
9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
-
4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
13 Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!
Yon lyon nan plas la!”
14 Tankou pòt la vire sou gon li,
se konsa parese a sou kabann li.
15 Parese a fouye men l nan plato a;
men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
16 Parese a pi saj nan pwòp zye li
pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
-
24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.
-
18 Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li. 19 Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. 20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.
-
37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”
-
15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
-
5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
-
5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen.
-
9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.
-
2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.
-
19 Li te fè lalin nan pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
20 Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,
pou tout bèt forè yo mache toupatou.
21 Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,
e chache manje yo nan men Bondye.
22 Solèy la vin leve.
Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
23 Lòm ale fè travay li.
Li fè fòs jis lannwit rive.
-
26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;
se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.
-
4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
-
13 Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
-
16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
16 Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
25 Se volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
-
14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo.
-
19 Wout a parese a se tankou yon ran pikan;
men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
-
15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou
bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
-
10 Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.
-
9 Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.
-
30 Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a. 31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; 32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, 33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.
34 “Li te osi dedye kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. 35 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blan, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”
-
11 Richès ki sòti nan manti koule ale;
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
-
24 Parese a fouye men l nan plato a;
men li refize rale l rive nan bouch li.
-
27 Li gade byen tout afè lakay li
e li pa manje pen laparès.
-
4 Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven.
Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite;
sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a,
e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”
-
38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
-
47 “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt. 48 Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.
“Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
-
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
-
38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
-
20 Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la. 21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l. 22 Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.
23 Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm. 24 Frè m yo chak moun dwe rete avèk Bondye nan menm eta ke li te resevwa apèl la.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
1 Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.
-
14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.
-
9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch. 15 Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.
16 Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.
-
3 Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus.
-
21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
-
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.
-
4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
-
12 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
-
13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:
“Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”
Shows Read in context, Share and Copy.