35 Bible Verses About Planting Seeds

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Planting Seeds
  1. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  2. 1 Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a. 2 Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a. 3 Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn. 4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo. 5 Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè. 6 Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen. 7 Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo. 8 Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa. 9 Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”

  3. 18 “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an. 19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. 20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; 21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite. 22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. 23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”

  4. 4 Lè yon gran foul t ap rasanble, e sila yo ki sòti nan plizyè vil t ap vwayaje rive kote Li, Li te pale nan yon parabòl: 5 “Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo. 6 Lòt semans te tonbe nan tè plen wòch, e pandan yo t ap grandi, yo te fennen akoz ke li pa t gen dlo. 7 Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo. 8 Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.”

    Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”

    9 Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.

    10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.

    11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.

    12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.

    13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.

    14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.

    15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.

  5. 36 Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri; 37 Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.

    38 Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a chak grenn semans yo yon kò pou kont li.

  6. 6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:

    “Li te gaye toupatou.

    Li te bay a malere yo.

    Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”

    10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.

  7. 5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo

    Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.

    6 Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan.

    Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,

    akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.

  8. 5 Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak. 6 Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi. 7 Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a. 8 Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li. 9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.

  9. 6 Simen semans ou nan maten an;

    ni pa gaspiye tan nan aswè.

    Paske ou pa janm konnen si se nan maten

    oswa nan aswè semans lan ap reyisi;

    ni si se pa tou de k ap bon.

  10. 26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè. 27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”

  11. 24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi.

  12. 11 Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. 12 Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon.

  13. 22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

  14. 7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.

    9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.

    10 Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.

  15. 9 Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?

    10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.

    11 Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?

  16. 3 Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li, 4 men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an. 5 Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba.

  17. 11 Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo. 12 Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an.

  18. 18 “‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.

    19 “‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”

    20 “Men si nou ta di: ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou p ap simen, ni rasanble pwodwi nou;’ 21 alò, Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan. 22 Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a.

  19. 6 Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke ase. Nou mete rad, men yo pa kont pou evite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”

  20. 9 “Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.

  21. 35 “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.

    36 “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37 Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’

    38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”

  22. 8 Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite;

    e baton kòlè li a va detwi.

  23. 1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.

    3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.

    5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

  24. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  25. 22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

  26. 12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li. 13 Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès.

  27. 21 Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.

  28. 5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,

    se yon fis ki aji ak sajès;

    men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

    fè gwo wont.

  29. 4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

    akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

  30. 4 Sila ki veye van an p ap simen;

    ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.

  31. 23 Epi Li va bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj.

  32. 13 Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan.

    Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen.

    Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”

  33. 12 Simen a nou menm anvè ladwati,

    rekòlte selon ladousè.

    Fann tè ki poze ou a;

    se lè pou chache SENYÈ a

    jis lè Li vin vide ladwati sou nou.

    13 Nou te raboure mechanste;

    nou te rekòlte lenjistis.

    Nou te manje fwi manti a,

    akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou,

    nan fòs kantite gèrye pwisan nou yo.

  34. 15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte.

    Ou va kraze grenn oliv anba pye,

    men ou menm p ap onksyone ak lwil;

    kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.

  35. 9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye.