67 Bible Verses About Money

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Money
  1. 19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.

    22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.

    “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!

    24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

    25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

  2. 6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

    8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

    9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

  3. 17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

  4. 27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.

  5. 10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.

    11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo. 12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?

    13 “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”

  6. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

  7. 10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite. 11 Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?

    12 Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.

    13 Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li. 14 Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.

  8. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  9. 1 Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. 2 Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. 3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! 4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.

    5 Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. 6 Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.

  10. 11 Richès ki sòti nan manti koule ale;

    men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

    12 Lespwa jennen fè kè a malad;

    men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.

  11. 31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  12. 15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”

  13. 6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.

  14. 41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.

    43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”

  15. 7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.

    8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.

  16. 9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

    ak premye pati nan tout prodwi ou,

    10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,

    e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

  17. 24 Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”

    25 Li te reponn: “Wi”.

    Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”

    26 Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. 27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”

  18. 4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès;

    sispann reflechi sou sa.

    5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale.

    Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg

    k ap vole vè syèl yo.

  19. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.

  20. 32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

  21. 17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”

    18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”

    20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”

    21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”

    22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.

    23 Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”

    24 Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a! 25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”

  22. 28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’

  23. 28 Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;

    men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.

  24. 19 Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;

    men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.

    20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;

    men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.

    21 Montre patipri pa bon,

    paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.

  25. 12 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo. 13 Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”

  26. 1 Yon bon non pi bon pase tout richès;

    e favè Bondye, pase ajan ak lò.

    2 Rich la ak malere a mare ansanm;

    se SENYÈ a ki fè yo tout.

  27. 24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l

    epi di: “Sa pa yon transgresyon”,

    se parèy ak yon moun ki detwi.

  28. 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.

  29. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

  30. 18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”

    20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan.

  31. 21 Mechan an prete, men li pa remèt,

    men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.

    22 Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a,

    men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.

  32. 4 Malere se sila ki travay ak men lach;

    men lamen moun dilijan an, anrichi.

  33. 4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;

    men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.

  34. 23 Konsa pale SENYÈ a:

    “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.

    Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,

    ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.

    24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

    ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

    ke Mwen se SENYÈ a,

    ki aji nan lanmou dous, jistis,

    ak ladwati sou latè a;

    paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

  35. 9 Nou pa pou pran ni lò, ni lajan ni kwiv pou mete nan bous senti nou,

  36. 32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.

    33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.

  37. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”

  38. 25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.

  39. 27 Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;

    men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.

  40. 20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”

    21 Yo reponn Li: “Se pou César”.

    Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”

  41. 38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”

  42. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.

  43. 14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.

  44. 23 Nan tout travay gen pwofi;

    men pale anpil mennen nan povrete.

  45. 5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;

    men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.

  46. 22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès

    e li pa konnen kisa k ap rive li.

  47. 7 “De bagay m te mande ou yo;

    pa refize m yo avan m mouri:

    8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.

    Pa ban m richès ni povrete.

    Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,

    9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou

    pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’

    oswa, pou m ta manke, vin vòlè

    e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.

  48. 6 Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”

  49. 5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.

  50. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  51. 16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”

    17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’

    18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”

    20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’

    21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”

  52. 35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi.

  53. 13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. 14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. 15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an.

  54. 6 Ale kote foumi, o parese.

    Veye abitid li yo e vin saj!

    7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,

    8 konn prepare manje li nan gran sezon an

    e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.

  55. 22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;

    men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.

  56. 27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;

    men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

  57. 36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li?

  58. 14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?

    Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”

  59. 32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

    35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

  60. 12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.

    13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”

  61. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  62. 24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.

    Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.

    25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;

    sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.

    26 Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la;

    men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.

  63. 22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

    men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

  64. 16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!

    Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.

  65. 9 Sila ki bay ak men louvri va beni;

    paske li bay manje a malere.

  66. 47 “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt. 48 Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.

    “Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.

  67. 17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. 18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”