58 Bible Verses About Patience and Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Patience and Love
  1. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  2. 7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.

    9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.

    10 Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.

  3. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

    6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo.

  4. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

  5. 1 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.

    2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

    5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

  6. 8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

    10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.

    11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.

    14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot. 15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a,

  7. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

  8. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.

  9. 1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.

  10. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

  11. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.

    26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

  12. 5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

    Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

    6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

    Ak jijman ou klere kon midi.

    7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

    Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

    Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

    8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

    Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

    9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,

    men sila k ap tann SENYÈ yo,

    va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

    10 Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt.

    Ou va chache avèk atansyon plas li,

    men li p ap egziste.

    11 Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a.

    Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.

    12 Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo.

    Li manje dan l sou li.

    13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.

  13. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

  14. 36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.

    37 “Paske nan yon tan ki kout,

    Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.

  15. 19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.

  16. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.

    Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

    2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,

    sòti deyò gwo ma ajil la.

    Li te mete pye m sou wòch la e

    te fè m kanpe byen fèm.

  17. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

    3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

    4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.

  18. 2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.

  19. 29 Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann;

    men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.

  20. 14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.

  21. 18 Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli;

    men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.

  22. 15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.

  23. 5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.

  24. 6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a;

  25. 1 Paul, Silvain ak Timothée, a legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2 Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.

    3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.

  26. 10 Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans 11 pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.

  27. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

  28. 25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

    a moun ki chache Li a.

    26 Se bon pou yon nonm gen espwa,

    e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.

    27 Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.

  29. 19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.

    20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

    22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

  30. 5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

    8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri.

  31. 20 Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lanmou li te gen pou li.

  32. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”

  33. 13 Mwen toujou gen konfyans sa a:

    ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.

    14 Tann SENYÈ a.

    Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.

    Wi, tann SENYÈ a.

  34. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  35. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.

  36. 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.

    3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.

  37. 9 Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.

  38. 12 Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.

    13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:

    “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”

  39. 32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;

    e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila k ap kaptire yon gran vil.

  40. 19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.

  41. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  42. 3 Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. 4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès 5 nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou 6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vre lanmou an

  43. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.

  44. 11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.

  45. 10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.

  46. 9 Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande. 10 Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.

  47. 8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

    lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

  48. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  49. 15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.

  50. 18  ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’

  51. 15 Men Ou menm, O SENYÈ,

    Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

  52. 15 Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade;

    se yon lang dous ki kase zo.

  53. 42 “Pou sa,

  54. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  55. 14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  56. 2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.

  57. 24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,

  58. 19 Mwen konnen zèv nou yo, lanmou nou, lafwa, sèvis, ak pèseverans, e ke zèv nou dènye tan sa yo pi gran pase avan yo.