51 Bible Verses About Rest

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Rest
  1. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  2. 1 Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin rate li.

    2 Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a. 3 Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: “Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.

    4 Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: “Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”

    5 E ankò nan pasaj sa a: “Yo p ap antre nan repo Mwen.”

    6 Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz dezobeyisans yo, 7 Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan menm jan ke Li te di avan an: “Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”

    8 Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.

    9 Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a. 10 Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Bondye te fè pou zèv pa Li yo. 11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.

    12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.

    14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  3. 1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.

    2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.

  4. 30 Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.

    31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.

    32 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo.

  5. 8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.

    9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.

    11 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.

  6. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

  7. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  8. 13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:

    “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”

    14 Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.

  9. 11 “Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?

    Sòti nan vant li e mouri la menm?

    12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?

    13 Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;

    mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,

    14 ansanm ak wa ak konseye latè

    ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;

    15 oswa avèk prens ki te gen lò yo,

    ki t ap plen lakay yo ak ajan;

    16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,

    kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.

    17 La, mechan yo sispann fè laraj,

    e la moun fatige yo jwenn repo.

    18 Prizonye yo alèz ansanm.

    Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.

    19 Ni piti, ni gran yo la.

    E esklav la lib de mèt li.

  10. 12 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.

    14 “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li a.

    15 “‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò. 16 Konsa, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann. 17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’”

  11. 14 Konsa, Li te di: “Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”

  12. 9 Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè.

    Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout.

    Li brile cha yo avèk dife.

    10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.

    Mwen va leve wo pami nasyon yo.

    Mwen va leve wo sou tè a.”

    11 SENYÈ dèzame yo avèk nou.

    Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan

  13. 3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

    4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

    5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

    Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

    6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

    Ak jijman ou klere kon midi.

    7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

    Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

    Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

    8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

    Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

  14. 6 Ale kote foumi, o parese.

    Veye abitid li yo e vin saj!

    7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,

    8 konn prepare manje li nan gran sezon an

    e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.

    9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?

    Se kilè ou va leve soti nan dòmi?

    10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,

    yon ti pliye men ou yo pou repoze;

    11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,

    e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.

  15. 12 Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.

  16. 7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.

    Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.

    Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

    8 pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba,

    tankou nan jou a Massa nan dezè yo,

    9 “lè papa zansèt nou yo te pase M a leprèv.

    Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.

    10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:

    “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.

    Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”

    11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,

    “Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”

  17. 1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a. 3 Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li, 4 men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an.

  18. 12 ‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an. 13 ‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo, 14 men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou. 15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a.

  19. 8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

    paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

  20. 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

    2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

  21. 5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.

    Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.

    6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.

    Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.

    7 Reprann repo ou, O nanm mwen, paske

    Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.

    8 Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò,

    zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.

  22. 13 Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!

    Yon lyon nan plas la!”

    14 Tankou pòt la vire sou gon li,

    se konsa parese a sou kabann li.

    15 Parese a fouye men l nan plato a;

    men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.

    16 Parese a pi saj nan pwòp zye li

    pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.

  23. 3 Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou rapò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la, 4 Ke ou va pran chante sa a kont wa Babylone nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!”

  24. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  25. 21 Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.

  26. 22 Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? 23 Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite. 24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye. 25 Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m?

  27. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”

  28. 23 Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.

    24 Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?

    25 Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo? 26 Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”

    27 Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a. 28 Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”

  29. 30 Mwen te pase nan chan parese a;

    akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.

    31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,

    e kouvri ak move zèb,

    Miray an wòch la te fin kraze nèt.

    32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;

    mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.

    33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,

    yon ti pliye men pou repoze,”

    34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;

    ak bezwen tankou yon bandi ak zam.

  30. 22 “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.

  31. 10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.

  32. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.

  33. 5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan. 6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.

  34. 8 Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a,

    Ou menm avèk lach fòs Ou.

  35. 15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,

    e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.

  36. 17 Epi zèv ladwati a va lapè,

    e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans

    k ap dire jis pou tout tan.

    18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè,

    ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.

  37. 25 Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”

  38. 4 Konsa, Li te oblije pase nan Samarie.

    5 Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li. 6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.

  39. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  40. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

  41. 1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

    2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

    3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

    5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”

  42. 9 paske nou poko rive nan plas repo ak eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.

  43. 21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe bon sajès ak bon konprann.

    22 Konsa yo va lavi pou nanm ou

    ak dekorasyon pou kou ou.

    23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

    e pye ou p ap chape.

    24 Lè ou kouche ou p ap pè;

    kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

  44. 24 Men a dilijan yo va kòmande;

    men parese a va fè kòve.

  45. 4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;

    men nanm a moun dilijan an vin gra.

  46. 4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

    akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

  47. 12 Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.

  48. 18 Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann,

    e nan enpridans kay la vin koule.

  49. 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.

  50. 38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.

    39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

    41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

  51. 18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?

    19 Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz enkwayans yo.