60 Bible Verses About Mercy

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Mercy
  1. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.

  2. 7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;

    yo va resevwa mizerikòd.

  3. 35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

    36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

    37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.

  4. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  5. 12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a. 13 Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.

  6. 19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an;

    dlo absent ak amètim ki nan kè m nan.

    20 Anverite, nanm mwen sonje yo.

    Li vin koube anndan mwen.

    21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

  7. 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la. 17 Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” 18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.

    19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.

  8. 17 “Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè. 18 Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a. 19 Fè yon cheriben nan yon pwent, e yon lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li. 20 Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.

    21 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a. 22 La Mwen va rankontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.

  9. 4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

  10. 4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

    enstwi m nan chemen Ou yo.

    5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

    Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;

    se Ou m ap tann tout lajounen.

    6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,

    Paske se yo ki la depi tan ale nèt.

    7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.

    Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,

    Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.

    8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

    pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

    9 Li dirije enb yo nan jistis, e

    Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

  11. 18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,

    ki padone inikite,

    e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?

    Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,

    akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.

    19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.

    Li va foule inikite nou yo anba pye L.

    Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.

    20 Ou va bay verite a Jacob

    ak mizerikòd a Abraham,

    tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo

    depi nan jou ansyen yo.

  12. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  13. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  14. 6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

  15. 76 Epi ou menm pitit, ou va rele

    pwofèt a Pi Wo a;

    paske ou va ale devan Senyè a,

    pou prepare chemen Li an;

    77 pou bay pèp Li a konesans a sali a,

    pou padon peche pa yo.

    78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an,

    k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.

    79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo

    ak nan lonbraj lanmò a,

    pou gide pye nou nan chemen lapè a.

  16. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

    1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

    Selon grandè a mizerikòd ou,

    efase transgresyon mwen yo.

    2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

    netwaye m de peche mwen an.

    3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

    Peche mwen yo devan m tout tan.

    4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

    e te fè mal devan zye Ou.

    Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

  17. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

  18. 8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

    9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

    lonje rive sou tout zèv Li yo.

  19. 6 Paske SENYÈ a te rele ou

    kon yon madanm abandone e atriste nan lespri,

    menm kon yon madanm nan jenès li

    lè l abandone,” di Bondye ou.

    7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou;

    men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.

    8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

    men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

    Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

  20. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”

  21. 21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”

    22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.

  22. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  23. 15 Men Ou menm, O SENYÈ,

    Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

    16 Vire vè mwen e fè m gras.

    O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,

    e fè sekou a fis a sèvant Ou a.

  24. 1 Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè a Jacques la, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.

    2 Ke mizerikòd, lapè, ak lanmou kapab ogmante anvè nou.

  25. 49 Paske Toupwisan an

    te fè gwo bagay pou mwen.

    Non Li sen.

    50 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon

    apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.

  26. 14 Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”

  27. 12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.

  28. 16 Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.

  29. 31 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm.

  30. 10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,

    ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.

    11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,

    menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.

    12 Menm jan lès lwen lwès la,

    Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.

    13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

    se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

    14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.

    Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.

  31. 13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;

    men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

    14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!

    Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.

  32. 30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”

    31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.

    32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”

    33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.

    34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

  33. 17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.

  34. 23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.

  35. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.

  36. 8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

    lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

  37. 7 Kite mechan an abandone chemen li an,

    ak pechè a, panse li yo.

    Kite li retounen kote SENYÈ a

    e Li va gen mizerikòd sou li;

    anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

  38. 9 A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li.

  39. 17 Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot a Senyè nou yo, Jésus Kri 18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.

    20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, 23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.

    24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

  40. 13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

  41. 16 Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.

  42. 10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.

    Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.

  43. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.

  44. 29 Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”

    30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

    31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.

    32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.

    33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

    36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”

    37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.

  45. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li.

  46. 11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

    12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”

  47. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

    27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a.

  48. 28 Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou benefis a zansèt yo. 29 Paske kado ak apèl Bondye pa revokab. 30 Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo, 31 konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou. 32 Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.

  49. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.

  50. 4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.

    O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!

    5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.

    Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.

    6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.

    Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.

  51. 2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen

    chagren anpil.

    Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,

  52. 16 Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;

    Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.

    17  Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,

    paske mwen nan gwo pwoblèm.

    Reponn mwen vit.

    18 Rale nanm mwen pre. Rachte l!

    Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!

    19 Ou konnen repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.

    Tout advèsè mwen yo devan Ou.

    20 Repwòch fin kraze kè m.

    Mwen vin ba nèt.

    Mwen te chache pitye, men pa t genyen;

    kondoleyans, men nanpwen.

    21 Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.

  53. 2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm

    e mwen kanpe etone nèt.

    O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo.

    Fè yo vin koni nan mitan ane yo.

    Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.

  54. 13 Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.

    14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.

  55. 13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou,

    Ou te mennen pèp ke Ou te ransone a.

    Nan pwisans Ou an,

    Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.

  56. 1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,

    avèk siplikasyon mwen yo.

    2 Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m,

    pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.

  57. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

    2 SENYÈ, koute vwa mwen!

    Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.

    3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,

    O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?

    4 Men avèk Ou menm, gen padon,

    pou moun ta gen reverans Ou.

  58. 10 “Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo,

    epi wa pa yo va fè sèvis pa yo.

    Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou

    e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.

  59. 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

  60. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.