42 Bible Verses About Blessings
Bib Sen An (BSA)
-
1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.
-
1 “Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo.
2 “Tout benediksyon sila yo va vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an. 3 Nou va beni nan vil, e beni andeyò. 4 Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo. 5 Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an. 6 Beni lè nou antre, epi beni lè nou sòti.
7 “SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon.
8 “SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an.
9 “SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo. 10 Konsa, tout pèp sou latè yo va wè ke nou rele pa non SENYÈ a, e yo va pè nou. 11 “SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.
12 “SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete.
-
22 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 23 Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo:
24 SENYÈ a beni nou e kenbe nou;
25 SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou;
epi fè gras anvè nou;
26 SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou,
e bannou lapè.’
27 Se konsa yo va rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.
-
14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.
-
3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li,
-
29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”
-
8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an.
-
7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,
ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.
Li p ap twouble nan ane sechrès la,
ni sispann bay fwi.
-
3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
4 “Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni, 5 akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”
-
15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. 20 Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.
-
Liv I
1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
12 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
-
12 “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo. 13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou. 14 Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.
15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.
-
8 O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri.
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki soutni men dwat Ou,
ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,
nou menm mesye Israël yo.
Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.
“Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
-
16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
19 E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,
e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;
men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon?
-
27 Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan ke SENYÈ a te beni.
28 Koulye a, ke Bondye kapab ba ou
lawouze syèl la, ak grès tè a,
anpil sereyal chan avèk diven nèf.
29 Ke anpil pèp vin sèvi ou,
e ke nasyon yo bese devan ou.
Vin mèt sou frè ou yo,
e lese fis a manman ou yo
vin bese a ou menm.
Modi va sila ki modi ou yo.
Beni va sila ki beni ou yo.”
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
-
30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
7 Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan,
l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
8 Pi bon se piti ak ladwati
pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
9 Panse a lòm fè plan pou wout li;
men SENYÈ a dirije pa li yo.
10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;
bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
-
20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21 Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
-
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
39 Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?
40 “Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.
-
25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou. 26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
-
12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
-
ALÈPH.
1 A la beni se sila ak chemen ki san fot yo,
ki mache nan lalwa SENYÈ a.
2 A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo,
Ki chache Li ak tout kè yo.
3 Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
-
27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
-
24 men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò;
depi nan men Toupwisan Jacob la
(depi la se Bèje a, Wòch Israël la),
25 Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an;
Toupwisan an ki beni ou avèk
benediksyon anwo nan syèl la,
benediksyon ki sòti nan fon ki anba a,
e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
-
6 “Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou. 7 Men nou va kouri dèyè lènmi nou yo, e yo va tonbe devan nou pa nepe. 8 Senk nan nou va chase yon santèn, san nan nou va chase di-mil, e lènmi nou yo va tonbe devan nou pa nepe.
9 “Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi. Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou. 10 Nou va manje nan ansyen depo a, e nou va netwaye ansyen an akoz nèf la. 11 Anplis, Mwen va fè domisil Mwen pami nou, e nanm Mwen p ap rejte nou. 12 Mwen va osi mache pami nou, Mwen va Bondye nou, e nou va pèp Mwen. 13 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou nou pa t esklav pa yo. Mwen te kase fè esklavaj nou an, e Mwen te fè nou mache kanpe dwat.
-
15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. 16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, 18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
-
16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la?
-
10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
-
22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
-
22 “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.
-
40 Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.”
-
26 “Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; 27 Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; 28 epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.
-
4 Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede) 5 si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a.
-
9 Beni se sila yo ki fè lapè;
yo va rele yo fis Bondye.
Shows Read in context, Share and Copy.