54 Bible Verses About Kindness

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Kindness
  1. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

  2. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  3. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

    29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.

    30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.

    31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

    32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

    35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

    36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

  4. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  5. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.

  6. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  7. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

    3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

    4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

  8. 5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

    8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.

    10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.

  9. 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans?

  10. 8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

    men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

    Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

  11. 16 Yon fanm ak gras twouve onè;

    e mesye san prensip yo twouve richès.

    17 Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li;

    men yon nonm mechan fè tèt li mal.

  12. 2 Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.

  13. 9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.

    Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò,

    konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,

    ni ke Mwen p ap repwoche nou.

    10 Paske mòn yo kapab deplase,

    e kolin yo ka disparèt,

    men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.

    Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”

    di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.

  14. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  15. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  16. 1 Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?”

  17. 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’

  18. 22 Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.

  19. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

  20. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

  21. 21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a

    jwenn lavi, ladwati ak lonè.

  22. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.

  23. 7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,

    O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.

  24. 22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

  25. 2 Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a. 3 Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”

  26. 40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

    43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  27. 24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

    ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

    ke Mwen se SENYÈ a,

    ki aji nan lanmou dous, jistis,

    ak ladwati sou latè a;

    paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

  28. 12 Mwen va detwi pye rezen li yo

    ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di:

    ‘Sa yo se salè mwen,

    ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’

    Mwen va fè yo tounen yon rakbwa,

    e bèt chan va devore yo.

    13 Mwen va pini li pou jou Baal yo,

    kote li te brile lansan an,

    lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo,

    pou l swiv moun ki renmen li yo,

    epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.

    14 Pou sa, gade byen,

    Mwen va atire li mennen li

    antre nan dezè a pou pale dous avèk li.

    15 Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo,

    ak Vale Akò a kon yon pòt espwa.

    Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo,

    tankou nan jou lè l te vin monte

    soti nan peyi Égypte la.

    16 Li va vin rive nan jou sa a”,

    deklare SENYÈ a,

    “ke ou va rele Mwen: ‘Mari mwen’

    e ou p ap rele M ankò: ‘Mèt mwen’.

    17 Paske Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li,

    pou yo pa nonmen pa non yo ankò.

    18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò

    pou yo ak bèt chan yo,

    zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.

    Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a,

    e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.

    19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.

    Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,

    nan lanmou dous ak konpasyon.

    20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.

    Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.

  29. 7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;

    yo va resevwa mizerikòd.

  30. 6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

  31. 6 Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”

    Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”

    7 David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”

  32. 22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.

    Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.

  33. 26 Li ouvri bouch li avèk sajès

    e enstriksyon ladousè sou lang li.

  34. 12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,

    “retounen kote Mwen ak tout kè nou;

    avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”

    13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

  35. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”

  36. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

  37. 4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.

    5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.

  38. 18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”

    19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

  39. 2 Paske lanmou dous Li a gran anvè nou.

    Verite SENYÈ a dire jis pou tout tan.

    Beni SENYÈ a!

  40. 1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.

    2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.

  41. 12 Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.

  42. 21 Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.

  43. 6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.

  44. 76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen,

    Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.

  45. 31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.

    32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;

    alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.

    33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,

    oswa pou atriste fis a lòm yo.

  46. 18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,

    ki padone inikite,

    e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?

    Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,

    akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.

  47. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

  48. 14 Sèlman, sonje mwen lè li ale byen avèk ou, e souple, fè m gras e nonmen non mwen a Farawon pou fè m soti nan kay sa a.

  49. 18  ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’

    19  “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”

  50. 14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. 16 Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”

  51. 8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

    lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

  52. 25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

    men yon bon pawòl fè l leve.

  53. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

  54. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.

    24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.