67 Bible Verses About Forgiveness of Sins
Bib Sen An (BSA)
-
9 Pou tout sa, priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
10 Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
11 Bay nou pou jou sa a pen
ke nou bezwen an,
12 Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
-
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
-
7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
-
Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon
1 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,
pou peche li ki kouvri a!
2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,
e nan lespri a sila ki pa gen manti a.
3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen,
kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
4 Paske lajounen kon lannwit,
men Ou te lou sou mwen.
Fòs mwen te epwize vin bese
tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan
5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
-
3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”
5 Alò, apòt yo te di: “Senyè, fè nou gen plis lafwa!”
-
33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
-
37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
-
8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
9 Li p ap toujou goumen ak nou,
ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,
ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,
menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
12 Menm jan lès lwen lwès la,
Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.
Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.
-
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
-
16 Lave nou pou nou vin pwòp;
retire zak malonèt nou yo devan zye M.
Sispann fè mechanste.
17 Aprann fè sa ki bon;
chache lajistis,
fè sekou oprime yo,
defann òfelen yo,
plede ka a vèv la.
18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:
“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;
malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
19 Si nou vin dakò e obeyi,
nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
20 men si nou refize, e fè rebèl,
nou va devore pa nepe.”
Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
-
18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.
Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
20 Ou va bay verite a Jacob
ak mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.
-
21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.
28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
-
25 Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo,
pou koz Mwen;
e Mwen p ap sonje peche ou yo.
26 Mete M nan memwa ou.
Annou diskite ka nou ansanm.
Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
-
6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
7 Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
-
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa.
-
19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè,
-
38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39 Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
-
10 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la
apre jou sa yo, di Senyè a:
Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,
e Mwen va ekri yo nan kè yo.
Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
11 Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo
ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,
paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan
pi piti jiska pi gran nan yo.
12 Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo
e Mwen p ap sonje peche yo ankò.
-
3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,
O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
4 Men avèk Ou menm, gen padon,
pou moun ta gen reverans Ou.
-
9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;
men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
-
2 Li te di yo: “Lè n ap priye, di:
‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
Ke wayòm Ou kapab vini.
Ke volonte ou kapab fèt sou latè a,
menm jan kon nan syèl la.
3 Bannou chak jou pen nou pou jounen an.
4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou
menm osi padone tout sila ki dwe nou.
Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
-
1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
-
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
-
16 “Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo
apre jou sa yo, di Senyè a;
Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo,
e nan panse yo, Mwen va ekri yo.”
Li di answit:
17 “Epi peche ak inikite yo,
Mwen p ap sonje yo ankò.”
18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
-
14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
-
9 A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li.
-
43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
-
17 “Men koulye a, mwen priye, pou pwisans a SENYÈ a vin gwo, jis jan ke Ou te deklare a, 18 ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’
19 “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”
20 Konsa, SENYÈ a te di: “Mwen te padone yo, jan ou te mande a; 21 men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a. 22 Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M. 23 Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l.
-
5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.
6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
8 Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore. 9 Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”
-
5 Paske Ou menm, Senyè a,
Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,
ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila
ki rele sou non Ou yo.
-
4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.
5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
-
59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
-
20 Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.
21 Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: “Ki moun sa k ap blasfeme konsa? Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”
-
11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
-
10 “Alò, pou ou, fis a lòm, pale ak lakay Israël: ‘Pale konsa e di: “Anverite, transgresyon nou yo ak peche nou yo, sou nou, e nou ap pouri ladan yo. Donk kòman nou ka viv?”’ 11 Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’
12 “Epi ou menm, fis a lòm, di a sitwayen parèy ou yo: ‘Ladwati a yon nonm dwat p ap ka delivre li nan jou transgresyon li. E mechanste a mechan an, li p ap tonbe akoz li, si li vire kite mechanste a. Ni yon nonm dwati p ap ka viv sou ladwati li nan jou ke li vin fè peche a.’ 13 Lè Mwen di a nonm dwat la ke, anverite, li va viv la, e li tèlman kwè nan ladwati li pou li komèt inikite, okenn nan zèv dwat li yo p ap vin sonje; men nan menm inikite sa ke li te fè a, li va mouri. 14 Men lè Mwen di a mechan an: “Anverite, ou va mouri,” e li vire kite peche li, pou vin pratike lajistis ak ladwati, 15 si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri. 16 Okenn nan peche ke li te komèt yo p ap vin sonje kont li. Li pratike lajistis ak ladwati. Anverite, li va viv.
-
17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
“Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.
-
46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
-
15 “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’
“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; 17 k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, 18 pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
-
23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
-
22 Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.
-
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
efase transgresyon mwen yo.
2 Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.
Peche mwen yo devan m tout tan.
4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
-
1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.
3 Youn te rele a yon lòt epi te di:
“Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;
tout latè plen ak glwa Li.”
4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”
-
7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;
yo va resevwa mizerikòd.
-
21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
-
2 Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”
4 Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? 5 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? 6 Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
-
12 “Kisa nou panse? Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a? 13 Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.
14 “Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi.
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
-
47 “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”
48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.
-
29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.
-
8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
16 Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.
-
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
-
12 M ap ekri nou, timoun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li.
-
13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”
Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.
-
12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.
-
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
-
18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo.
-
6 Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a. 7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. 8 Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. 9 Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.
-
10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.
-
29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
Shows Read in context, Share and Copy.