69 Bible Verses About Contentment
Bib Sen An (BSA)
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la. 14 Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an.
-
5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.
“Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
7 “De bagay m te mande ou yo;
pa refize m yo avan m mouri:
8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
-
13 Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
14 Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
-
14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?
Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
10 Mwen te wè tach ke Bondye te bay a fis a lòm yo, avèk sila yo okipe tèt yo. 11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen. 12 Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a. 13 Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye. 14 Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta gen lakrent Li. 15 Sa ki egziste, te la deja e sa ki va ye, te ye deja. Konsa, Bondye chache jwenn sa ki fin pase.
-
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
-
32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
20 Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la. 21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l.
-
8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
16 Pi bon se ti kras a moun dwat yo,
pase abondans anpil a mechan yo.
-
23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
-
7 Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè. 8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo? 9 Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van. 10 Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l. 11 Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm? 12 Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?
-
8 Pi bon se piti ak ladwati
pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
-
10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.
-
17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li. 6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans.
Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,
ni nan sa ki twò wo pou mwen.
-
23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. 24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt. 25 Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. 26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo. 27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.
28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.
-
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
-
14 Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li;
men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
-
16 Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,
pase yon bèf gra ak rayisman.
-
18 Konsa, mwen te rayi tout fwi a travay mwen yo, pou sila mwen te fè efò anba solèy la; paske mwen ap oblije kite li bay nonm nan k ap swiv mwen an. 19 Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.
20 Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la. 21 Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal. 22 Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? 23 Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite. 24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye. 25 Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m? 26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
-
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
-
17 Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
31 Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.
32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an. 33 Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè. 34 Konsa, non a kote sa a te rele Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.
-
4 Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
-
1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande.
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
-
7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
-
6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
-
6 Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;
yo va satisfè.
-
24 Frè m yo chak moun dwe rete avèk Bondye nan menm eta ke li te resevwa apèl la.
-
4 Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? 5 Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay; 6 men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”
-
13 Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo.
Yo pa t tann konsèy Li,
14 men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan,
e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.
15 Pou sa, Li te ba yo sa yo te mande a,
men te voye yon maladi epwizan pami yo.
-
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
-
34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.
-
8 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’
-
10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
-
16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
-
8 O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
-
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
-
Yon Sòm David
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm bliye benefis Li yo,
3 ki padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
-
24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.
Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
-
13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;
men lè kè a tris, lespri a vin brize.
-
30 Zye klè fè kè kontan;
bòn nouvèl konn mete grès sou zo.
-
1 Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè
pase yon kay ak gwo manje nan konfli.
-
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
-
20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
-
25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
-
15 Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.
-
7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a. 8 Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou. 9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.
-
20 Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
-
26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
-
7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.
-
5 Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?
-
8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
Shows Read in context, Share and Copy.