45 Bible Verses About Tithing

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Tithing
  1. 6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:

    “Li te gaye toupatou.

    Li te bay a malere yo.

    Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”

    10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.

  2. 5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.

    6 “Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt. 7 Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’

    8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.

  3. 30 “‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a. 31 Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li. 32 Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a. 33 Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’”

    34 Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.

  4. 14 “Tout bagay ki konsakre an Israël va pou ou. 15 Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson. 16 Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.

    17 “Men premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. 18 Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè. 19 Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”

    20 SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.

    21 “A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a. 22 Fis a Israël pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri. 23 Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj. 24 Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”

    25 SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 26 “Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, yon dim nan dim nan. 27 Ofrann nou va konte pou nou kòm sila ki sòti nan voye anlè glasi a, oswa pwodwi ki nan basen diven an. 28 Konsa, nou va, osi, prezante yon ofrann bay SENYÈ a, ki soti nan dim nou yo, ke nou resevwa de fis Israël yo. Epi soti nan li, nou va bay ofrann SENYÈ a a Aaron, prèt la. 29 Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’

  5. 1 Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li, 2 a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè. 3 San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.

    4 Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a. 5 Konsa, sila vrèman de fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.

    6 Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila ki te gen tout pwomès yo. 7 Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.

    8 Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo de sila ke yo temwaye ke li viv toujou. 9 Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo, 10 paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.

  6. 41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.

    43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”

  7. 22 “Chak ane, nou va, anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan.

  8. 16 Li te mennen fè retounen tout byen yo. Anplis, li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo.

    17 Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di Vale a Wa a).

    18 Konsa, Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pi Wo a. 19 Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, Mèt Syèl la ak tè a. 20 Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.”

    Abram te bay li yon dim de tout bagay.

  9. 23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo. 24 Nou menm, gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!

  10. 32 Ankò, nou plase pwòp tèt nou anba obligasyon pou fè kontribisyon yon tyè sik chak ane pou sèvis lakay Bondye nou an: 33 pou pen konsakre, ofrann sereyal ki pa janm fini, ofrann brile ki pa janm fini, Saba yo, nouvèl lin, pou lè chwazi yo, pou bagay sen yo e pou ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou peche Israël yo ak tout travay lakay Bondye nou an. 34 Menm jan an, nou te tire osò pou founi depo bwa pou prèt yo, Levit yo ak pèp la pou yo ta kab mennen li lakay Bondye a, selon lakay zansèt papa nou yo, nan lè ki te etabli nan ane a, pou brile sou lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa a; 35 epi pou yo ta kab pote premye fwi tè yo avèk premye fwi a tout fwi a tout pyebwa yo, lakay SENYÈ a chak ane, 36 epi pote lakay Bondye nou an, premye ne a fis nou yo ak bèf nou yo e premye ne nan bann mouton avèk twoupo nou yo, jan sa ekri nan lalwa a, pou prèt ki ap sèvi lakay Bondye nou an. 37 E ke nou va, osi, pote premye nan pat farin nou yo, kontribisyon nou yo, fwi a tout pyebwa, diven nèf avèk lwil pou prèt yo nan chanm lakay Bondye nou an ak dim tè nou pou Levit yo; paske se Levit yo ki resevwa dim nan tout vil andeyò yo. 38 Prèt la, fis a Aaron an, va avèk Levit yo lè Levit yo resevwa dim yo, e Levit yo va pote yon dizyèm nan dim pa yo vè lakay Bondye nou an, pou l antre nan chanm depo yo. 39 Paske, fis Israël yo avèk fis Lévi yo va pote don sereyal la, diven nèf la ak lwil la nan chanm yo. La se zouti a sanktyè yo, prèt k ap fè sèvis yo, gadyen pòtay yo, ak chantè yo. Konsa, nou p ap neglije lakay Bondye nou an.

  11. 20 Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete, 21 pou m ka retounen lakay papa m anpè, pou SENYÈ a va Bondye pa m, 22 alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”

  12. 9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

    ak premye pati nan tout prodwi ou,

    10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,

    e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

  13. 4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a. 5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan tout bagay. 6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.

    7 Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a. 8 Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a. 9 Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo. 10 Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”

    11 Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo. 12 Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan.

  14. 42 “Men malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou peye ladim, mant, ak lari de tout epis jaden an. Malgre sa, nou neglije lajistis avèk lanmou Bondye. Men bagay sa yo nou te dwe fè, san neglije lòt yo.

  15. 5 Èske nou pa gen dwa pou pran avèk nou yon madanm fidèl nan lafwa, menm jan ak rès apòt yo, frè a Senyè yo ak Céphas?

    6 Oubyen èske se sèlman Barnabas ak mwen menm ki pa gen dwa sispann travay?

    7 Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?

    8 Èske mwen pale bagay sa yo jan moun reflechi? Oubyen èske lalwa pa di menm bagay sa yo tou.

    9 Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?

    10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.

    11 Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?

    12 Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis?

    Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.

    13 Èske nou pa konnen ke sila ki fè sèvis adorasyon yo manje manje tanp lan, e sila ki toujou okipe lotèl la gen pòsyon pa yo sou lotèl la?

    14 Menm jan an tou Senyè a te dirije sila ki pwokame levanjil yo pou twouve mwayen lavi yo nan levanjil la.

  16. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  17. 19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.

    22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.

    “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!

    24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

  18. 1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; 4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.

  19. 38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”

  20. 6 “Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’ 7 N ap ofri pen ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’ 8 Lè nou ofri bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo.

    9 Men koulye a, chèche mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? mande SENYÈ Dèzame yo.

    10 O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli. 11 Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo. 12 “Men nou ap pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’ 13 Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Konsa, nou te pote sa ke yo te pran nan vyolans, sa ki te bwate ak sa ki te malad. Konsa menm, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a.

    14 “Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonan pami nasyon yo.”

  21. 6 Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte; 7 epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè. 8 Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a Jehiel, Gèshonit lan. 9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.

    10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.

  22. 10 “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a; 11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.

    12 “Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.

  23. 4 “Antre nan Béthel pou fè peche;

    nan Guilgal pou miltipliye peche yo!

    Pote sakrifis nou yo chak maten,

    dim nou yo chak twa jou.

    5 Ofri yon ofrann remèsiman,

    sitou sa ki gen ledven ladann,

    epi pwoklame ofrann bòn volonte yo.

    Fè l parèt wo pou moun wè!

    Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm,

    fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.

  24. 24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.

    Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.

    25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;

    sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.

  25. 16 “Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid. 17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.

  26. 6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

    8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

    9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

    11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.

  27. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

  28. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”

  29. 1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo. 3 Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. 4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo. 5 Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye.

  30. 6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

    7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  31. 10 Anplis, mwen te dekouvri ke pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l.

  32. 15 Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo.

  33. 2 Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li. 3 Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bòn volonte yo chak maten. 4 Epi tout mesye avèk kapasite ki t ap fè tout travay nan sanktyè a te vini. Pou sa a, yo chak te sòti nan travay ke yo t ap fè, 5 pou yo te di a Moïse: “Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.”

    6 Alò, Moïse te pase yon lòd. Pou sa yo te fè yon pwoklamasyon sikile toupatou nan kan an. Li te di: “Pa kite pèsòn, ni gason ni fanm travay ankò pou fè don pou sanktyè a.” Konsa pèp la te ralanti pou yo pa pote ankò. 7 Paske materyo ke yo te genyen an te sifi, e plis ke sifi pou tout èv la, pou te fin konplete li.

  34. 17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

  35. 10 Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou.

  36. 1 “Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li. 2 Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.

    3 “Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan. 4 Nou va ba li premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo. 5 Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan.

  37. 15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. 20 Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

  38. 15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  39. 6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. 7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.

  40. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:

  41. 31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.

    34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

    37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

    40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

    41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

    44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

    45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

  42. 33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.

  43. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.

  44. 32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

  45. 10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.