76 Bible Verses About God's Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Love
  1. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

    9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

    11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

    12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.

    13 Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.

  2. 14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

    16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  3. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

    6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  4. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  5. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

    9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.

    11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  6. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  7. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.

  8. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9 Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  9. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  10. 14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.

    15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.

    16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

  11. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

    43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  12. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

    2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

  13. 11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

    ni rayi repwòch Li,

    12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

    jis tankou yon papa konn korije

    fis nan sila li pran plezi a.

  14. 21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”

  15. 23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.

  16. 15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”

    Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

    16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

    17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

    E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

    Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”

  17. 3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li:

  18. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  19. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  20. 3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

    4 Akoz ou presye nan zye M,

    akoz ou gen gran valè

    e Mwen renmen ou,

    Mwen va bay lòt moun nan plas ou

    e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

    5 Pa pè, paske Mwen avèk ou;

    Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès

    e ranmase ou nan lwès.

  21. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. 18 Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwòch yo ye pou ou. 19 Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè. 20 Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.

  22. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

  23. 1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

  24. 3 SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:

    “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.

    Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.

  25. 27 Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a.

  26. 15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

    pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

    Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.

    16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.

    Miray ou yo devan Mwen tout tan.

  27. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  28. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

    “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

    ni vin febli lè nou korije pa Li;

    6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

  29. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.

  30. 9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,

  31. 1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;

    epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.

    2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.

    Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo,

    e brile lansan bay zidòl yo.

    3 Malgre sa, se te Mwen

    ki te montre Éphraïm jan pou l mache.

    Nan bra M, Mwen te pran yo;

    men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

    4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,

    ak lyann lanmou.

    Konsa, Mwen te vini pou yo

    kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.

    Mwen te bese mete manje devan yo.

  32. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

  33. 22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.

    25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.

  34. 4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

  35. 10 Paske mòn yo kapab deplase,

    e kolin yo ka disparèt,

    men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.

    Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”

    di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.

  36. 23 Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.

  37. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  38. 1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.

    2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

    4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou.

  39. 20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.

  40. 6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

  41. 5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,

    fidelite Ou nan syèl la.

    6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,

    ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.

    O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.

    7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!

    Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.

  42. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  43. 15 Men Ou menm, O SENYÈ,

    Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

  44. 16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”

  45. 26 E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lanmou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”

  46. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

    16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.

  47. 1 Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: 2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.

    3 “Ou pa pou gen lòt dye devan M.

    4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.

    5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.

  48. 8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

    lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

  49. 20 Anverite, nanm mwen sonje yo.

    Li vin koube anndan mwen.

    21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

    25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

    a moun ki chache Li a.

  50. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.

  51. 7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.

  52. 10 Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. 11 Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, 12 Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”. 13 Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.

  53. 14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

  54. 5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.

  55. 26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  56. 2 “Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a.

    Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?”

    “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen; 3 men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.”

  57. 9 Nou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Dye jalou, ki vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 10 men ki montre lanmou dous a anpil milye, a sila ki renmen Mwen yo e ki kenbe kòmandman Mwen yo.

  58. 17 Alò, mwen te manke gen lapè;

    men Ou menm ki te kenbe nanm mwen,

    pou l pa antre nan fòs gwo abim nan,

    Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.

  59. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  60. 9 Nan tout afliksyon yo, Li te aflije

    e zanj a prezans Li an te sove yo.

    Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,

    Li te rachte yo.

    Li te leve yo, e te pote yo

    pandan tout ansyen jou yo.

  61. 31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:

    “Mwen va mete lalwa M anndan yo

    e sou kè yo Mwen va ekri l;

    epi Mwen va Bondye yo,

    e yo va pèp Mwen.

    34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,

    e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’

    paske yo tout va konnen Mwen,

    soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”

    deklare SENYÈ a,

    “paske Mwen va padone inikite yo,

    e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”

    35 SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen

    e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè,

    ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde—

    SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:

  62. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  63. 9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.

    10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.

    “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.

    11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.

    12 “Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo. 13 Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.

    14 “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen. 15 Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.

    16 “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.

    17 “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. 18 Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”

  64. 11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.

  65. 16 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la

  66. 5 e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.

    A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—

  67. 5 Li renmen ladwati avèk jistis.

    Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.

  68. 28 Paske SENYÈ a renmen jistis,

    e li pa abandone fidèl li yo.

    Yo prezève pou tout tan,

    men mechan yo va vin koupe retire nèt.

  69. 26 Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.

    Sove mwen selon lanmou dous Ou a.

  70. 8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

    men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

    Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

  71. 8 Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis;

    Mwen rayi vòl ak malfezans.

    Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,

    e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.

  72. 13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

  73. 5 Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”

  74. 10 Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li. 11 Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

  75. 21 Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, 22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

  76. 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la.